Eske w te konnen ke gen jel natirel ou ka itilize pou w boukle cheve w ? Ladan yo, genyen lalwa, rakèt epi genyen kalalou tou, sa yo rele gombo oswa okra a.
Kontrèman ak lot yo, se prepare pou w prepare jel kalalou a. Men de fason w ka prepare jel kalalou a epi efe l sou cheve:
Premye Fason
1 – Rache kalalou a nan yon veso
2- Mete dlo nan yon veso
3- Mete kalalou a fe yon ti bouyi nan dlo a
4- Lel fin redui, lap bay jel la.
Ou ka konseve l pou twa jou oswa yon semen nan refrijeratè.
Dezyem Fason
1- Rache kalalou a
2- Mete dlo nan yon veso
3- Kite l kalalou a tranple nan yon tikras dlo, lap bay jel la
Ou ka konseve l pou de twa jou nan yon refrijerate.
Men efe li sou cheve a:
Pandan map chache plis enfomasyon sou jan w ka itilize kalalou pou po, mwen jwenn sit Lola Zabeth la ki esplike tou koman nou ka fe mas pou po avel.
Lè w fin retire jel la, po ak grenn kalalou a ou ka itilize l pou w fe yon mas kap nouri epi adousi pow. Jis metel nan yon blende ak yon ka vè dlo epi pase l nan figi w, kitel pou yon 15-30 minit epi rensel ak dlo tyed. Po figiw ap swa epi fèm.
eske lp fe reyaksyon an sou kelke swa cheve natirel kit cheve a du anpil ou red et chve ki tou deja siro
good job Alice, nice information for natural hair
Sexycreole1983@gmail.com