Semèn sa, Afro Alice te pran tan pou li entevyouwe youn nan kandida ki te patisipe nan konkou Miss Haiti 2014 la. Se youn nan medam ki te komanse konkou a ak cheve natirèl li epi apresa, li te vin mete grèf epi texturizer devan tèt li pou fe cheve dwat. Ann al fe yon ti pale sou kiyes li ye, eksperyans li nan konkou a ak rezon ki eksplike chanjman louk la. Non li se Farah Terviné.
1- Bonswa Farah. Mèsi paske w dako nou entevyouwe w. Piblik la konnen w plis kom yon kandidat ki te patisipe nan konkou Miss Haiti 2014 men ou menm, pale nou de wou.
Mwen se Farah Terviné, mwen te patisipe nan Miss Haiti 2014, mwen se mannken, mwen konn danse epi fè piblisite tou. Nan lane 2011, mwen te depite Petyonvil nan palman jenès ayisyen. Mwen ap etidye antreprenarya e m konte etidye dwa tou.
2- Pale nou de eksperyans ou nan Miss Haiti 2014.
Konkou sa te plis pase yon eksperyans pou mwen. Se te yon lekol kote mwen aprann anpil, mwen aprann sou tet mwen, mwen aprann sou fanm ayisyen e m aprann aksepte yo kom poto mitan ak pilye nasyon an epi se grasa yo ekonomi peyi a kenbe. Anplis, konkou sa a te banm vizibilite mwen bezwen pou m fe chemen m pou m reyalize rèv mwen nan politik
3- Depi kile w te retounen natirel ?
Mwen gen dezan depi m te retounen natirel. M te konn pase twop tan nan stidyo epi manman m ki te gen cheve natirel te yon bon enspirasyon pou mwen. Kidonk, mwen te sispann mete pemanant.
4- Koman antouraj ou te reyaji devan chwa w te fe pou w retounen natirel?
Antouraj mwen te renmen chanjman an paske yo te twouve tout jan m ye mwen bel. Nan club kote mwen te konn al fe spo a, medam yo te twouve cheve m te enspirasyon pou yo. Anpil ladan yo te anvi retounen natirel le yo te we jan cheve m te bel.
5- Ki swen w fe pou cheve natirel ou an general?
Chak 15 jou, mwen lave yo, mwen mete chalimo oswa kite yo boukle poukont yo.
6- Nan komansman konkou Miss Haiti 2014 la, nou te we w ak cheve natirel ou e ou te bel. Apresa, nou vin we ou chanje look la. E se pa wou selman, tout medam ki te ak cheve natirel yo chanje louk. Sa k te fe sa ?
Yo te pwopoze nou chanje louk pou jan de konkou nou tap patisipe a e nou te aksepte. Se menmjan ak Beyonce oswa Jennifer Lopez ki chanje louk tanzantan, nou te aksepte chanje louk tou.
7- Anpil moun pa t apresye chanjman sa paske pou yo se komsi sa vle di cheve natirel pa prezantab, sa w panse de sa ?
Sam tap di yo mwen menm se ke sa k enpotan an se pa chanjman cheve a, se fason nou te pwojte tet nou, jan nous anti nou, jan nou fe vale nou, jan nou sevi egzanp pou jen kap vini yo. Pesonalite pi enpotan toujou pase aparans lan. Chanjman nan cheve m nan te ede m konprann ayisyen pa avew pou kapasite w men pou aparans ou.
8- Miss Haiti se yon konkou pou mete anvale fanm ayisyen nan jan l ye a ak tout kapasitel. E le nou we fanm ayisyen souvan nou we fi ak po nwa, cheve grenn. Si w te genyen konkou a, koman w tapral montre lemonn aparans sa a ?
M tapral montre l ak kom, ak fom mwen epi ak pesonalitem ak kapasitem, m t ap montre yo fanm ayisyen inik, brav, fye epi janti.
9- Si w te ka fe bak, eske w tap toujou chanje louk ou nan konkou a ?
Non, mwen patap chanjel. M tap kitel natirel parapo ak nouvo deteminasyon m epi paske m gen pwoblem nan zyem le m mete pemanant : je m fe dlo epi mwen pa ka gade soley.
10- Ki pwoje w apre konkou Miss Haiti 2014
Mwen renmen timoun anpil. Youn nan pwoje m se kreye yon sant kiltirèl pou timoun ki defavorize yo kote y ap aprann bagay anplis de sa ke yo montre timoun an jeneral lekol tankou gen konfyans nan tet yo ak lot bagay ki kapab ede yo nan domen pwofesyonel. M ap travay tou pou m ede yon ofelina ki gen andikape ke m tal vizite e m te vreman touché.
Merci Farah,
Annie
Afro Alice
Sa fèm plezi fara mèsi pou sijesyon an