Ti Koze ak Afro Alice – Faktè Ki Detèmine Jan Cheve Pouse

Cheve pouse 15.4 cm chak ane an mwayèn. San konte jenetik, manje ak swen nou ka fè pou nou fè yo vini pi plis toujou. Sa vlè di yon moun ki gen dezan natirèl ta dwe gen 31cm cheve anviwon elatriye…. Epoutan anpil nan nou retounen natirèl men cheve a pa vrèman pouse. Ki sa ki ka lakoz sa? Ki sa n ka fè oswa sispann fè poun ka kenbe longè cheve ki pouse a?

550877_401312659903966_1834341769_n

Men kèk faktè ki enfliyanse epi detèmine longè cheve nou: jenetik, swen nou fè pou cheve nou, jan nou penyen, jan nou manje epi bwe, mod lavi nap mennen, laj nou, kondisyon medikal nou epi jan nou jere cheve a pou l kenbe maksimom longè pou plis tan.

Premye faktè – Jenetik sa vlè di jen nou detèmine ki valè tan cheve nou rete nan faz anajèn nan oswa faz repous la e se sa ki detèmine ki longè cheve n ap genyen. Sa pran kat a sizan pou nou konnen maksimom longè cheve nou ka rive lè nou konstan nan jan nou trete yo, nan swen yo, nan jan nou manje, elatriye. Sa fè nou tou konprann, nou pa dwe ap konpare longè cheve nou oswa vites repous nou ak lot moun. Nou chak inik!

10403514_950906438269179_193358697461374361_n

Dezyem faktè – Swen nou fè pou cheve nou enfliyanse jan cheve nou pouse tou. Chak moun gen pwop cheve pa yo ak bezwen cheve a genyen e jan nou pran swen cheve a selon sa li bezwen ede cheve nou pouse. Pran tan pou w fè rechech, pou w fè eksperyans ak cheve w pou w konn sal bezwen. Yon cheve gra pa gen menm bezwen ak yon cheve ki sek! Cheve yon moun ki fèk sot akouche kap tonbe pa bezwen menm swen ak cheve yon moun ki strese kap tonbe. Si swen wap fè pou cheve w pa reponn ak bezwen chevew genyen, se lave men siye atè.

1381719_950908681602288_1088400073962719661_n

Twazyèm faktè- Jan nou penyen. Gen stil penyen nou fè an, gen frekans nou penyen an epi gen akseswa ak zouti nou itilize pou n penyen an. Penyen ki two sere, penyen chou redi devan tet tout tan, detire alonj devan tet nou ka anpeche cheve nou pouse e rache sak deja pouse a. Penyen chak jou epi pede ap bwose cheve a tout lajounen ap rache cheve a. Blower tout la sent jounen yo! Gen yon seri ti bwos di, ti peny ti dan, baret ti dan, elastik baret oswa bando ki di ki pa pi bon opsyon pou nou itilize nan cheve nou si nou sansib pou yo

10514664_950912538268569_1036395989039140765_n

Katriyem faktè – Jan nou manje ka fè cheve nou pa pouse oswa pran plis tan pou li pouse oswa rache. Sa ki fè sa? Si manje w manje pa gen ase fè, zen ak lot vitamin ki bon pou ko nou, sa ap gen gwo repekisyon sou sante nou. Lèw manke vitamin, li ka fè cheve w rache, pwent yo tchaktchak epi yo pa pwofite. Se vre gen anpil moun ki manje tchaw oswa ki pa manje manje lasante ki gen bel cheve, sa se ka ki nan eksepsyon an. Lègim ak fwi bon pou la sante e yo pa koute chè. Yon lot bagay anko se lè nou pa bwe ase dlo. Sa ki fè sa? Dlo esansyel pou fè ko nou fonksyone janl dwe fonksyone, pou transpote nitriman nan ko nou, pou retire vye toksin, pou san nou ka byen sikilè ak pou yon pil lot bagay anko. Si folikil cheve w pa jwenn nitriman, koman wap fè gen bel cheve? Si w pa bwe ase dlo, koman cheve w ap fè idrate pa anndan? Ou ka bwe dlo, ou ka jwenn dlo tou nan fwi ak lègim ki gen dlo.

10294326_950913814935108_8116603150691139222_n

Senkyem faktè se jan w mennen lavi w- Èske w fè spo? Èske w byen domi? Èske w pran tan pou w amizew? Ko nou se yon chèn ki plèn ti may e cheve nou se youn nan may yo, depi youn ladan yo pa byen, li afèkte tout res yo. Gade domi, an jeneral nou panse se yon bagay konsa konsa! Epoutan, se pandan w ap domi, sistèm ou ap renouvlè oswa repare, pwoteyin nan ko w fè sentèz, epi ko a pwofite rajeni. Depi w komanse rate oswa manke domi, kow, sante w, cheve w , po w ak sevo w ap peye sa. Si w vlè cheve w pouse pi vit oswa pouse, li ta bon pou w revize abitid domi w.

10447834_950915898268233_3201995320542150421_n

Sizyèm faktè se laj. Lè yon moun depase 34tran oswa fè menopoz, sa konn lakoz li pèdi cheve pou rezon fizik ak rezon psikolojik. Rezon psikolojik yo se sousi, stres, fatig ak simenaj. Omon yo ki pa balanse menmjan oswa ki konn pèdi kontwol se koz fizik yo.

10646800_950924741600682_8735543558138797498_n

Setyèm faktè se kondisyon medikal ou. Èske w anemye? Èske w sot fè gwo operasyon pandan si mwa ki sot pase yo? Èske w fèk sot akouche epi cheve w konmanse ap tonbe? Èskew gen yon maladi nan po tet ou? Se selman kèk nan kondisyon medikal ki ka eksplike poukisa chevew yo pa pouse epi yap tonbe.

Nan pwochen ti koze ki apre sa a, nou pral pale de kek bagay pratik ki ka ede nou fe cheve nou pouse.

Please share your opinion/advice/comment with us

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s