Ak cheve natirèl, ou depanse mwens epi w endepandan

Gen anviwon de semèn de sa, yon dam ki Japon te kontakte nou pou l di nou li gen gwo pwoblèm pou l jere cheve natirèl li paske kote l ye a yo pa fè pwodui pou cheve natirèl moun ki nwa. Yon dam ki nan peyi Chili te kontakte nou pou menm rezon an.

Sa gen yon semèn depi yon kliyan nan yon stidyo t ap plenyen paske l achte tout gam yon pwodui, non sèlman li achte l chè anpil men gam nan pa ale ak cheve l.

Semèn ki te pase a, nou te mande pou moun pataje opinyon yo ak nou sou depans cheve natirèl fè yo fè. Eske l mwens oswa plis e te gen yon gwo majorite ladan yo ki vrèman kwè cheve natirèl yo koute yo je nan tèt yo.

Sou baz twa ensidan sa yo, nou vle fè yon ti pale ak nou.

cheap and easy Homemade Deep Conditioner recipe.

– Annou analize premye ka a: dam ki nan peyi etranje ki panike paske yo pa jwenn pwodui YO fè pou cheve natirèl la. Eske se vre yo pa gen ankenn pwodui vre pou yo pran swen cheve yo?

Ke w te ann Afrik, ann Amerik, Oseyani, elatriye, depi latè kontinye pwodui manje pou w manje, gen pwodui pou w pran swen cheve w tou. Mwens ou depann de pwodui lot moun fè, plis ou aprann konn resous ki nan tè a ak jan w ka byen itilize yo pou cheve w ak rès kow, se mwens fristrasyon pou wou epi se mwens depandans pouwou. Toupatou w ye, wap jwenn luil, wap jwenn bè, w ap jwenn fwi, w ap jwenn fèy ak lot bagay anko ou ka byen itilize pou w pran swen cheve w.

Depi lè m te bloke nan yon vil nan yon peyi etranje, mwen te bliye pwodui cheve m ann Ayiti e m pat ka deplase al achte pwodui, m aprann depann de pwodui ki nan kizin ak nan tè. Lè sa, se moun nan kizin restoran otèl la ki te vin pi bon zanmim pou m te ka pran swen cheve m.

Etap 3

Ak cheve natirèl, ou san limit jeyografi. Kelkeswa peyi w ye a, ou ka pran swen yo!

– E ka dam ki te achte tout yon gam pwodui nan yon stidyo byen chè epi li pa bon pou li?

Cheve w fè pati kow ak moun ou ye a. Jan w aprann konn tet ou ak kow , se konsa w dwe aprann konn chevew. Ou pa achte pwodui anvan epi w aprann konn sa cheve w vle apre! Pou w konn cheve w, w ka swa fe rechech pesonel kap ede w konnenl oswa al jwenn moun ki ekspè nan cheve natirèl pou ki fè sa pouwou(atansyon- yon ekspè cheve PEMANANT pa FOSEMAN yon ekspè cheve NATIREL, se de bagay diferan). Nan aprann konn cheve w, w dwe konn sak fos li, sak febles li, sal bezwen pou l atenn objektif ou vlel atenn nan. Se selman le sa, w ap ka konn ki pwodui ki prale ak li. Se pa paske pwodui a ale ak yon zanmiw ki gen menm tip cheve ak wou ki fel pral avè w tou. Lèw fin konn sa cheve w bezwen, fok ou dispoze li engredyan ki sou chak pwodui w ap achte pou w we vreman vre se sa w bezwen pou chevew. Lajan fet nan di. Ou pa dwe achte pou w achte men achte sa w KONNEN ki ap bon. Leu w fin respekte tout sa e w achte yon pwodui ki pa bon pouwou, pran abitid fe echanj ak lot moun ki natirel ou konnen. Pwodui ki pa fe w byen ka fe yon lot byen. Kidonk, le nou twoke pwodui sa pemet lajan w te depanse a pa pedi e w rive jwenn yon lot pwodui ki fe cheve w byen.

180577_128570450544436_3566589_n

– Denye ka a se ka moun ki kwè ke yo depanse PLIS ak cheve natirèl yo. Si w vreman panse sa, konnen gen yon pwoblem nan jan wap jere kob ou nan jesyon cheve w!

make-money-with-natural-hair

Premyeman, cheve natirel pran swen san pwoblem ak pwodui nan mache ke n itilize nan kizin nou e ki pa koute chè.

Dezyemman, si w fin eseye yon pwodui ou we l mache pouwou, ki nesesite w genyen pou w ap pede achte pwodui chak fwa yo propoze w fe sa osnon chak fwa anvi an montew. Si w se yon PRODUCT JUNKIE (Tizè Pwodui) ki toujou ap achte epi eseye nouvo pwodui, se chwa paw. Kidonk, se pa CHEVE W ki fe w depanse anpil se TIZE W TIZE a.

Twazyèmman, anpil nan nou two renmen bay moun fè tout bagay pou nou olye nou aprann fè yon nouvo bagay oswa fèl nou menm. Kiyes ki benyenw? Kiyes ki abiyew? Se nomal ke w ka pa yon ekspè nan pran swen ak penyen tet ou men gen de bagay de baz, ou pa oblije ap peye bay fe pouwou. Yon ti kras efo anplis pou w aprann oswa pou w fe ap edew depanse mwens. Yon chou, yon kodonet, yon swen anplis….

Cheve w bezwen dlo pou w idratel. Konbyen yon ti vaporizatè dlo pou yon semèn koutew? Li bezwen yon bon ti leave in? Konbyen yon ti ji lalwa ka koutew? Yon ti luil kokoye oswa maskreti? Yon chanpou natirèl kew ka fè lakay ou ak engredyan pou sa?

Cheve natirèl dwe koute w mwens. Si l koute w plis, al fè yon ti reflechi sou kisa w ka fè pi byen pou w jere cheve w san w pa fè twou nan poch w.

Mwen pèsonèlman, leu m pa an mod Tizè Pwodui, swen cheve m nan yon mwa pa koute m pi chè ke 556 goud!

Afro Alice Hebdo – Mica Elle

Afro Alice te kontan pran yon ti tan pou pale ak yon save nan zafè jesyon cheve natirèl la.  Y ap oganize yon evenman nan jou k ap vini yo Ayiti.  Kidonk, kontinye li pou n ka jwenn plis enfomasyon sou pwogram ki pral fet la ak moun ki oganizel la.

1- Pale nou de wou

Non mwen se Michaelle, min preske tout moun rele’m Mica. Se moun Okap natif natal mwen ye. Map viv Montreal, Canada sa gin kek tan. Sa fe 4 an ke mwen natirel, 5 an depi mwen te met pemanant. Depi 5 an sa yo map fe rechèch pou ka konnen koman mwen pral jere cheve’m yo e map kontinye toujou.

Mica - Evolution Naturelle

Mica – Evolution Naturelle

2- Pale nou de Evolution Naturelle

Bon Evolution Naturelle la se yon fenomen! Nou gen yon gwoup sou Facebook ki rele Naturally Yours epi nou fe plizye rankont Nouyok ak Monreyal kote map viv. Epi nou vin di ke fok nou fe plis toujou pou moun Monreyal yo.  Mwen ak bon patnèm Patricia Lilavois ak lot zanmim ki manm, nou monte Evolution Naturelle, yon gwoup ki fe atelye pou bay bonjan enfomasyon nan jere cheve natirèl.  Atelye nou pral fe Ayiti a ap 5yèm nou fè nan ennan edmi.

11292714_10153252835931005_276577552_n

3- Di nou kisa ki sere nan djakout nou pou moun kap vin nan atelye k ap fet 5 jiyè ann Ayiti a.

11407123_10153244286646005_5615447466495702413_n

Dabo, anpil moun pa konn koman pou jere e pran swen cheve yo nan eta natirel li. Nou pral dekotike sa de A a Z. Epi tou, nou pral montre ke nou pa bezwen antre nan yon magazen pou jwenn pwodwi pou cheve’w. Gen anpil bagay nou deja genyen la nan peyi a! Lè tout sa finn fet, nou pral ede tou moun ki la yo gen ase enfomasyon pou yo etabli yon woutin pou yo pran swen cheve yo. Depi ou konprann koman cheve’w fet, sa li bezwen, wap ka jere yo!

4- Di nou, eske ap gen pwodui tou pandan atelye a? Eske moun yo ap bezwen mache ak ti kob?

Wi. Depi 5 an, mwen fe pwop pwodwi pa’m, li rele Simbi. Se yon melanj bè ak luil pou cheve ak ko.   Se yon pwodui ki sele idratasyon byen, sa vle di depi cheve’w idrate (dlo), ou sele li ak Simbi, ou la pou kek jou. Genyen anpil kado tou pou nou bay. Ap gen panye kado ak bokal Simbi. Epi lè moun yo vini, yo pap pati de men vid. Yap jwenn echantiyon ak lot bagay anko pou yo eseye. Se le yo vini ya wè kisa. Ap genyen poud tankou Rhassoul, Ajil, elatriye tou pou achte.

22222_10153189604256005_1673957933940284710_n

11358620_10153252842546005_487042104_n

5-Kounya nou pral fe yon ti pale sou cheve natirel paw.  Kisa k te konvenk w retounen natirel?

Mwen pat kapab anko! Le mwen te konn mete pemanant, depi yo rive deye tet mwen, se kouri mete pemanant lan la epi rensel menm kote a. Malgre sa mwen toujou boule! Mwen te konnen mwen pa tap mete pemanant la anko, men se pandan gran sè’m nan lopital epi nyès mwen ki natirel vinn vizite’l mwen wè cheve’l mwen di THAT’S IT! Byen fo nan lopital moun yo! Depi le sa mwen pa janm gade deye anko: Natirèl netale.

10628464_10152845398666005_8270796953829452249_n

6- Ki rejim w genyen pou cheve w?

Rejim mwen senp. Mwen pa sevi ak champou sa fe 1 an edmi, mwen sevi ak savon afriken nwa (African Black Soap) ak lot savon pou cheve ke mwen achte isit nan Monryeal (tale mwen pral fe pam). Mwen toujou fe tretman nan yo ak te melanje ak ajil e lot poud endyen (gen nan yo nou genyen Ayiti, vinn nan atelye nap konnen). Rens mwen sevi a se Suave. Sak fe mwen sevi ave l la se paske li ede m avek yonn nan poud yo ki fe cheve’m byen Apre sa se dlo, lwil mwen melanje ak Simbi. Cheve yo toujou nan de dwet, sak ede m pou m jere tan ak eneji nan penyen.

10882178_10152845395986005_6435358293698351532_n

7- Ki mesaj w tap bay medam ki gen pwojè vin natirèl oswa ki deja natirèl yo nan kominote ayisyèn nan?

Pou moun ki gen pwoje a, pa dekouraje! Transisyon a pa fasil sitou si ou pa janm manipile cheve’w nan eta natirel li. Nap we ke dlo se pi bon zanmi nou ta genyen. Trete cheve a tankou li te natirel: fe atansyon le wap pase peny nan pati natirel la, komanse demele nan pwent epi monte, ba li lwil pou ede manipilasyon e pou sele idratasyon an. Evite penyen ki mande pou’w penyen chak jou; ou ka fe  bantu knots, mete ti roulo pou ou fe bouklet.. wap la pou kek jou si ou fe sa. Se menm bagay mwen konseye yon moun ki natirel tou. Nan group ke nou genyen sou Facebook ki rele Marabou Vanyan, nou gen yon pati nou prete nan chante Coupe Cloue a ki di “Bal ti dlo” bay cheve nou dlo, lap kontan anpil. Cheve natirel pa yon kove non, se pi gwo delivrans mwen genyen! Epi tou, pa depann de pwodui nan magazen. Tout sa nou bezwen li nan la nati, nan lakou lakay nou, pwofite!

Annie Christine Emilcar

Afro Alice

Ki mófotip ou?

Se vre ke nan gym, gen diferan moun kap pousuiv diferan objektif. Fi ki vin pedi grès, moun ki fin akouche ki ta renmen pran fóm avan yo, fi ki wè yo tró mèg e ki bezwen grosi ou devlope yon pati nan kó yo(trè souvan janm ou dèyè), gason ki trouve yo mèg e ki ta renmen grosi, nèg ki gen tróp grès ki ta renmen gen kó pou yo poste sou plaj etc. Chak moun sa yo gen metód pa yo selon sa y’ap chèche men m kwè ke anpil nan nou gen omwen 1 zanmi ki manje nenpót sa’l vle,ki pa vrèman fokis sou koze spó e ki toujou rete ak on fóm ke nou menm n’ap travay anpil pou’n genyen e ki ap koute nou anpil sakrifis avan sa. Dè fwa’w konn panse’w gon bagay ou pa fè byen nan manje ou nan spó, sa konn fristre’w e fè’w dekouraje, ou konn ap mande’w si se nan move ras ou soti, ak on pakèt lót kesyon k’ap domine’w. Mwen gen yon bon nouvèl pou tout moun ki viv sitiyasyon sa a. Gen 3 mófotip e yo chak gen karakteristik yo, jan pou yo manje e jan pou yo fè spó. Depann de objektif ou genyen, yon tip ka ofri’w plis avantaj ke on lót moun. Nan ki kategori’w ou e kisa sa vle di? Daprè sikológ William Sheldon gen 3 mófotip.

Endomóf

Se on moun ki gen on system dijesyon trè lan aló yo asimile grès rapid e w’ap toujou remake ke moun sa yo gen plis tandans ret gro oubyen pran pwa vit, gen kó mou e pa gen tras sou kó yo ditou. Lè yo pako ap fè spó, yo gen gro vant, zepól yo tonbe, kwis yo ak janm yo mou e gro(Foto1). Nan tanperaman se de moun ki trè souvan gen kè kontan, anvi trip e renmen manje selon jan yo santi yo(genyen ki konn di’w depi yo strese fók yo pran anpil sik pa egzanp). Li konseye pou moun sa yo kontrole kantite sa y’ap manje ou kalori ke y’ap konsome sitou si yo pap viv on vi ki trè aktif.

Yo dwe manje 5 a 8 fwa nan jounen pou yo kapab akselere metabolis yo e toujou sonje akonpanye sa y’ap manje a de proteyin(Nou te déjà pale de manje ki rich an proteyin yon an on lót atik), e yo dwe rete lwen de manje sikre(sik rapid,gato,bonbon,etc) ak move grès. Men apa de manje yo ke yo dwe veye, Endomóf la “oblije” fè anpil spó, spesyalman aerobik,cardio, pou’l depanse kalori ke kó’l déjà pap depanse fasil yo sinon li trè probab ke pi devan li konfronte ak problem kè, sik ak tansyon. Youn nan eleman ki pi pozitif nan kategori sa se ke yo gen anpil fós aló lè yo kómanse gen andirans, ap leve pwa e grès ap diminye, yo vrèman gen bèl rezilta paske muscl yo déjà gro, e yo vin byen defini.

Foto1

IMG-20150601-WA0000

Ektomóf

Trè souvan moun sa yo parèt mèg ou mens men li fasil pou yo gen on bèl kó si yo fè spó. Avan sa w’ap remake ke yo gen zepól fèmen, pye fen, bra long epi zo lestomak yo parèt(Foto2). De tanperaman yo sansib anpil,enève fasil lè yon bagay deranje yo e de tanzantan yo renmen rete poukont yo. Yo gen yon gro avantaj paske metabolis yo rapid anpil aló yo kapab e yo dwe manje anpil, yo pa gen pou enkyete yo de pran grès ou de gro vant.

Youn nan avantaj yo genyen se ke yo gen anpil andirans e yo ka fè spó(basket,foutból,kouri etc) pandan lontan san yo pa janm fatige men leve pwa pa osi fasil pou yo. Li fasil pou yo gen yon bèl kó byen trase men youn nan pi gro problem yo rankontre se lè yo bezwen pran pwa, li ta konseye pou yo manje anpil e pa fè tróp egzèsis cardio ansuit pa fè plis ke 45 minit a 1 è d tan ap fè spó paske menm lè yo pa fè’l, kó yo dijere vit e boule anpil kalori natirèlman. Li konseye pou yo pran anpil kalori, anpil proteyin(jiska 2g /kilo pwa kó yo) epi anpil vitamin A ak bon grès(lwil d oliv, pistach,zanmann,bè etc)

Foto2

IMG-20150601-WA0002

Mezomóf

Ant moun ki dwe fè anpil travay pou megri yo e lót ki pa pran pwa fasil yo genyen yon kategori ki natirèlman fèt tou atletik e gen bèl fizik. Yo trase kó yo fasil e yo pran pwa pi fasil ke on ektomóf men sa pa vle di pou otan yo gendwa manje nenpót kijan e neglije egzèsis fizik yo. Malgre se tip fizik ki pi fasil pou antrene, fók yo byen balanse woutin spó yo si yo vle grosi e kalite manje ke y’ap manje a enpótan anpil e pou yo manje bagay ki natirèl, anpil protein epi legim ak fwi. Depi avan yo fè spó, moun sa yo gen zepól laj e kare, vant plat e trase, ren fen (Foto3)etc.

Foto3

IMG-20150531-WA0005

Kounye a li enpótan pou chak moun idantifye nan ki kategori yo ye, ki karakteristik li e kisa li egzije selon objektif ke yo chak genyen. Nou ka fè plis rechèch sou tip nou e nou ka konprann rejim nitrisyonis nou ap ba nou pi byen lè’n enfóme sou sa. Sa ka rive ke’w gen kelke karakteristik nan 2 kategori oubyen ke’w vin chanje men kèlkeswa tip kó’w e objektif ou, disiplin ak travay konstan ap ba’w rezilta ke’w bezwen an kanmenm, rete fokis, chèche enfómasyon, epi pale ak moun ki gen menm objektif ak ou on fason pou youn kapab motive lót. E pa bliye chèche asistans moun ki kalifye nan domèn nan pou gide’w(nitrisyonis, coach, doktè etc)