Afro Alice te kontan pran yon ti tan pou pale ak yon save nan zafè jesyon cheve natirèl la. Y ap oganize yon evenman nan jou k ap vini yo Ayiti. Kidonk, kontinye li pou n ka jwenn plis enfomasyon sou pwogram ki pral fet la ak moun ki oganizel la.
1- Pale nou de wou
Non mwen se Michaelle, min preske tout moun rele’m Mica. Se moun Okap natif natal mwen ye. Map viv Montreal, Canada sa gin kek tan. Sa fe 4 an ke mwen natirel, 5 an depi mwen te met pemanant. Depi 5 an sa yo map fe rechèch pou ka konnen koman mwen pral jere cheve’m yo e map kontinye toujou.
2- Pale nou de Evolution Naturelle
Bon Evolution Naturelle la se yon fenomen! Nou gen yon gwoup sou Facebook ki rele Naturally Yours epi nou fe plizye rankont Nouyok ak Monreyal kote map viv. Epi nou vin di ke fok nou fe plis toujou pou moun Monreyal yo. Mwen ak bon patnèm Patricia Lilavois ak lot zanmim ki manm, nou monte Evolution Naturelle, yon gwoup ki fe atelye pou bay bonjan enfomasyon nan jere cheve natirèl. Atelye nou pral fe Ayiti a ap 5yèm nou fè nan ennan edmi.
3- Di nou kisa ki sere nan djakout nou pou moun kap vin nan atelye k ap fet 5 jiyè ann Ayiti a.
Dabo, anpil moun pa konn koman pou jere e pran swen cheve yo nan eta natirel li. Nou pral dekotike sa de A a Z. Epi tou, nou pral montre ke nou pa bezwen antre nan yon magazen pou jwenn pwodwi pou cheve’w. Gen anpil bagay nou deja genyen la nan peyi a! Lè tout sa finn fet, nou pral ede tou moun ki la yo gen ase enfomasyon pou yo etabli yon woutin pou yo pran swen cheve yo. Depi ou konprann koman cheve’w fet, sa li bezwen, wap ka jere yo!
4- Di nou, eske ap gen pwodui tou pandan atelye a? Eske moun yo ap bezwen mache ak ti kob?
Wi. Depi 5 an, mwen fe pwop pwodwi pa’m, li rele Simbi. Se yon melanj bè ak luil pou cheve ak ko. Se yon pwodui ki sele idratasyon byen, sa vle di depi cheve’w idrate (dlo), ou sele li ak Simbi, ou la pou kek jou. Genyen anpil kado tou pou nou bay. Ap gen panye kado ak bokal Simbi. Epi lè moun yo vini, yo pap pati de men vid. Yap jwenn echantiyon ak lot bagay anko pou yo eseye. Se le yo vini ya wè kisa. Ap genyen poud tankou Rhassoul, Ajil, elatriye tou pou achte.
5-Kounya nou pral fe yon ti pale sou cheve natirel paw. Kisa k te konvenk w retounen natirel?
Mwen pat kapab anko! Le mwen te konn mete pemanant, depi yo rive deye tet mwen, se kouri mete pemanant lan la epi rensel menm kote a. Malgre sa mwen toujou boule! Mwen te konnen mwen pa tap mete pemanant la anko, men se pandan gran sè’m nan lopital epi nyès mwen ki natirel vinn vizite’l mwen wè cheve’l mwen di THAT’S IT! Byen fo nan lopital moun yo! Depi le sa mwen pa janm gade deye anko: Natirèl netale.
6- Ki rejim w genyen pou cheve w?
Rejim mwen senp. Mwen pa sevi ak champou sa fe 1 an edmi, mwen sevi ak savon afriken nwa (African Black Soap) ak lot savon pou cheve ke mwen achte isit nan Monryeal (tale mwen pral fe pam). Mwen toujou fe tretman nan yo ak te melanje ak ajil e lot poud endyen (gen nan yo nou genyen Ayiti, vinn nan atelye nap konnen). Rens mwen sevi a se Suave. Sak fe mwen sevi ave l la se paske li ede m avek yonn nan poud yo ki fe cheve’m byen Apre sa se dlo, lwil mwen melanje ak Simbi. Cheve yo toujou nan de dwet, sak ede m pou m jere tan ak eneji nan penyen.
7- Ki mesaj w tap bay medam ki gen pwojè vin natirèl oswa ki deja natirèl yo nan kominote ayisyèn nan?
Pou moun ki gen pwoje a, pa dekouraje! Transisyon a pa fasil sitou si ou pa janm manipile cheve’w nan eta natirel li. Nap we ke dlo se pi bon zanmi nou ta genyen. Trete cheve a tankou li te natirel: fe atansyon le wap pase peny nan pati natirel la, komanse demele nan pwent epi monte, ba li lwil pou ede manipilasyon e pou sele idratasyon an. Evite penyen ki mande pou’w penyen chak jou; ou ka fe bantu knots, mete ti roulo pou ou fe bouklet.. wap la pou kek jou si ou fe sa. Se menm bagay mwen konseye yon moun ki natirel tou. Nan group ke nou genyen sou Facebook ki rele Marabou Vanyan, nou gen yon pati nou prete nan chante Coupe Cloue a ki di “Bal ti dlo” bay cheve nou dlo, lap kontan anpil. Cheve natirel pa yon kove non, se pi gwo delivrans mwen genyen! Epi tou, pa depann de pwodui nan magazen. Tout sa nou bezwen li nan la nati, nan lakou lakay nou, pwofite!
Annie Christine Emilcar
Afro Alice
Trè bel entevyou !.M t gon w ti sample SIMBY li t telman bon m pat vle l fini pou on moun ki itilize gel anpil butter toujou kite kras blanch nan chevem SIMBY a pa fe sa epi l kite chevem byen souple.
Mesi anpil paske ou te fe mwen gwo lonè sa. M pa ka tann antre lakayanm pou atelye a!
Bon travail à tout ekip la e merci pour bon travail nous