Se vre ke nan gym, gen diferan moun kap pousuiv diferan objektif. Fi ki vin pedi grès, moun ki fin akouche ki ta renmen pran fóm avan yo, fi ki wè yo tró mèg e ki bezwen grosi ou devlope yon pati nan kó yo(trè souvan janm ou dèyè), gason ki trouve yo mèg e ki ta renmen grosi, nèg ki gen tróp grès ki ta renmen gen kó pou yo poste sou plaj etc. Chak moun sa yo gen metód pa yo selon sa y’ap chèche men m kwè ke anpil nan nou gen omwen 1 zanmi ki manje nenpót sa’l vle,ki pa vrèman fokis sou koze spó e ki toujou rete ak on fóm ke nou menm n’ap travay anpil pou’n genyen e ki ap koute nou anpil sakrifis avan sa. Dè fwa’w konn panse’w gon bagay ou pa fè byen nan manje ou nan spó, sa konn fristre’w e fè’w dekouraje, ou konn ap mande’w si se nan move ras ou soti, ak on pakèt lót kesyon k’ap domine’w. Mwen gen yon bon nouvèl pou tout moun ki viv sitiyasyon sa a. Gen 3 mófotip e yo chak gen karakteristik yo, jan pou yo manje e jan pou yo fè spó. Depann de objektif ou genyen, yon tip ka ofri’w plis avantaj ke on lót moun. Nan ki kategori’w ou e kisa sa vle di? Daprè sikológ William Sheldon gen 3 mófotip.
Endomóf
Se on moun ki gen on system dijesyon trè lan aló yo asimile grès rapid e w’ap toujou remake ke moun sa yo gen plis tandans ret gro oubyen pran pwa vit, gen kó mou e pa gen tras sou kó yo ditou. Lè yo pako ap fè spó, yo gen gro vant, zepól yo tonbe, kwis yo ak janm yo mou e gro(Foto1). Nan tanperaman se de moun ki trè souvan gen kè kontan, anvi trip e renmen manje selon jan yo santi yo(genyen ki konn di’w depi yo strese fók yo pran anpil sik pa egzanp). Li konseye pou moun sa yo kontrole kantite sa y’ap manje ou kalori ke y’ap konsome sitou si yo pap viv on vi ki trè aktif.
Yo dwe manje 5 a 8 fwa nan jounen pou yo kapab akselere metabolis yo e toujou sonje akonpanye sa y’ap manje a de proteyin(Nou te déjà pale de manje ki rich an proteyin yon an on lót atik), e yo dwe rete lwen de manje sikre(sik rapid,gato,bonbon,etc) ak move grès. Men apa de manje yo ke yo dwe veye, Endomóf la “oblije” fè anpil spó, spesyalman aerobik,cardio, pou’l depanse kalori ke kó’l déjà pap depanse fasil yo sinon li trè probab ke pi devan li konfronte ak problem kè, sik ak tansyon. Youn nan eleman ki pi pozitif nan kategori sa se ke yo gen anpil fós aló lè yo kómanse gen andirans, ap leve pwa e grès ap diminye, yo vrèman gen bèl rezilta paske muscl yo déjà gro, e yo vin byen defini.
Foto1
Ektomóf
Trè souvan moun sa yo parèt mèg ou mens men li fasil pou yo gen on bèl kó si yo fè spó. Avan sa w’ap remake ke yo gen zepól fèmen, pye fen, bra long epi zo lestomak yo parèt(Foto2). De tanperaman yo sansib anpil,enève fasil lè yon bagay deranje yo e de tanzantan yo renmen rete poukont yo. Yo gen yon gro avantaj paske metabolis yo rapid anpil aló yo kapab e yo dwe manje anpil, yo pa gen pou enkyete yo de pran grès ou de gro vant.
Youn nan avantaj yo genyen se ke yo gen anpil andirans e yo ka fè spó(basket,foutból,kouri etc) pandan lontan san yo pa janm fatige men leve pwa pa osi fasil pou yo. Li fasil pou yo gen yon bèl kó byen trase men youn nan pi gro problem yo rankontre se lè yo bezwen pran pwa, li ta konseye pou yo manje anpil e pa fè tróp egzèsis cardio ansuit pa fè plis ke 45 minit a 1 è d tan ap fè spó paske menm lè yo pa fè’l, kó yo dijere vit e boule anpil kalori natirèlman. Li konseye pou yo pran anpil kalori, anpil proteyin(jiska 2g /kilo pwa kó yo) epi anpil vitamin A ak bon grès(lwil d oliv, pistach,zanmann,bè etc)
Foto2
Mezomóf
Ant moun ki dwe fè anpil travay pou megri yo e lót ki pa pran pwa fasil yo genyen yon kategori ki natirèlman fèt tou atletik e gen bèl fizik. Yo trase kó yo fasil e yo pran pwa pi fasil ke on ektomóf men sa pa vle di pou otan yo gendwa manje nenpót kijan e neglije egzèsis fizik yo. Malgre se tip fizik ki pi fasil pou antrene, fók yo byen balanse woutin spó yo si yo vle grosi e kalite manje ke y’ap manje a enpótan anpil e pou yo manje bagay ki natirèl, anpil protein epi legim ak fwi. Depi avan yo fè spó, moun sa yo gen zepól laj e kare, vant plat e trase, ren fen (Foto3)etc.
Foto3
Kounye a li enpótan pou chak moun idantifye nan ki kategori yo ye, ki karakteristik li e kisa li egzije selon objektif ke yo chak genyen. Nou ka fè plis rechèch sou tip nou e nou ka konprann rejim nitrisyonis nou ap ba nou pi byen lè’n enfóme sou sa. Sa ka rive ke’w gen kelke karakteristik nan 2 kategori oubyen ke’w vin chanje men kèlkeswa tip kó’w e objektif ou, disiplin ak travay konstan ap ba’w rezilta ke’w bezwen an kanmenm, rete fokis, chèche enfómasyon, epi pale ak moun ki gen menm objektif ak ou on fason pou youn kapab motive lót. E pa bliye chèche asistans moun ki kalifye nan domèn nan pou gide’w(nitrisyonis, coach, doktè etc)