Nou pale anpil de manje nou ka manje pou ki ede cheve nou pouse. Jodi a, nou pral fe yon pale de kek manje ke nou pa oblije retire nan sa nou manje net ale men si nou redui yo, bel ti cheve nou yo ap di nou mèsi.
Premye bagay nou ta dwe konsome mwens si nou vle cheve nou grandi se sik. Pwoteyin se youn nan bagay ki enpotan anpil pou ki pemet cheve nou grandi epoutan sik diminye nan kantite pwoteyin ou absobe nan kow. Vitamin E se youn nan bagay ki enpotan pou nou gen bel cheve ki ansante. Epoutan, sik redui vitamin E nan sistem ou. Depi w gen mwens pwoteyin ak mwens vitamin E, cheve w ap mwens ansante epi li pap lonje menmjan an.
Dezyem bagay ki fe cheve pa grandi se sèl. Le w konsome twop sel, sodyom ki ladan an fe cheve w rache. Yon moun pa ta dwe konsome plis pase 2300 mg sel chak jou e si moun nan soufri tansyon, sik oswa li gen plis pase 51nan, li dwe konsome mwens toujou.
Twazyem bagay ki fe cheve vini mwens oswa pa pouse anko se fekilan, manje ki se premye sous kaboidrat pou ko nou tankou pomdetè, diri, pen, pate, espageti ak tout sa ki fet ak farin oswa ki gen farin ladan yo. Manje sa yo transfome an sik nan kow e yo ka fe cheve w fen se sak fe fok ou manje yo ak anpil moderasyon
Katriyèm bagay nou ta dwe redui doz nou konsome ladan si nou vle cheve nou bel, ansante epi long se bwason gazez tankou koka, kola, limonad, fanta, elatriye. Yo plen sik atifisyel, siwo mayi, koloran chimik ki fè cheve w yo sèk. E menmle w bwe dlo, si wap pede konsome bagay sa yo, se lave men siye atè. Cheve w ap pedi idratasyon.
Senkyèm bagay ki ka fè cheve w pa grandi se alkol. Wi, alkol! Le w bwe alkol souvan, li redui asid folik, zen, vitamin C ak vitamin B ki nan kow. Depi vitamin sa yo redui, sa w tande a la cheve w ap febli, pret pou kase epi difisil pou grandi.
ATANSYON!!! Nou pa di w pa konsome pwodui sa yo ditou non! Nou diw pran yo ak anpil MODERASYON si w vle bèl ti cheve w yo kontinye grandi.
ACE/Afro Alice
Sous Rechèch la: Atik Kristian Richards ekri an anglè, 17 Fevriye 2014 sou NC Fowom.
I wish your info was in French or English
Thanks ,
You will have the Englishversion tonight
J ‘ adore les articles. Ces informations sont si instructives. J’ai deja commence a les mettre en pratique. J’ai des cheveux tres secs et avec vos conseils, la difference est etonnante. Mes cheveux restent hydrates et sont brillants. Merci.
Peut on avoir ces articles en français ou anglais pleaseeeeeee. Je comprends certaines choses mais pas tout. Lol!
Merci encore a toute l’equipe.
Pingback: Ti Koze ak Afro Alice – Kèk Pwoblèm Kominote Natirèl la ap Rankontre | Afro Alice