Poukisa’w pa fè spó?

Aprè entèvyou semèn pase a avèk yon moun ki non sèlman on doktè men ki fè on eksperyans trè rich nan koze fitness, mwen te jwenn anpil moun ki motive ak tout sa ki te pale a e ki te vrèman anvi pran on desizyon pou chanje. Youn nan yo , bon zanmi’m Michel vin di’m ke atik la motive’l e li ta renmen kómanse ak rejim li e fè spó men kóm li fèk depanse nan machin li a koz de on aksidan, li ap pran on ti tan pou’l rasanble on bèl kach pou sa. Nan rès konvèsasyon an, li exksplike’m ke li konn rejim koute chè epi fók li retounen nan gym etc. Sa vin fè’m realize ke anpil nan nou se pa konsyan nou pa konsyan de enpótans fitness la oubyen nou pa ta vle gen on pi bèl kó(gen vant plat, pran ti pwa, boule grès etc) men gen de ide ki chita nan tèt nou ki kreye on gro andikap. Mpral eseye di nou sa’m panse de sa’m tande pi souvan yo daprè eksperyans pa’m.

  • Rejim koute chè

M gen yon zanmi’m ki toujou ap di’m ke’l pa t’ap janm met $60 nan on gym paske ‘l trouve l chè. Semèn pase a li tonbe sou on telefón S5 tou nèf pou 340 dola, se pa de kontan’l te kontan lè’l te fin achte’l. Se pou’n ka konprann ke chè se on bagay ki relatif e sa gen rapó dirèk avèk priyorite nou chak. Daprè eksperyans pa’m, lè w’ap fè rejim sa ka rive ke’w depanse plis kób si’w pat konn manje ase men gen anpil nan sa’w te konn manje ou bwè avan ke’w pral ranplase pa de lót bagay ki ap fè’w kó’w pi byen.( pa egzanp ji natirèl ak frui nan plas bwason gazez).

An plis si n’ap pale de chè, fók nou konsyan ke depans nou pè fè kounye a nan manje byen gen pou’l fèt kanmenm paske lè laj kómanse antre, maladi kómanse atake’w tout tan, non sèlman ou pral depanse anpil  kay doktè e lè’l fin preskri’w kèk medikaman pou ede’w amelyore, li pral mande’w kisa’w manje, èske’w fè ti egzèsis fizik tout tan ? Dè fwa li konn tró ta paske maladi sa konn prèske fini avèk ou.

  • Pa gen tan(ou kób) pou al enskri nan gym

Gen anpil rezon ki ka fè on moun vle enskri nan on gym, mwen konn moun ki ale chak jou ki gen program yo y’ap suiv e ki gen objektif yo bezwen atenn menm jan tou m konn lót moun ki jis ale pou sosyalize , mete anbyans ou jis pase on tan rilaks nan apremidi. Menm jan tou gen moun ki fè rechèch, ki ap suiv program e fè egzèsis anndan lakay yo ki jwenn bon rezilta, dè fwa ki konn fè eksperyans pi pozitif ke anpil moun ki peye gym.

Aló se pa on kesyon de ale on kote ni depanse kób ou pou fè spó menm si gen moun ki fè’l paske yo gen yon group moun ki antrene avèk yo ki motive yo anpil, se plis konnen kisa’w vle, konn kijan’w ka atenn objektif ou epi pran desizyon ki ale ak stil de vi’w. Si’w pa gen tan, on trainer avize ka propoze’w on program 20 a 30 minit pa jou ki kapab fè on gro diferans.

  • Mwen santi’m spesyal jan’m ye a,mwen pa bezwen “defóme” kó’m

Mwen te trè etone premye fwa on moun ban’m fraz sa kóm on rezon ke‘l pa fè spó men aprè ke m jwenn plizyè moun(sitou fi) ki di’m sa, mwen te fon chita reflechi e gade ki lojik ki dèyè fraz sa e’m te fini pa wè ke se pa sèlman on fraz san sans li ye men majorite moun sa yo se tèt yo y’ap bay manti e eseye jwenn on filozofi pou yo ka alèz nan parès yo. Kèlke swa sa w’ap fè nan lavi a, la santé ak on bèl kó pap janm deranje pèsón e l’ap ede’w nan renmen tèt ou plis e viv pi byen ak antouraj ou.

 

Gen anpil lót ekskiz toujou tankou moun ki pa ka fè spó poukont yo ki toujou di ke fók yo gon moun ki pou ale ak yo, fi ki konn di ke yo pa vle gen kó gason, moun ki di ke yo pa janm malad aló yo panse yo gen bon santé(san yo pa vizite on medsen pou yo konfime sa e ki gendwa ap detwi kó’l chak jou ak move abitid), genyen sa’k di’w YOLO, lavi a tró kout pou y’ap met strès ki pa nesesè nan lavi yo e mwen menm jwenn ki jis admèt ke se parès.

Nan mond lan gen 2 sót de moun, moun ki pran swen tèt yo ak lót yo. E gen on sèl bagay ki fè diferans ant yo 2 a se ke gen youn ki deside aji e gen lót ki jwenn ekskiz chak jou lè yo pa vle fè on bagay. Aló oumenm ki pap fè spó e ki pa vrèman veye sa w’ap manje, mande tèt ou ki rezon ke’w pa fè sa e gade byen si li valab oubyen si’w fè pati de dezyèm kategori moun ki pap fè efó, menm si o fon yo konnen l’ap bon pou yo paske se youn nan bagay ke lajan konn pa ka fè anyen pou ou lè tró ta bare’w.

 

 

Yves Marcelin Borno

5 Comments

  1. Mwn ta renmen gen yon motivasyon men mwn pa kapab koz dè fwa mwn santim ront tet mwn bagay pwa sa banm problem nan fwayem, mwn telman ta anvi gen konfyans nan tet mwn men santim gen yon lot problem.

    • Fók ou fè premye pa a.Pran desizyon an.Si se nan gym ou vle ale, jis al peye gym lan san’w pa gen rezon ni chèche moun pou ale avèk ou.Li toujou bon pou’w sosyalize nan gym lan e si posib fè team ak dè moun ki gen menm objektif avek ou.Ou pa gen pou’w wont,o kontrè, mwen trouve ke sa mande on gro karaktè pou’w dakó ke’w bezwen amelyorasyon nan on pati nan lavi’w e kómanse poze aksyon pou sa chanje.Lèw pran desizyon an,w’ap sezi wè w pa wont paske menm moun ki pa konnen’w ap sipóte’w, ap ankouraje’w,ap motive’w.Eseye fè premye pa epi w’ap bay tèt ou chans pou’w fè on trè bèl eksperyans.Ou pa poukont ou.

  2. Mwen al kouri chak matin a 5:30 hrs…..avan mwen fe tout bagay mwen pa peye gym mwen gen yon objectif poum vinn a 150 lbs kounya mwen 190…… e mwen pa manje nempot manje mwen nouri kom plis ak legim e fruits, mwen te konn santim toujou fatige lontan kounya mwen santim bien e cheve m grandi ampil, fè sport ak bien manje bon pou kò nou, sa mande ampil efò men depi w pran desisyon w wap fel.

Please share your opinion/advice/comment with us

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s