Semèn pase, mwen avèk kèlke lót moun ki abitye fè spó nan gym nan te deside fè on ti aktivite jis pou youn ka sosyalize ak lót epi nan konvèsasyon nou te genyen, nou vin ap pale de objektif fitness nou e kijan nou santi n’ap vanse par rapó avèk yo. Mwen te trè etone wè ke gen moun ki vin nan gym lan ki pa menm gen objektif spesifik. Paske gen moun ki pa konn konbyen yo peze, kisa yo pèdi oubyen kisa yo genyen, ki tip egzèsis ki bon pou sa yo ta renmen. Se sa’k fè jodi a m ta renmen nou gen repons a kèlke kesyon ke’m pral poze nou ki ap ede’n evalye tèt nou e evite aksidan ak lót danje.
- Konbyen’w peze ?
Majorite moun kómanse fè spó pou youn nan rezon sa yo. Oswa ‘l trouve’l tró gro e’l ta renmen pèdi pwa oubyen li santi’l tró mèg e ‘l ta renmen grosi. Nan tou 2 ka sa yo, fók ou gen on kote’w soti, fók ou konn kote’w prale e fók ou evalye tèt ou tout tan e konn kisa’w ka amelyore nan woutin ou pou raproshe’w de objektif ou. Aló li konseye pou’w pran pwa’w peryodikman(li ka pa jou, pa semèn, sa pral depann d ou).
- Ki manje’w renmen e ki manje’w pa renmen ?
Trè souvan, remake ke depiw pale on moun de rejim, li panse li bezwen on tan pou’l prepare’l mantalman paske se on pakèt bagay bizar e ki pa gen gou ke’l pral « oblije » manje. On bon rejim baze sou kantite, kalite e varyete manje e selon sa’w te konn manje, nitrisyonis la ap eseye ba’w on plan ki apropriye e ke’w ka suiv avèk le mwens fristrasyon posib.
- Èske’w fè alèji ?
Sa w’ap manje enpótan anpil pou’w kapab atenn objektif ou. Aló menm si’w gen ase enfo pou’w ta ka fè rejim ou poukont ou, ou oblije konnen si’w pa alèjik a sèten manje. Si se on nitrisyonis ou ta konsilte, se on devwa pou’w sinyale’l tout alèji’w fè.
- Èske’w abitye malad ? ki maladi’w konn genyen ?
Se vre ke pratik fè spó ak byen manje fè sante’w pi djanm menm jan tou gen ka ki merite on atansyon spesyal de on coach ak on nitrisyonis ki fóme. Pa egzanp, on moun ki gen problèm kè, ki fè sik, oubyen ki asmatik dwe pran anpil prekosyon lè’l ap fè spó e si’l gen on coach ki ap travay avèk li, li konseye ke coach la o kouran de eta sante’l pou’l ka adapte program nan e evite mete vi’l an danje.
- Èske’w gen on program ?
Gen moun ki al nan gym chak jou e se lè yo rive anndan yo gad materyèl yo e deside ki pati nan kó yo y’ap travay e konbyen tan y’ap fè. Sa vin fè ke on jou li k vini li fè 1h tan ap travay epi on lót jou li pa ret 20 minit. Apa de ke pratik sa fè’w pa travay ase ou travay tróp, puiske se lè’w bouke w’al lakay ou, men tou ou pa repoze pati’w travay yo byen ki vin fè ke devlopman muscl yo ralanti. Li valab pou moun ki pa fè spó nan gym yo tou.
Gen anpil lót enfómasyon ki ka ede’w anpil nan fè spó. Pa egzanp, èske’w fè aksidan deja, si wi depi kilè, ki domaj fizik ou te genyen ? Eske’w fè operasyon déjà, si wi, kibó e ki jan de operasyon’l t ye ?Èske’w ansent oubyen apè’n akouche ? Ki pousantaj grès ak muscl nan kó’w ?
Nan tout sa w’ap fè nan lavi a fók ou gen on objektif, fók ou konn kijan ou ka atenn li e fók ou ap gad evolisyon’w e fè ajisteman de tanzantan. Aló pou moun k’ap fè spó li pa diferan e li trè enpótan. Yon coach ka vrèman gide’w nan fè eksperyans ou pi agreab e fè’w progrese non sèlman pi vit, men san ‘l pa mete’w nan okenn sitiyasyion danjere. Li ap di’w kijan w’ap fè gen tout enfómasyon yo, ki egzèsis ki apropriye a ou , motive’w e akonpanye’w pandan tout prosesis la.