Kesyon yo poze nou souvan – Mwen anvi retounen natirèl, sa pou m fè?

Felisitasyon paske w gen anvi retounen natirèl!

nat ou rex

 

Men de bagay ki enpotan pouwou anvan w pran desizyon sa a!

Premye bagay pou w detemine se rezon ki fè w vle retounen natirel. Poukisa w vle fe chwa sa? Eske se paske ou fe chit? Eske se paske li alamod? Eske se paske ou gen chanpiyon oswa bouton nan tet? Eske se pou w ka depanse mwens? Eske se paske w vle aksepte sa ki pou wou? Eske se pou w fe yon zanmi w oswa yon moun ou konnen plezi? Eske se pou w chanje louk? Asire w ou chwazi retounen natirel pou WOU, paske OU kwe ladan. Pa fel paske yo ba w presyon oswa paske w vle fe moun plezi oswa paske li alamod. Wap rive nan wout, wap kanpe!

Dezyem bagay la se konnen eske wap koupe cheve a (sa yo rele big chop la: koupe tout cheve pemanant lan epi kite repous cheve w ki natirel yo pouse) oswa eske w ap kitel (sa vle di wap fe tranzisyon: jere de teksti cheve yo pandan repous cheve w ki natirel ap pouse epi koupe pwent pemanant yo tanzantan oswa yon sel kou apre cheve a fin rive nan longe w vle a). Pou w kapab byen konnen ki chwa wap fe, ann egzamine kek avantaj ak dezavantaj chak opsyon sa yo genyen:

1- Koupe cheve a: Si w se yon moun ki enpasyan ki pa two abil ak penyen cheve w oswa ki pa gen tan pou sa, opsyon sa ka pi fasil pouwou.

Avantaj: a- Ou aprann konnen cheve w imedyatman

b- Cheve w pouse pi vit

c- Ou pa gen twop traka pou w fe stil oswa penyen tet ou

d- Ou gen yon nouvo louk

e- Ou pa depanse twop nan pwodui

Enkonvenyan: a- Ou ka santi w malalez ak cheve w konsa parapo ak ni wou ni moun nan antouraj ou

b- W pa gen twop penyen w ka fe sitou si afro w tou piti

2- Fe transizyon: Si w se yon moun ki gen pasyans, ki vesatil ak cheve w, ki ka kenbe penyen ki mande pou w pa manipile cheve a twop, ou pe koupe cheve w ba e w ka jere de teksti cheve, opsyon sa ap fasil pouwou.

Avantaj: a- Ou ka komanse fe yon pil penyen tankou de dwet dewoule, ti kouri ak anpil lot stil anko

b- Cheve w rive grandi yon bon longe anvan w koupe pwent pemanant yo

Dezavantaj: a- Fok ou jere de teksti ki pa menm sa vle di pati ki gen pemanant lan ak pati repous natirel la

b- Ou ka gen cheve kap rache oswa kase akoz de teksti yo

c- Si w pa gen pasyans, ou ka jwenn gwo tantasyon pou w retounen met pemanant le cheve a mare nan men w

Gen moun ki twouve koupe a pi bon pou yo, gen lot ki twouve fe transizyon an se pi bon opsyon an. Chwa a se nan men w li chita.

Nou pa ka ret tann pou nou rewe w natirel

2 Comments

Please share your opinion/advice/comment with us

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s