Ti Koze ak Afro Alice – Kèk Pwoblèm Kominote Natirèl la ap Rankontre

Nou pral fe yon ti pale sou kek pwoblem kominote natirel la ap rankontre epi jan yo ka regle yo:

Pwoblèm # 1- Cheve m mare oswa mele.

Sak fè sa?

 Si cheve w sèk, si pwodui w itilize gen alkol oswa petwoleyom, si cheve w pa byen demele anvan w fè yon penyen, si w kenbe yon penyen two lontan, si w gen pwent cheve ki tchachak, si w domi ak cheve w nenpot jan, pa sezi we ke cheve a mare.

tangled-nylady

Sa w ka fè pou sa?

Gen anpil bagay ou ka fè pou w veye pou cheve w pa mare tankou sa nou pral site la yo:

1- Veye pou cheve w idrate. Yon ti dlo ak yon ti ji lalwa ak yon luil oswa dlo ak yon leave in oswa krem pou penyen ak yon luil epi cheve w yo ap kontan

2- Evite pwodui ki gen silfat, alkol ak petwoleyom. Petwoleyom ap bouche po tet la, atire pousye ak salte ki kontribiye nan fe cheve a mele epi silfat ak alkol fe cheve a sek

3-Pran tan w pou w byen demele cheve w, ak dwet ou anvan epi ansuit ak yon peny gwo dan. PA JANM DEMELE YON CHEVE KI SEK SAN W PA IDRATEL ANVAN.  Le wap detrese cheve w, pran pasyans ave yo.

4- Plis ou kite yon penyen nan tet ou, se plis cheve w gen chans pou yo mele epi mare.  Pa kite yon penyen fe plis ke 4 oswa 6 semen nan tet ou san w pa refe l.

 

Pwoblèm # 2- Cheve m pa grandi.

Sak fe sa?

Nan de ti koze, nou te pale deja de kek bagay ki fe cheve pa pouse. Regade atik sa yo anko:

https://afroalice.wordpress.com/2014/05/05/kek-abitid-ki-ka-lakoz-chevew-pa-pouse-oswa-pran-tan-pou-l-pouse/

https://afroalice.wordpress.com/2014/04/16/kek-pwodui-ki-ka-fe-cheve-w-pa-grandi/

 bc8b790a399b23ef68d9c245d6497d24

Sa w ka fe pou sa?

Mennen yon vi ki favorize lasante. Si w manje jan w dwe manje, ou domi, ou bwe dlo, ou fe egzesis epi w byen netwaye, idrate epi pran swen cheve w epi w gen pasyans cheve w ap grandi

 

 Pwoblem # 3- Mwen pa we koman pou m penyen tet mwen anko

Sak fe sa?

Swa ou pa gen tan pou w fe twop penyen, swa w trouve cheve yo two kout oswa two long pou w penyen yo swa w pa konn penyen.

Meko_New_York3

Sa w ka fe pou sa?

Plen bagay yon moun ka fe pou w jwenn ide penyen.  Entenet pa manke resous anko pou moun ki vle fe stil ak cheve natirel yo.  Kidonk se pa enfomasyon ak resous yo ki pa la. Se nou ki pou chanje atitid nou pou nou ka pwofite de yo.  Mwen pesonelman konn fe yon kalandriye penyen pou yon peryod 3 oswa 6 mwa epi ladan mwen planifye yon penyen an bakop pou sim pa ta fe penyen mwen di a.  Preparasyon se pi gwo kle pou jere penyen.  Le w konnen wap penyen tel jan, ou tou planifye pou sa.  Si w se yon moun ki vesatil e ki pa vle pwograme penyen, fe yon lis tout penyen w we ki egziste e w renmen. CHak tan wap penyen gade lis la epi chwazi sa wap fe nan tet ou. Se sa mwen fe kounya.  Benyen videyo sou youtube ak paj sou facebook, instagram ki ede nou pou nou aprann fe kek penyen senp.  Bay tet ou defi pou w rive venk pwoblem sa.

Pwoblem #4- Mwen pa konn ki pwodui pou m itilize

Sak fe sa? 

Se notrejou, anpil nan nou ap aprann oswa dekouvri cheve pa nou e nou pa fin konnenl net pou n ta konn sa l renmen ak sal pa renmen. Gen nan nou ki pe fe eksperyans pou nou fini pa konnen ki sa cheve a renmen e ki fel byen. Mache pwodui pou cheve natirel la telman vin anpil, nou pa konn sa pou nou pran anko.

white products

Saw ka fe pou sa? 

Aprann konnen cheve w.  Cheve w gen tip li, li gen porozite l, li gen sitiyasyon l, li gen pase e li gen enpefeskyon.  Si w rive gen tout enfomasyon sa yo sou cheve w, wap deja konnen kisa l gen kom bezwen.  Men fo w di tet ou se nan eksperimante wap rive konn sa ki bon pou li.  Yon cheve pa bezwen plis ke yon netwayan, yon idratan, yon bagay kap nouril epi fotifyel, yon bagay pou ki definil epi edew fe stil avel oswa ann dil yon lot jan li bezwen yon chanpou(pou moun ki itilize chanpou), yon rens, yon krem/be oswa let pou penyen, yon beny krem, kek luil, yon bon ti jel oswa losyon pou ki defini teksti w epi fini.  Sa se ESANSYEL la.  Youn nan avantaj ki genyen ak natirel se ke ou ka achte pwodui oswa w ka itilize bagay ki nan kizin ou ak nan jaden w pou w fe pwodui chevew.  Fe rechech epi aprann. Siw  vreman pa gen tan pou w fe tout sa, ekip Afro Alice la ap two kontan edew nan sans sa.  Ekri nou sou afroalice@gmail.com oswa rele nou nan 50936046877 oswa whatsapp nou nan +50942232805

Pwoblem # 5- Mgen pares pou m penyen tet mwen

Sak fe sa? 

Ou menm selman ki ka konnen sa k fe sa.

Lazy-Natural-Wash-Day-650x365

Sa w ka fe pou sa? 

Se wou ki pou pran swen tet ou e pesonn pa ka fe sa pouwou.  Se wou ki pou pran dezisyon pou w pran swen tet ou.

Pwoblem # 6- Mwen anvi remet pemanant.

Sak fe sa? 

Gen moun ki pa sipote fawouch lot moun ap ba yo akoz chwa yo fe.  Gen lot se mari yo oswa travay yo ki pa vle yo kenbe cheve yo natirel.  Gen lot moun ki pa we kisa e koman pou yo jere cheve yo, yo prefere remete pemanant. Gen lot anko ki te retounen natirel paske se sa ki te alamod kidonk yo bouke, yap retounen met pemanant yo.  Gen lot ki di yo renmen chanje look. 

randnatural

Sa n ka fe pou sa?

Desizyon pou yon moun rete natirel oswa remete pemanant se chwa moun nan.  Sel bagay, pa bliye tout efo nou te fe pou nou te retounen natirel e rezon ki te fe nou retounen natirel.  Pa bliye tou ak cheve natirel, ou aprann aksepte sak pouwou, sa Bondye bawou e se sa ki paw. 

 Ki pwoblem w ap rankontre ou menm?

 

Annie

Afro Alice

2 Comments

Please share your opinion/advice/comment with us

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s