NNP- Bezwen Esansyèl Tout Kalite Cheve Natirèl

Nou tout gen cheve nou natirèl men nou pa gen menm stil cheve, ni cheve nou pa gen menm istwa, bezwen menm kalite swen men gen twa bagay ke tout cheve nèt bezwen ke l te grenn, kel te siwo. Ekip Afro Alice la rezime sa tout cheve bezwen nan twa mo ki fome yon konsèp: N-N-P. Kisa NNP vle di? Ki fason pratik yon moun ka konsidere konsèp sa yon fason pou yo pran swen cheve yo byen pou li ka ansante, pouse epi byen bèl?

10888928_1017186268307862_7038706611032801128_n

N-N-P rezime sa tout kalite cheve bezwen pou yo rete ansante, bèl epi pouse e li vle di Netwaye / Nouri / Pwoteje cheve w. Pou w rive fe sa, sa mande lanmou ak pasyans. Ann dekotike chak grenn lèt yo.

10830437_1022246311135191_4254603199884775477_o

N-NETWAYE

Pou cheve w ansante, fok li netwaye. Netwaye cheve w gen ladan:

1- Sote pwent cheve w- yon fason pou pwent ki tchaktchak yo pa mare lot branch cheve w epi kase yo epi pou cheve w ka pi djanm

2- Eksfolye epi klarifye po tèt w- yon fason pou w retire tout salte, ekse pwodui ak selil ki mouri nan po tet la pou k la byen pran lè sitou le w fin fe yon penyen ki te bouche po tet ou oswa ki pat two pemet ou byen lavel

3- Lave cheve w- Pou w retire kras, swe, pousyè, lot salte ak ekse pwodui nan cheve w, fok w lave yo chak semèn ak chanpou oswa netwayan ou itilize ki apwopriye pou w fe sa.

Eske NETWAYE cheve se pa yon bagay tout moun dwe fe ke w gen cheve siwo, grenn? Ke cheve w long oswa kout? Ke cheve w ansante oswa bezwen amelyore?

Nou tout dako TOUT MOUN AK CHEVE NATIREL bezwen NETWAYE cheve yo.

Pa janm sispann netwaye chevew.

aveda-invati-rinse-still

N- NOURI

Pou cheve w ansante, bel epi grandi fok li manje (oui fok ou nouri l). Nouri cheve gen de pati:

1- Nouri cheve w pa anndan
“Cortex” se dezyem kouch cheve w e li responsab pwopriyete ak briyans cheve w. Pi bon kote pou w komanse travay pou cheve w bel e byen fome se nan manjew paske anplis de jenetik se sa w manje jan w viv ki pemet cheve w gen bon pwopriyete epi soti nan po tet ou djanm. Depi cheve w fin kite po tet la, ou PA KA CHANJE PWOPRIYETE cheve w yo, kidonk. jan w manje, bwe, domi, fe spo, jere laviw gen enpak sou chevew. Pou cheve w bel fok ou konn sa w dwe manje ak sa w dwe retire nan alimantasyon w.

2- Nouri cheve w pa deyo
Cheve w bezwen idratasyon ak pwoteyin pou l rete djanm pa deyo.
Premye bagay cheve w bezwen pou l bel djanm se dlo. Cheve w menmjan ak yon plant, depi l pa jwenn dlo, li red, li sek, li pret pou kase. Se komsi cheve w boude paske w pa bal manje. Toujou idrate cheve w. Cheve w bezwen bonjan pwoteyin tou pou li rete djanm epi gen fos. Se balans de bagay sa yo kap fe w konseve longe cheve w omaksimom pandan tout faz devlopman cheve w la. Pou wkonn ki vale idratasyon ak pwoteyin cheve w bezwe, tès sou cheve mouye ak tes powozite ap ede w. PA NEGLIJE pran swen chevew. Yon ti benduil, yon ti dlo, yon ti masaj fè yon diferans! Fe efo a, ou pap regret

woman-eating-healthy

P- PWOTEJE

Cheve pase twa faz nan lavi l, pou w prezeve l plis nan faz devlopman an e pou w ka sere maksimom longè pandan tout sik lavi cheve w yo, fok w pwoteje yo. Cheve w bezwen de tip pwoteksyon:

1- Pwoteksyon kont yon seri bagay nan anviwonman an tankou reyon solèy yo, pousyè, fredi, imidite, sèl lanmè, dlo klowoks, dlo ki gen kalkè, dlo pisin. Menmjan w pase krèm pou ki bloke reyon solèy yo le w pral ekspoze lontan nan soley la, menmjan tou gen krem ak luil pou ki fe sa pou cheve w yo. Lanati, jaden w ak kizin ou gen bonjan solisyon pou ede w pwoteje bel ti cheve w yo.

2- Pwoteksyon kont bagay ou itilize pou w fe stil men ki ka koute w longè, bote ak sante cheve w. Chalè ki depase 155 degre Celsius nan fè, nan sechwa, elatriye domaje lyezon pwoteyin cheve nou yo e sa pa ka repare. Penyen sere oswa rale cheve yo jiskaske yo soti ak tout pye(bulbe en francais), kite cheve yo mare jiskaske w pa ka jwenn bout yo anko, domi ak yo tou lage epi san yon bonè oswa yon sak zorye ki fet pou sa, itilize pwodui ki plen engredyan ki pa bon pou sante cheve w(koulè ki pa apwopriye pou cheve yo pa egzanp), move abitid tankou toujou ap rale cheve (hand in hair syndrome ann angle) se selman kek nan bagay ki ka fe w fin redi fe cheve w yo vini epi se wou anko ki pa pwoteje yo ase ki fe yo pral tonbe. Bagay ki di lew fin pase yon lane, de lane ap pran swen chevew, yo bel, yo founi, yo klere epi yo ansante. Epi pou tet yon chalè fè ki twop, yo komanse tonbe!

Si w pa pwoteje chevew, netwaye ak nouri w te nouri yo a se te lave men siye atè.

20793_930862936938654_6513008621530607803_n

Cheve ki long, ki ansante, ki klere epi bèl pa maji! Li don men li gen efo tou ladan e nou garanti w kelkeswa tip cheve w genyen an, kelkeswa moun ou ye, si w pratike N-N-P, cheve w yo ap grandi, yap bel epi yap long. Eseye epi wa bannou nouvel.

Ak cheve natirel, ou bel grasa ‪#‎NNP‬ sou baz lanmou ak pasyans.

Annie Christine Emilcar

Afro Alice

Kleren, Ronm ak Cheve Natirèl

Nou souvan tande kèk moun di alkol pa bon pou cheve, anpil blog menm sitel kom youn nan engredyan nou ta dwe veye nan pwodui n ap itilize pou cheve nou.  Epoutan, yo di ronm ak kleren bon pou cheve.  Kisa ki eksplike sa?

492852831

Gen tip Alkol 

Gen twa kategori alkol: alkol ki gen chèn kout, alkol ki net ak alkol ki gen chèn long.

chromescreen3-314x160

Alkol ak chen kout yo se alkol yo itilize pou fè pwodui pou ki sech rapid le yo fin aplike yo sou cheve.  Yo se move alkol paske yo fe cheve yo sèk.  Pami alkol sa yo, nou jwenn SD Alcohol 40, Ethanol, SD Alcohol, Propyl, Propanol ak Isopropyl

Alkol ki net yo se alkol yo itilize pou konsève pwodui oswa pou ede cheve a kenbe idratasyon (humectants). Benzyl Alcohol ak Propylene Glycol se kek egzanp alkol ki net.

Alkol ki ak chen long yo se alkol ki soti nan bet, nan plant, nan luil.  Yo itilize yo pou bay pwodui plis konsistans, pou idrate cheve epi pou pemet luil ak dlo kapab rete ansanm nan yon pwodui (emulsifiants). Men kek egzanp bon alkol sa yo: cetyl alcohol, stearyl alcohol, myristyl alcohol, lauryl alcohol, behenyl alcohol, cetearyl alcohol.  

Kèk Bwason ki gen alkol bon pou cheve

Gen bwason ki gen alkol nou renmen konsome anpil ann Ayiti ki bon pou cheve. Byè bon pou cheve paske li gen bon jan vitamin ladan ki bon pou ko nou epi pou cheve nou tou tankou vitamin B1, B2, B3, B6, B8, B9 ak fè. Alkol ki ladan an pa yon alkol endistriyel, se yon alkol ki soti nan plant.  Etandone li plen ak pwoteyin ak vitamin, li idrate cheve a, li bal fos, li fe l maleyab epi li fel grandi. Ronm ak kleren tou bon pou cheve. Yo gen sakawoz, kalsyom, mayezyom, potasyom ak fè ladan yo.  Ki byenfè yo pote pou cheve?

Byenfè Ronm ak Kleren pou cheve

Ronm ak kleren soti nan sik kann ki genyen sakawoz, kalsyom, mayezyom, vitamin B1, B2, B3, sa ki idrate, nouri epi bay cheve a fos.  Yo bon tou pou goumen kont kap nan po tet la.  Epi yo fe cheve a klere.

download

Koman w ka itilize yo

Ou ka itilize yo nan vaporizatè w melanje ak lot bagay pou w idrate cheve w. Ou ka fè mas pou cheve w ak yo tou.  Osinon ou ka mete yo tranpe ak lot engredyan pou w pase nan cheve w.  Le w bezwen diminye gwo odè zonyon oswa ji zonyon w ap mete nan cheve w, ou ka itilize ronm oswa kleren pou sa.

Ki diferans ki genyen ant Kleren ak Ronm

Pandan Festival du Rhum en Haiti ki te fèt nan mwa ki sot pase a, nou te pran yon ti tan pou nou mande yon seri pwofesyonèl nan domèn nan, ki diferans ki genyen ant ronm ak kleren.  Yo toulede soti nan sik kann, yo toulede fet menm jan. Sel bagay kleren fet selman ann Ayiti, yo pa rafine l oswa divize diferan alkol yo, li rete nan eta orijinal la. Ronm nan fèt ann Ayiti ak nan lot peyi epi li rafine epi yo ka ajoute epis pou ki mete yon diplis nan gou a.

rhum_barbancourt-ad43

ATANSYON: Gen ronm ki fet ak etanol endistriyel.  Si w itilize l, l ap seche epi kase cheve w.

Nan jou k ap vini yo, n ap pibliye resèt swen ou ka fè ak kleren oswa ak ronm.

Annie

Yon ti Rale Mennen Vini sou AFRORITAJ – Premye Edisyon Fwa/Festival Afro Alice la

Premye Janvye 2015 ap fè ekip Afro Alice la twazan depi li egziste.  Nan okazyon sa, nou ap oganize yon fwa/festival pou nou selebre sa nan dat ki ap 26 Desanm 2014 nan lokal Yanvalou Restaurant, Pacot, Haiti.

Nou chwazi AFRORITAJ (Afro Eritaj) kom tèm pou evenman sa paske li enpotan pou yon moun konnen sa ki pou li epi antreteni li, kenbe l epi kwe nan li. Si w pa renmen sa ou ye, sa ki pouwou, sa ki lakay ou, ou pap rive yon moun ki konplè e w pap aksepte epi asime sa ki fe w se wou.  Gen anpil bagay nou genyen kom eritaj  ke nou swa rejte swa bliye swa neglije. Gen bagay ke nou fet ak li tou ki fe nou moun nou ye a nou pa pran swen yo men ki gen gwo enpotans.  Nou pral pale de eritaj tankou cheve nou, moun nou ye, anviwonman nou, talan nou ak rèv nou, sante nou, elatriye.

afroritaj

Evenman sa ap yon fwa ak yon festival kote ap gen

– ekspozisyon pwodui lokal, manje lokal, akseswa ak lot bagay atizana moun fe ann Ayiti, pwodui cheve ayisyen.

– Ap gen plizyè ti chita pale ak ekspè ak atis Ayiti sou diferan tèm ki gen rapo ak eritaj.

–  Ap gen bonjan mizik ayisyen ak gwoup Twoubadou, bolewo ak konsè de atis ayisyen (se yon SIPRIZ).

– Ap gen pwojeksyon fim ak anpil lot aktivite kiltirèl ak sipriz pou ki fè tout moun non selman enstwi yo men amize yo tou.

– defile ak dans lokal

– Ap gen lot aktivite ki pemet youn patisipe ak lot.  Se ap vreman yon bon ti moman.

Se vre nou se yon sant k ap fè pwomosyon cheve natirèl men ke se yon moun ki gen pèmanant, texturizer, gason, timoun ap ka la tou.

Tikè pou yon moun ka patisipe a koute sèlman 250 goud ayisyen.  Plis enfomasyon sou sponso nou yo, ekspozan nou yo, elatriye ap disponib byento.

Annatandan, tou make dat la pou w ka la nan premye edisyon festival AFRORITAJ ak ekip Afro Alice la.

Nou pa ka tann pou nou rankontre epi fete avè ou.

Ekip Afro Alice la.

Pou plis enfomasyon oswa sijesyon, ekri nou sou imel nou.

Ti koze ak Afro Alice – Tretman Klere Ene (Henna Gloss Treatment)

Pandan mwen te sou yon gwoup cheve natirèl, yon pil medam t ap pale de eksperyans yo fè ak tretman klere ene epi koman li fè cheve yo grandi epi bèl.  Sa te vin fè mwen anvi konnen kisa tretman sa ye epi ki sa li fè pou cheve.  Mwen fè rechèch ak eksperyans pa m ak li e mwen vle pataje ak nou.

Sa li ye

Ene an kreyol, henna an anglè, henné an fransè se yon plant ki fèt nan peyi Iran ak Mezopotami. Yo pran fèy la yo retire ladann pou fèl tounen yon poud ki ka gri vèt, wouj oranj oswa nwa(lè yo ajoute endigo ladan) ke yo itilize pou fè tatwaj ak pou swen cheve.

HennaPowder-780x320

Kèk tip ene

Gen ene ki pa bay koulè sa yo rele Henné neutre la aloske ene natirèl la bay cheve koulè (li pa ka fè cheve a gen koulè ki pi klè, li toujou fè l pi fonse).

download

Byenfè li pou cheve

Anplis de koulè ki pa nosif li bay cheve, li pwoteje cheve a epil bal fòs. Epi li goumen kont kap tou. Sa se sèlman kèk nan byenfè ene pou cheve.

???????????????????????????

Atansyon! Si w pa fè aplikasyon ene a jan w dwe fèl la li ka deseche chevew

Kèk fason ou ka aplike l 

Ou ka fè pat pouw aplike sou cheve a, ou ka fè rens avèl, elatriye men jodi a nou pral pale de tretman klere ene a.

images (2)

Rens ak ene

Tretman total ene

Tretman total ene

Tretman klere ene

Tretman klere ene

Tretman Klere Ene a

Tretman klere ene se aplikasyon ene ki melanje ak yon rens oswa yawout san sik epi yon luil: trè souvan luil doliv oswa luil kokoye, ji sitwon oswa te vèt pou fè koulè a sòti. Li fè cheve a gen fòs epi klere, dayè se sak fè ann anglè yo rele tretman sa henna gloss.

Ou ka fè diferans ant pat ene nòmal la epi ene klere a (henna gloss)

10550915_917424261617397_5817593268115697658_n

Men kòman ou ka prepare ene klere a:

1- melanje ene ak ji sitwon oswa te a epi kitel pou yonn oswa plizyè èdtan pou koulè a sòti.

2- apresa melanje rens ou vle a ak melanj ene a epi ajoute luil doliv oswa kokoye

3- aplikel sou cheve ki yon ti jan mouye pou pèmèt li byen penetre kitel nan tèt la pou yonn oswa 8 èdtan.

Cheve m aprè inèdtan kenz minit ak aplikasyon klere ene a

Cheve m aprè inèdtan kenz minit ak aplikasyon klere ene a

4- rensel epi fè yon swen pwofon.

Cheve pi fonse, klere epi soup

Cheve pi fonse, klere epi soup

 

Enfòmasyon nou poste yo pa oblije pèsonn pou yo eseye yo si l pa vle. Nou fè li pou kilti jeneral epi pou moun ka konnen diferan opsyon yo genyen pou yo pran swen cheve yo.

Annie

Afro Alice