Krèm pou penyen epi Ekran pou Solèy pou Cheve – Salerm 21 Leave-In Conditioner Silk Protein

Prentan gentan la e ete a pa lwen.  Li fè bon kidonk nou tout anvi mache, al nan lanme epi pran bon ti van deyo a. Lè konsa soley la cho, se sak fe Salerm 21 Leave-In Conditioner Silk Protein se yon bon krèm pou penyen le konsa.

b000tfadxa-01-a39fxlltvedso-_sx420_sclzzzzzzz_v190537179___33519_zoom

Sa moun ki fe pwodui a di sou li:  Ou ka itilize l pou w idrate cheve a, pou w fe tretman pou li epi li pwoteje cheve w kont klorin (klorox yo mete nan dlo pisin yo), soley ak dlo lanmè.

Sa mwen panse de li lè mwen fin itilize l: Pwodui a bon anpil.  Mwen itilize l chak jou pou m pwoteje cheve m kont fredi ak soley. Li fe cheve a maleyab, klere epi soup anba menm.  Mwen gen cheve ki sek anpil epoutan krem sa rive kenbe yo idrate pandan 14 èdtan!  Epi le mwen bezwen demele chevem, krem sa se yon pwodui mirak!  Li vreman bon epi li pa koute chè.  Si w achte l sou amazon, lap koute w 14 dola ameriken, si w achte l sou sit salerm nan menm, lap koute w 10 dola ameriken. Si w ann Ayiti, wap jwenn li pou 700 goud ni la Sirène, ni kay Janet Beauty Supply Store.

M gen yon lot zanmim ki gen cheve ki red anpil ki itilize l e li santi cheve l ramoli avel.

ATANSYON! Pa bliye, pwodui ki byen mache pou kek moun pa oblije mache pou tout moun.  Men bon! Si w pa eseye, ou pap konnen!

Kesyon yo poze nou souvan – Mwen anvi retounen natirèl, sa pou m fè?

Felisitasyon paske w gen anvi retounen natirèl!

nat ou rex

 

Men de bagay ki enpotan pouwou anvan w pran desizyon sa a!

Premye bagay pou w detemine se rezon ki fè w vle retounen natirel. Poukisa w vle fe chwa sa? Eske se paske ou fe chit? Eske se paske li alamod? Eske se paske ou gen chanpiyon oswa bouton nan tet? Eske se pou w ka depanse mwens? Eske se paske w vle aksepte sa ki pou wou? Eske se pou w fe yon zanmi w oswa yon moun ou konnen plezi? Eske se pou w chanje louk? Asire w ou chwazi retounen natirel pou WOU, paske OU kwe ladan. Pa fel paske yo ba w presyon oswa paske w vle fe moun plezi oswa paske li alamod. Wap rive nan wout, wap kanpe!

Dezyem bagay la se konnen eske wap koupe cheve a (sa yo rele big chop la: koupe tout cheve pemanant lan epi kite repous cheve w ki natirel yo pouse) oswa eske w ap kitel (sa vle di wap fe tranzisyon: jere de teksti cheve yo pandan repous cheve w ki natirel ap pouse epi koupe pwent pemanant yo tanzantan oswa yon sel kou apre cheve a fin rive nan longe w vle a). Pou w kapab byen konnen ki chwa wap fe, ann egzamine kek avantaj ak dezavantaj chak opsyon sa yo genyen:

1- Koupe cheve a: Si w se yon moun ki enpasyan ki pa two abil ak penyen cheve w oswa ki pa gen tan pou sa, opsyon sa ka pi fasil pouwou.

Avantaj: a- Ou aprann konnen cheve w imedyatman

b- Cheve w pouse pi vit

c- Ou pa gen twop traka pou w fe stil oswa penyen tet ou

d- Ou gen yon nouvo louk

e- Ou pa depanse twop nan pwodui

Enkonvenyan: a- Ou ka santi w malalez ak cheve w konsa parapo ak ni wou ni moun nan antouraj ou

b- W pa gen twop penyen w ka fe sitou si afro w tou piti

2- Fe transizyon: Si w se yon moun ki gen pasyans, ki vesatil ak cheve w, ki ka kenbe penyen ki mande pou w pa manipile cheve a twop, ou pe koupe cheve w ba e w ka jere de teksti cheve, opsyon sa ap fasil pouwou.

Avantaj: a- Ou ka komanse fe yon pil penyen tankou de dwet dewoule, ti kouri ak anpil lot stil anko

b- Cheve w rive grandi yon bon longe anvan w koupe pwent pemanant yo

Dezavantaj: a- Fok ou jere de teksti ki pa menm sa vle di pati ki gen pemanant lan ak pati repous natirel la

b- Ou ka gen cheve kap rache oswa kase akoz de teksti yo

c- Si w pa gen pasyans, ou ka jwenn gwo tantasyon pou w retounen met pemanant le cheve a mare nan men w

Gen moun ki twouve koupe a pi bon pou yo, gen lot ki twouve fe transizyon an se pi bon opsyon an. Chwa a se nan men w li chita.

Nou pa ka ret tann pou nou rewe w natirel