Metod Tet Anba Pou Fe Cheve Grandi

M deside ekri atik sa an kreyol paske m panse gen ase rechech sou li an fransè ak ann anglè deja.  Anplis, pou anpil nan lektèm yo ki pale anglè, m ap bay kèk lyen pou fasilite nou konprann metod tet anba oswa inversion method la.

Sal ye– Metod tet anba se yon metod yo itilize pou relaksasyon ko a, pou ogmante pasaj san nan sevo a men tou yo itilize pou kapab fe cheve pouse yon pous oswa 2.5 santimet pandan set jou.

Upside-down

Koman yo fel – Ou benyen cheve w ak luil ke w te chofe an benmari(nan dlo cho) (an jeneral yo konseye luil doliv men w ka fe l ak lot luil).  Ou mase luil la byen mase nan cheve a.  Ou mete kow tet anba oswa w chita epi w kage tet w komsi w tapral met kitex nan dwet ou pandan 4 minit chak jou pandan set jou.  Le w fini, kite luil la fe omwen dezedtan nan tet la.  Si w te met twop, lave l ak rens le w fini. 

Kek prekosyon– Si w santi tet w ap vire pandan w ap fe metod sa a, leve tou dousman epi wap santi w miyo.  Si w fe èni, ou ansent, ou fe tansyon, ou fè kè, glokom, azoumounou oswa obezite, pa eseye fel.  Si w fek ap komanse fel, pa kouri fe pozisyon tet anba ki pi ekstrem nan.  Pa fel chak semen youn apre lot, paske ko w ap fin abitye ak metod la e l pap mache anko.  Ou ka fel yon fwa chak mwa. 

Sak fel mache– Menmjan masaj fe cheve grandi, oswa niacin ak yon seri lot vitamin fe cheve grandi, metod sa fe cheve grandi paske l ogmante sikilasyon san nan tet la.  Depi san sikile byen nan tet la, cheve a grandi. 

Rezilta– Mwen li omwen 24 atik epi gade anpil videyo sou metod sa a.  Mpa jwenn yon grenn moun ki pa gen omwen 1.5 oswa yon demi pous cheve ki grandi.  Metod sa a mache.  E menmsi se selman yon demi pous, li ba wou anplis, li bon pase se 6 pous cheve ki pouse chak ane an mwayen nan tet nou.

Sa w ap ret tann pou w eseyel?

Kèk nan lyen mwen te li sou metod sa a:

An fransè: https://www.google.fr/#q=methode+d%27inversion+pour+cheveux

http://www.table-inversion.com/category/Les-bienfaits-de-la-table-d-inversion

An Anglè: http://hairdiary.wordpress.com/2013/08/31/the-inversion-method-for-hair-grow-an-inch-of-hair-in-7-days/

http://www.blackhairinformation.com/growth/hair-growth/inversion-method-grow-1-inch-hair-7-days/

http://www.thenaturalhavenbloom.com/2013/10/the-inversion-method-for-hair-growth.html

 

Please share your opinion/advice/comment with us

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s