Ase souvan gen nan nou ki toujou ap mande kisa m fè pou po m bèl konsa. Jodiya, rete branche pou m pataje ak nou kèk ti sekrè tou senp pou nou kenbe po nou byen bèl.
Nou te deja pale de NNP pou swen cheve. Men, eske nap sezi sim di nou menm sekrè swen pou cheve a ki se NNP a valab pou swen po tou? Ou ta renmen konn kouman. Vin suiv….
Premye N nan NNP a se pou Netwaye. Koman li aplike nan swen pou figi.
Ou bezwen netwaye figi w le w lave l ak yon savon oswa netwayan ki fèt pou sa (se pa savon santi bon ou benyen avèl la non) de a twa fwa pa jou chak jou. (Mwen m itilize netwayan pou figi Neutrogena. Sa pèmèt figi w pwop epi pare pou l resevwa sa w ap aplike sou li yo.
Ou bezwen eksfolye po w tou sa vle di retire tout ekse po ki mouri, pwodui ki te rete, elatriye. Mwen itilize eksfolyan Neutrogena a oswa avwan melanje ak myèl pou m fè sa de fwa pa semèn.
Ou ka fè pwop savon w oswa eksfolyan w pou pow. Nan yon lot diskisyon na ba w reset pouw fe savon natirel ou.
Dezyèm N nan NNP a se Nouri. Men koman li valab nan swen figi tou.
Lèw idrate figi w chak jou, li revitalize po a, li fè li byen dous, epi li nouril. Anvan w aplike makiyaj, li enpotan pou w fe sa. (Etandone po figim sèk m itilize krèm idratan Pond’s ki ble a. M konn itilize luil zanmann ak luil kokoye tou).
Le w fin eksfolye po a oswa retire makiyaj, itilize yon tonifyan pou ki kalme po a, li repare l epi li diminye iritasyon po a. (M itilize likid tonifyan Neutrogena a oswa dlo flè roz pou sa)
Toujou kenbe nan tèt w, ou ka fè tout pwodui pou w sevi ou menm lakay ou ak engredyan natirèl.
Dènye lèt nan NNP a se P ki se Pwoteje. Koman w ka pwoteje po w?
1- Fè mas ak labou, ak ajil, ak lot engredyan anko pou w nouri l epi pwoteje l kont anviwonman an (soley, dlo lanme, pousye, elatriye). M achte mas ki tou prepare oswa mwen fe pwop mas mwen.
2- Le w ap idratel, itilize yon pwodui pou ki pwoteje l de reyon soley la ( Depi m konnen map ekspoze nan soley san pran souf pou plis ke 15 minit, m konn aplike yon krèm ki gen faktè pwoteksyon SPF 45 osw aplis)
3- Le w demakiye ou pwoteje po w kont vyeyisman two bone, kont bakteri ak kont bouton paske figi w gen ekse pwodui ki rete ladan. M itilize demakiyan St Yves la, swa pa Neutrogena a oswa luil kokoye.
M sot pale nou de tout sa m fè kom swen pa deyo pou ki fe po m bel epi rete bel, men rete de bagay m poko di nou ki lakoz sa:
1- Gen sam manje
2- Gen jenetik
Sam manje:
Le w gad foto a w panse se chiko! LOL. Se kawot. Depi m piti m te toujou gen po ki sansib, kawot se te toujou youn nan pi bon zanmim. E se youn nan sekre pou ki pemet po m ret bel. Mwen manje 5 grenn kawot bebe chak jou (depi m pa bliye). Bonjan vitamin A ki gen ladann ede m kenbe bel po m.
Mpa neglije manje ki gen fè(sos pwa nwa, elatriye), ki gen vitamin E ak vitamin D. Gen bagay mwen pa renmen manje, m pran yo sou fom vitamin tankou m pa renmen pwason. Grasa vitamin ki gen luil pwason yo, kom kontinye byen nouri epi po m ret byen bel.
Yon lot bagay anko seke m pa neglije bwe dlo. Dlo netwaye kow, li baw yon ekla. Po w ap plise tankou hotdog ki te fri si w pa renmen bwe dlo! M bwe anpil dlo.
De lot bagay ke map travay sou yo ki pemet po rete bel tou se spo ak domi.
Jenetik
Si w we malgre efo w fe, po w pa egzakteman jan w ta swete l la, asime epi renmen po pa w la ak sa ki fel inik. Tout moun pa gen menm tip po. Jenetik jwe gwo wol nan sa. E nan ka pam, premye bagay ki fem gen po m genyen an se paske m gen menm po ak manmanm. E pesonn pa ka chanje jenetik.
Kelkeswa po w genyen an, pran swen l.
Annie, Afro Alice