1ye Janvye 2012- 1ye Janvye 2016
Jodiya fè AFRO ALICE 4 lane!!!!!!!
Mèsi ak nou chak pou èd nou sipò nou konsèy nou patisipasyon nou prezans nou ki vrèman bannou bourad epi ede chak jou pi plis rèv nou gen pou Ayiti gen pil tifi ak jènfanm ki konnen, aksepte epi renmen tèt yo jan Bondye fè yo a reyalize.
Lè nou te fèk kòmanse nan lane 2012, pi fò kominote ann Ayiti te wè cheve grenn kòm yon bagay pou machann lèt, sentaniz; yon bagay nou pa ka ale ni nan gran sòti ak li ni moun paka twouve nou bèl ak li. 4 lane pi ta, lè nou wè gwo chanjman ki genyen nan kantite ak kalite moun ki vin aksepte sa ki pou yo, sa bannou kè kontan ak ankourajman poun kontinye ede yo pi plis toujou. Gen anpil ki rete pou fèt toujou men nou kontan wè grasa ti kontribisyon pa nou chak jou nou rive pote pozitivite ak chanjman nan lavi plizyè tifi, plizyè fanm. Nou kontan nou se yon referans ak yon modèl pou kominote tifi ak jènfanm ann Ayiti nan domèn sa a.
Nou pase de 12 grenn moun a anviwon 50 000 moun kap suiv nou sou tout rezo sosyal yo ak sou blog la. Fanmi an pa sispann grandi e chak jou rapwoche nou pi plis de rèv nou. Gen anpil ki rete pou fèt toujou men nou sou wout la e nou detèmine pou nou kontinye simen grenn k ap pèmèt nou atenn vizyon nou genyen an.
Ekip Afro Alice la
Felicitations