Afro Alice – 4 lane deja!!!

1ye Janvye 2012- 1ye Janvye 2016

Jodiya fè AFRO ALICE 4 lane!!!!!!!

image

Mèsi ak nou chak pou èd nou sipò nou konsèy nou patisipasyon nou prezans nou ki vrèman bannou bourad epi ede chak jou pi plis rèv nou gen pou Ayiti gen pil tifi ak jènfanm ki konnen, aksepte epi renmen tèt yo jan Bondye fè yo a reyalize.

image

Lè nou te fèk kòmanse nan lane 2012, pi fò kominote ann Ayiti te wè cheve grenn kòm yon bagay pou machann lèt, sentaniz; yon bagay nou pa ka ale ni nan gran sòti ak li ni moun paka twouve nou bèl ak li. 4 lane pi ta, lè nou wè gwo chanjman ki genyen nan kantite ak kalite moun ki vin aksepte sa ki pou yo, sa bannou kè kontan ak ankourajman poun kontinye ede yo pi plis toujou. Gen anpil ki rete pou fèt toujou men nou kontan wè grasa ti kontribisyon pa nou chak jou nou rive pote pozitivite ak chanjman nan lavi plizyè tifi, plizyè fanm. Nou kontan nou se yon referans ak yon modèl pou kominote tifi ak jènfanm ann Ayiti nan domèn sa a.

image

Nou pase de 12 grenn moun a anviwon 50 000 moun kap suiv nou sou tout rezo sosyal yo ak sou blog la.  Fanmi an pa sispann grandi e chak jou rapwoche nou pi plis de rèv nou. Gen anpil ki rete pou fèt toujou men nou sou wout la e nou detèmine pou nou kontinye simen grenn k ap pèmèt nou atenn vizyon nou genyen an.

Ekip Afro Alice la

Ti Koze ak Afro Alice – Rale Mennen Vini sou “Scab Hair”

Anpil nan nou konn ap plenyen lè nou ap fè tranzisyon oswa lè nou fèk tounen natirèl, cheve ki nan tèt nou an pa menm cheve nou te genyen anvan nou te mete pèmanant, texturizer, elatriye. Ki fenomèn sa ye? konbyen tan li dire? sa w ka fe pou li?

uploadfromtaptalk1374198591743

Kisa cheve kwout oswa scalb hair (anglè) ye?

Cheve kwout se lè cheve nou ki grandi tou natirèl pa gen menm tip menm fos ni menm fom ak cheve nou te genyen an jeneral anvan nou te mete pèmanant, texturizer oswa koulè chimik. Cheve a grandi tou domaje epi li rèd kon bout bwa oswa li chanje totalman.

Sak lakoz fenomèn sa se move tretman nou bay cheve nou ak maltrete nou maltretel ak pwodui chimik twop.

Hair Scab

Konbyen tan sa ka pran anvan cheve kwout oswa po tet kwout ranje?

Selon degre cheve a oswa po tet la domaje ak efo moun nan fe pou li tretel, sa ka pran ennan oswa plis pou li repare. Nan kek ka, moun nan ka pa janm rejwenn cheve oswa po tet li te genyen anvan an.

images (1)

Sa w ka fe pou w trete l?
Dega ki koze fenomen nan konn sou deyo cheve a, gen lot fwa sou anndan cheve a oswa toulede. Pi bon fason pou w jere sa, se le w fe yon konsiltasyon cheve w pou yo itilize yon mikwoskop oswa yon aparey ki pemet yo byen we nan ki pwen dega a fet. Apresa, pran swen po tet ou ak cheve w ni anndan ni deyo. Len di anndan nou we nan jan nou manje ak pran swen ko nou. Nou we deyo le nap pale de swen nou fe pou cheve nou. Le konsa li bon pou nou fe swen ki plis natirel ke posib. Itilize luil ki byen rantre nan po tet la e ki repare l : kokoye, oliv, zanmann, zaboka. Mase po tet la regilyeman. Epi rive yon le, wap oblije koupe pati cheve ki konsa yo.

Annie Christine Emilcar

KWAFI PWOTEKTRIS KI PWOFITE CHEVE W

Jodiya nou pral pale de penyen ki pwoteje cheve.

KISA KWAFI PWOTEKTRIS YE?

Nan kominote medam ak cheve natirèl, se yon penyen ki pwoteje cheve a pou l pa domaje. Pwent cheve w tache oswa pa deyo e nan kek ka, cheve pa w pa deyo tou. Medam yo fe penyen sa yo pou yo bay cheve yo repo, pou yo pa manipilel anpil, pou evite cheve yo domaje toutpandan rasin nan kontinye pouse, le konsa yap maksimize longè cheve yo.

Kèk egzanp penyen ki pwoteje cheve gen ladan ti kouri, chou ki gen bouda poul, chiyon, crochet braids, alonj, ti très ki tache ak tout lot penyen kote pwent cheve a ak ko a pwoteje.

KISA YON KWAFI PWOTEKTRIS PA YE?

Yon penyen ki pou pwoteje cheve w pa yon penyen ki fe w pa manipile cheve w. Se de bagay ki diferan. Se sak fe, yon moun ki penyen pwent peny fe yon penyen ki fel pa manipile cheve l anpil men li pa yon penyen ki pwoteje chevel. Gen kek penyen ki ni pwoteje cheve, ni fe w pa manipile cheve w anpil men kwafi pwotektris PA kwafi ki gen ti kras manipilasyon

ESKE STIL W FE POU KI PWOTEJE CHEVE W LA FE SA VRE

Penyen pou pwoteje cheve w ta dwe fe cheve w pi bel, pi ansante epi pouse pi vit. Epoutan, anpil moun ki fe stil sa yo we cheve yo pa pouse, genyen ki vin gen alopesi, cheve yo mare, tchake. Osnon, genyen ki telman fe yon seri move jes ak cheve yo ou mande tet yo eske vreman vre penyen yo fe a se pou yo pwoteje cheve yo? Nou pral pale de kek bagay nou ta dwe konsidere le nou di nou ap fe yon penyen pou pwoteje cheve nou

PREMYE BAGAY – IDRATASYON

Si w pa idrate cheve w anvan w fe kwafi pwotektris la, pandan ou kite l nan kwafi pwotektris la, penyen w nan pap pwoteje cheve w. Yap sèk epi pa etone cheve w pral tonbe. Fè swen pou w netwaye epi idrate chevew anvan w fè penyen an, pandan cheve w nan penyen an, pa neglije itilize ti vaporizatèw ak dlo ladan. Penyen an poukol pap al fe yon mirak pou kenbe cheve w bel epi ansante. Fok cheve w pa sispann manje pandan li nan penyen an.

012871830 portrait beautiful african gir

DEZYEM BAGAY – SELE IDRATASYON AN

Nou tout konnen si nou annik flite dlo nan cheve nou, nan yon moman anko, l’ap retounen sèk. Depi l retounen sek, cheve a pral domaje donk li pap pwofite de repo w ba li a. Le w fin flite dlo nan cheve w, itilize yon luil pou w sele idratasyon an ladan yo. Cheve sek= cheve kase.

TWAZYEM BAGAY – PENYEN SERE

Anpil nan nou kwè nan penyen sere, gen kek ki di se sak montre yo djanm. Gen lot ki pa we tet li bel sil pa penyen sere. Penyen sere se bagay kap irite po tet ou, rache cheve w epi ki gendwa baw alopesi oswa lot pwoblem anko. Pa sere tet paw, pa sere tet lot moun, pa kite moun sere tet ou!

KATRIYEM BAGAY – KONBYEN TAN LI RETE/NETWAYAJ

Gen moun ki panse yon kwafi pwotektris se yon tatwaj! Apre 6-8 semèn, li LE pou w defèt penyen an, fè swen pou chevew, kite l pran yon ti lè ANVAN w rekomanse kwafi pwotektris. Gen lot ki bliye tet yo ki pa lave tet yo pandan yo ak penyen an. Nonselman cheve yo ap soufri le konsa, men figi w tou: paske tet ou sal, pral sou zorye kote figi w ye epi ba w bouton! Le w resi retire penyen an, cheve w ap telman mare, wap retire yon bel pouf le w resi fin demele yo. Gen yon JAN pou w jere kwafi pwotekris.

Nou swete ti konsèy sa yo ap pèmèt w jere penyen pou w pwoteje cheve w yo pi byen.

Annie Christine Emilcar

Afro Alice

NNP- Bezwen Esansyèl Tout Kalite Cheve Natirèl

Nou tout gen cheve nou natirèl men nou pa gen menm stil cheve, ni cheve nou pa gen menm istwa, bezwen menm kalite swen men gen twa bagay ke tout cheve nèt bezwen ke l te grenn, kel te siwo. Ekip Afro Alice la rezime sa tout cheve bezwen nan twa mo ki fome yon konsèp: N-N-P. Kisa NNP vle di? Ki fason pratik yon moun ka konsidere konsèp sa yon fason pou yo pran swen cheve yo byen pou li ka ansante, pouse epi byen bèl?

10888928_1017186268307862_7038706611032801128_n

N-N-P rezime sa tout kalite cheve bezwen pou yo rete ansante, bèl epi pouse e li vle di Netwaye / Nouri / Pwoteje cheve w. Pou w rive fe sa, sa mande lanmou ak pasyans. Ann dekotike chak grenn lèt yo.

10830437_1022246311135191_4254603199884775477_o

N-NETWAYE

Pou cheve w ansante, fok li netwaye. Netwaye cheve w gen ladan:

1- Sote pwent cheve w- yon fason pou pwent ki tchaktchak yo pa mare lot branch cheve w epi kase yo epi pou cheve w ka pi djanm

2- Eksfolye epi klarifye po tèt w- yon fason pou w retire tout salte, ekse pwodui ak selil ki mouri nan po tet la pou k la byen pran lè sitou le w fin fe yon penyen ki te bouche po tet ou oswa ki pat two pemet ou byen lavel

3- Lave cheve w- Pou w retire kras, swe, pousyè, lot salte ak ekse pwodui nan cheve w, fok w lave yo chak semèn ak chanpou oswa netwayan ou itilize ki apwopriye pou w fe sa.

Eske NETWAYE cheve se pa yon bagay tout moun dwe fe ke w gen cheve siwo, grenn? Ke cheve w long oswa kout? Ke cheve w ansante oswa bezwen amelyore?

Nou tout dako TOUT MOUN AK CHEVE NATIREL bezwen NETWAYE cheve yo.

Pa janm sispann netwaye chevew.

aveda-invati-rinse-still

N- NOURI

Pou cheve w ansante, bel epi grandi fok li manje (oui fok ou nouri l). Nouri cheve gen de pati:

1- Nouri cheve w pa anndan
“Cortex” se dezyem kouch cheve w e li responsab pwopriyete ak briyans cheve w. Pi bon kote pou w komanse travay pou cheve w bel e byen fome se nan manjew paske anplis de jenetik se sa w manje jan w viv ki pemet cheve w gen bon pwopriyete epi soti nan po tet ou djanm. Depi cheve w fin kite po tet la, ou PA KA CHANJE PWOPRIYETE cheve w yo, kidonk. jan w manje, bwe, domi, fe spo, jere laviw gen enpak sou chevew. Pou cheve w bel fok ou konn sa w dwe manje ak sa w dwe retire nan alimantasyon w.

2- Nouri cheve w pa deyo
Cheve w bezwen idratasyon ak pwoteyin pou l rete djanm pa deyo.
Premye bagay cheve w bezwen pou l bel djanm se dlo. Cheve w menmjan ak yon plant, depi l pa jwenn dlo, li red, li sek, li pret pou kase. Se komsi cheve w boude paske w pa bal manje. Toujou idrate cheve w. Cheve w bezwen bonjan pwoteyin tou pou li rete djanm epi gen fos. Se balans de bagay sa yo kap fe w konseve longe cheve w omaksimom pandan tout faz devlopman cheve w la. Pou wkonn ki vale idratasyon ak pwoteyin cheve w bezwe, tès sou cheve mouye ak tes powozite ap ede w. PA NEGLIJE pran swen chevew. Yon ti benduil, yon ti dlo, yon ti masaj fè yon diferans! Fe efo a, ou pap regret

woman-eating-healthy

P- PWOTEJE

Cheve pase twa faz nan lavi l, pou w prezeve l plis nan faz devlopman an e pou w ka sere maksimom longè pandan tout sik lavi cheve w yo, fok w pwoteje yo. Cheve w bezwen de tip pwoteksyon:

1- Pwoteksyon kont yon seri bagay nan anviwonman an tankou reyon solèy yo, pousyè, fredi, imidite, sèl lanmè, dlo klowoks, dlo ki gen kalkè, dlo pisin. Menmjan w pase krèm pou ki bloke reyon solèy yo le w pral ekspoze lontan nan soley la, menmjan tou gen krem ak luil pou ki fe sa pou cheve w yo. Lanati, jaden w ak kizin ou gen bonjan solisyon pou ede w pwoteje bel ti cheve w yo.

2- Pwoteksyon kont bagay ou itilize pou w fe stil men ki ka koute w longè, bote ak sante cheve w. Chalè ki depase 155 degre Celsius nan fè, nan sechwa, elatriye domaje lyezon pwoteyin cheve nou yo e sa pa ka repare. Penyen sere oswa rale cheve yo jiskaske yo soti ak tout pye(bulbe en francais), kite cheve yo mare jiskaske w pa ka jwenn bout yo anko, domi ak yo tou lage epi san yon bonè oswa yon sak zorye ki fet pou sa, itilize pwodui ki plen engredyan ki pa bon pou sante cheve w(koulè ki pa apwopriye pou cheve yo pa egzanp), move abitid tankou toujou ap rale cheve (hand in hair syndrome ann angle) se selman kek nan bagay ki ka fe w fin redi fe cheve w yo vini epi se wou anko ki pa pwoteje yo ase ki fe yo pral tonbe. Bagay ki di lew fin pase yon lane, de lane ap pran swen chevew, yo bel, yo founi, yo klere epi yo ansante. Epi pou tet yon chalè fè ki twop, yo komanse tonbe!

Si w pa pwoteje chevew, netwaye ak nouri w te nouri yo a se te lave men siye atè.

20793_930862936938654_6513008621530607803_n

Cheve ki long, ki ansante, ki klere epi bèl pa maji! Li don men li gen efo tou ladan e nou garanti w kelkeswa tip cheve w genyen an, kelkeswa moun ou ye, si w pratike N-N-P, cheve w yo ap grandi, yap bel epi yap long. Eseye epi wa bannou nouvel.

Ak cheve natirel, ou bel grasa ‪#‎NNP‬ sou baz lanmou ak pasyans.

Annie Christine Emilcar

Afro Alice

Alopesi – Sak Lakoz li Ak Jan l ka Trete

Anpil moun konn kontakte nou pou mande koman yo ka jwenn solisyon pou de bo tèt yo k ap kale oswa chit yo genyen nan lot kote nan cheve yo, se vre nou ede moun sa yo le nou ba yo bon konsey oswa menm mande yo we yon dematolog le sa vreman grav men se lotrejou nap konprann a ki pwen pwoblem sa se yon pwoblem ki ap fe kenken kay medam yo. Se sak fe li enpotan pou nou pataje kek enfomasyon ak konsey ak nou tout, yon fason pou nou ka fe prevansyon oswa tretman pwoblem sa. Nou pral pale de alopesi : sal ye, kisa ki lakoz epi kijan nou ka evite oswa trete l ?

Alopesi se mo doktè ak moun ki nan sektè sante a itilize pou TOUT chit cheve. Li nomal pou nou pedi 100 a 150 cheve chak jou e le sa rive li pa yon pwoblèm. Tout cheve ki tonbe pi plis ke sa se yon chit e se sa yo rele alopesi a.

dsc01844-300x225

Alopesi konjenital se alopesi ou mwens rankontre.  Lè yon moun gen fom alopesi sa, cheve pa pouse nan rasin tèt la ditou e cheve pa rive soti paske gen anomali nan jan cheve yo fome a.  Cheve yo PAP JANM pouse kidonk se sel gref cheve ki solisyon le yon moun gen alopesi konjenital.

Alopesi akoz sikatris se le w pedi cheve konpletman nan yon kote nan tet ou gen yon mak paske w te fe yon gwo aksidan, ou te gen yon gwo blese, ou te gen yon maladi grav tankou loupous oswa  w te boule. Cheve yo PAP JANM pouse anko kidonk   pi bon solisyon an se gref cheve.

Alopesi andwojenetik se sa nou rele an jeneral moun ki chov la. Se vre nou we li pi vizib kay gason men li rive fi tou. Li jenetik epi pou w genyen l fok gen sa nan fanmi w. Li rive le timoun nan laj pou fome, ogmantasyon omonn degrade po tet la epi fe cheve yo grandi mwens amezi ane ap pase. Etandone fi gen pi bon ekilib nan omon yo, se selman 25 % fi ki konn gen pwoblem chov. Le gason chov, yo gen tandans pedi cheve devan tet la ak nan mitan tet la. Le fi chov, cheve nan mitan tet yo klèseme tikras pa tikras. Finosteride, Minoxidil ak enplantasyon cheve se solisyon pou moun ki chov.

Alopesi distribiye, sa yo rele effluvium telogene nan se le ou gen plizye kote nan tet ou k ap pedi cheve. Stres oswa manje mal oswa radyoterapi oswa kimyoterapi oswa yon enfeksyon oswa akouchman oswa sezon ka lakoz sa. Gendwa se yon medikaman wap pran oswa yon pwoblem nan tiwoyid oswa nan metabolism ou ki lakoz sa tou. Pou w trete alopesi sa, li enpotan pou w idantifye kiyes nan bagay sa yo ki lakoz li. Kou w trete sak lakoz li a, cheve a sipoze repouse.

download

Alopesi aerata sa yo rele pelad la se le w gen kote byen spesifik nan tet la kote wap pedi cheve epi yo fe yon seri de twou ki plizoumwen gwo. Se pwoblem nan sistem iminitè ki konn lakoz li. Stres ka lakoz li tou. Piske sa gen rapo ak sistem kow , li bon pou w we yon doktè pou ki preskriw sa ki ap ede cheve a repran manm epi pwoblem nan trete

Ou ka lakoz ou pedi cheve tou si w pa manje byen, ou pa domi byen, wap mennen yon vi ki stresew, ou pa idrate kow ase, ou manke vitamin, ou penyen sere oswa w penyen chou tout tan oswa grèf tout tan ka lakoz ou fè chit cheve. Lè sa, fo w idantifye ki sak fe sa epi itilize bon ti pwodui pou cheve natirel ki ka edew.

Grasa bon lanmou ak swen ou ba yo, yap regrandi anko.