Kleren, Ronm ak Cheve Natirèl

Nou souvan tande kèk moun di alkol pa bon pou cheve, anpil blog menm sitel kom youn nan engredyan nou ta dwe veye nan pwodui n ap itilize pou cheve nou.  Epoutan, yo di ronm ak kleren bon pou cheve.  Kisa ki eksplike sa?

492852831

Gen tip Alkol 

Gen twa kategori alkol: alkol ki gen chèn kout, alkol ki net ak alkol ki gen chèn long.

chromescreen3-314x160

Alkol ak chen kout yo se alkol yo itilize pou fè pwodui pou ki sech rapid le yo fin aplike yo sou cheve.  Yo se move alkol paske yo fe cheve yo sèk.  Pami alkol sa yo, nou jwenn SD Alcohol 40, Ethanol, SD Alcohol, Propyl, Propanol ak Isopropyl

Alkol ki net yo se alkol yo itilize pou konsève pwodui oswa pou ede cheve a kenbe idratasyon (humectants). Benzyl Alcohol ak Propylene Glycol se kek egzanp alkol ki net.

Alkol ki ak chen long yo se alkol ki soti nan bet, nan plant, nan luil.  Yo itilize yo pou bay pwodui plis konsistans, pou idrate cheve epi pou pemet luil ak dlo kapab rete ansanm nan yon pwodui (emulsifiants). Men kek egzanp bon alkol sa yo: cetyl alcohol, stearyl alcohol, myristyl alcohol, lauryl alcohol, behenyl alcohol, cetearyl alcohol.  

Kèk Bwason ki gen alkol bon pou cheve

Gen bwason ki gen alkol nou renmen konsome anpil ann Ayiti ki bon pou cheve. Byè bon pou cheve paske li gen bon jan vitamin ladan ki bon pou ko nou epi pou cheve nou tou tankou vitamin B1, B2, B3, B6, B8, B9 ak fè. Alkol ki ladan an pa yon alkol endistriyel, se yon alkol ki soti nan plant.  Etandone li plen ak pwoteyin ak vitamin, li idrate cheve a, li bal fos, li fe l maleyab epi li fel grandi. Ronm ak kleren tou bon pou cheve. Yo gen sakawoz, kalsyom, mayezyom, potasyom ak fè ladan yo.  Ki byenfè yo pote pou cheve?

Byenfè Ronm ak Kleren pou cheve

Ronm ak kleren soti nan sik kann ki genyen sakawoz, kalsyom, mayezyom, vitamin B1, B2, B3, sa ki idrate, nouri epi bay cheve a fos.  Yo bon tou pou goumen kont kap nan po tet la.  Epi yo fe cheve a klere.

download

Koman w ka itilize yo

Ou ka itilize yo nan vaporizatè w melanje ak lot bagay pou w idrate cheve w. Ou ka fè mas pou cheve w ak yo tou.  Osinon ou ka mete yo tranpe ak lot engredyan pou w pase nan cheve w.  Le w bezwen diminye gwo odè zonyon oswa ji zonyon w ap mete nan cheve w, ou ka itilize ronm oswa kleren pou sa.

Ki diferans ki genyen ant Kleren ak Ronm

Pandan Festival du Rhum en Haiti ki te fèt nan mwa ki sot pase a, nou te pran yon ti tan pou nou mande yon seri pwofesyonèl nan domèn nan, ki diferans ki genyen ant ronm ak kleren.  Yo toulede soti nan sik kann, yo toulede fet menm jan. Sel bagay kleren fet selman ann Ayiti, yo pa rafine l oswa divize diferan alkol yo, li rete nan eta orijinal la. Ronm nan fèt ann Ayiti ak nan lot peyi epi li rafine epi yo ka ajoute epis pou ki mete yon diplis nan gou a.

rhum_barbancourt-ad43

ATANSYON: Gen ronm ki fet ak etanol endistriyel.  Si w itilize l, l ap seche epi kase cheve w.

Nan jou k ap vini yo, n ap pibliye resèt swen ou ka fè ak kleren oswa ak ronm.

Annie

Afro Alice Hebdo – Djunelle Isidor pou Pwomosyon Ronm ann Ayiti

Si w ann Ayiti, ou gen anpil chans pou w tande pale de Festival du Rhum ki pral fet ann Ayiti nan jou ki pral vini yo. Kote ide sa soti? Kiyes ki deyel?  Si w ta renmen la oswa patisipe, ki enfomasyon w ka jwenn?   Afro Alice te fè yon ti chita pale ak Djunelle Isidor, yon jèn ki kwè nan biznis, nan pran inisyativ epi nan renmen sa ki natirèl.  Men sa li pataje ak ekip la.

1- Pale nou de wou.

Mwen se Djunelle Isidor, mwen se manadjè epi youn nan moun ki kreye konpayi ki rele J’Organise. Mwen te etidye Diplomasi ak Relasyon Intènasyonal nan CÉDI ,Maketing nan Modern School,  mwen pran fomasyon nan Peyi Lafrans nan vil Pari nan Relasyon Intènasyonal nan CEDS (grasa lekol mwen CEDI), aktyelman m ap etidye Planifikasyon Evenman ak Maryaj nan vil Nouyok Ozetazini epi Dekorasyon pou anndan kay nan peyi Lafrans ak Nouyok.

10251944_859874170703580_6758286048635185871_n

2- Ou di nou ou gen yon konpayi ki rele J’Organise. Pale nou de li.

J’organise se yon ajans pou kreye epi planifye evenman epi fe dekorasyon pou anndan kay.  Se yon konpayi familyal ki fet ak mwen, sèm nan, Ruth Isidor epi yon bon zanmi nou, Alexandra Edouard. Nou se jèn ki kwè nan fè biznis e J’Organise se fyète nou.

3- Pale nou de Festival du Rhum nan.

Festival du Rhum – Haiti se yon salon pou moun goute ronm ak lot pwodui ki plizoumwen menmjan an, se yon kote tou y ap ekspoze plizyè ronm ki soti nan peyi tankou Itali, Japon, Matinik, Gwadloup, Swis, Repiblik Dominikèn ak Ayiti. Ke se moun ki se amatè ke se moun ki gen kav oswa ki mete ronm nan kav oswa ki pwodui ronm oswa moun ki fe melanj epi ki travay nan ba, tout ap rankontre ansanm nan Festival sa a. Ekip Afro Alice la ap la pou bay konsèy epi fè demonstrasyon sou jan ronm ka itilize nan cheve ak rezilta sa bay.   Festival du Rhum – Haiti se inisyativ ekip J’Organise la ke plizyè ministè ak antrepriz prive kore (Nou ka site Ministè Komès ak Endistri, Ministè Touris, Ministè Ekonomi ak Finans, EuropCar, Sunrise Airways, IDS, Affiche-Toi, Techtra Graphics, Redstone Bar and Grill, La Réserve, Rorolight Studio, Fred Michel, Café Selecto epi kèk stasyon radyo).

4- Koman ide pou w oganize yon Festival pou Ronm ann Ayiti te vin nan tèt ou?

Ane pase, Rhum Saint James nan peyi Matinik te envitem pou m al patisipe nan Fête de la Canne ke yo oganize chak ane nan mwa Desanm.  M te pran tiz nan istwa ronm, jan yo itilize kann pou yo ka fè likid la.  M te komanse fè rechèch sou ronm nan istwa dayiti epi se konsa mwen te vin reyalize ke gen yon pati nan istwa nou ak ronm nou pa fè pwomosyon pou li oswa nou manke fe pwomosyon pou li ni nan peyi a ni bay moun lot peyi yo.  Epoutan nou gen yon bel istwa ak ronm. Nou gen ronm nasyonal nou ki se Rhum Barbancourt ki se yon fyète, yon patrimwan, ki resevwa anpil pri nan men anpil gwo potanta nan domèn sa.  Nou gen kleren nou an ki kontribiye anpil nan devlopman peyi a – Sen Michèl gen pi gwo konsantrasyon “guildive” oswa tafya nan lemonnantye selon sa Alexandre Vingtier, yon ekspè nan ronm di.  Nan epok kolonyal la, nou te pi gwo koloni nan ekspotasyon sik. Kidonk, pandan plizye mwa, mwen fe rechech epi kontakte plizye ekspe nan domen ronm ki twouve projè a bèl epi nou travay sou li. Pou n te ka travay sou proje a, nou te oblije rankontre ekspè nan vil Pari, nan peyi Matinik.  Grasa festival sa, n ap ka vann ronm nou yo ak kleren nou yo e nou ap gen opotinite repozisyone nou sou mache ronm nan epi montre nou se youn nan peyi ki gen pi bon ronm nan lemonnantye.

5- Si yon moun ta enterese vini nan Festival la, koman l ka jwenn plis enfomasyon?

Festival la ap fèt 15 ak 16 Novanm depi dizè nan maten pou rive setè nan aswè nan otèl El Rancho.  Tikè pou yon moun asiste Festival la se 500 goud ayisyen.  Yo kapab suiv nou tou sou Facebook, sou Twitter, sou Instagram oswa sou sit nou an.

10407183_322322967960446_1509234054618744937_n

6- Ann fè yon ti pale de cheve natirèl ou.  Konbyen tan w genyen depi w retounen natirèl?

Lèm fini lekol, mwen te retire pèmanant e mwen te rete ak cheve m konsa pandan dezan. Kom mwen te pe peny anpil e mwen pa t gen twop resous, mwen te remet pemanant. Apre 12 janvye 2010, mwen te retounen natirel, sa fe deja katran e fwa sa, m ap rete natirel.

7- Kisa ki te fe w retounen natirel e ki obstak ou te jwenn?

Mwen te retounen natirel jis paske m te vle sa. Sèl obstak mwen se ke mwen pè peny (aloske cheve m boukle anpil le yo pa penyen yo mare) epi mwen pa two konn penyen.  Men mwen kontan pase manmanm ak sem tounen natirel tou, nou fe yon bel ekip.

1656253_721821244508874_1531497349_n

8- Koman w pran swen cheve w?

M lave cheve m 3 fwa chak semen ak rens. Mwen sote pwent yo chak mwa (yo gen anpil pwent), mwen fè benduil ak benykrèm de fwa chak mwa. Mwen idrate yo anpil. Mwen flite melanj dlo ak luil ladan yo maten ak aswè, mwen pa ekspoze yo twop nan soley.  Mwen netwaye yo, mwen nouri yo epi mwen pwoteje yo jan nou konn di l la.  Chevem se pitit mwen, mwen ba li lanmou ak atansyon.

9- Yon ti mo pou moun ki natirèl oswa ki gen pwojè natirèl?

Cheve natirèl pa jis yon mouvman pou mwen jan yo vle fè konprann sa. M renmen cheve m anpil e mwen fyè ke m pa eseye chanje sa Bondye ban mwen ak pwodui chimik.  Yon fanm ki vle retounen natirèl dwe aprann renmen epi aksepte cheve l jan li ye a, kel grenn, ke l swa, ke l dwat natirelman.  Ke se rete ak pemanant nan tet ou, ke se retounen natirel, yo tout se dezisyon pesonel.  Sel bagay, chwa nou fe a, asimel!

Mesi Afro Alice pou entevyou a.

Annie

Afro Alice