Ti koze ak Afro Alice – S.O.S Douko! Yè m te nègès, jodiya m grimèl!!!

Sou demann anpil manm paj la ak kek zanmi ekip lan, jodi a nou pral pale sou chanje koulè po.

Douko? Ki sa l ye? ki rezon kek moun bay ki fe yo fel? Ki danje sa gen ladanl?

Douko se le yon moun itilize yon pwodui natirèl a leksè oswa yon pwodui chimik pou li chanje koulè po l. Gen anpil krèm ki fèt pou sa. Ann ayiti, gen moun ki konn itilize klowox, pèmanant ak yon seri krèm tankou jèmisida, idol, elatriye.

Photo trouvee sur blackbeautybag.com

Photo trouvee sur blackbeautybag.com

Gen moun ki douko paske yo gen tach nwa sou ko yo ke yo vle retire, yo itilize yon krem pou ki retire yo ki tou chanje koule po yo. Gen moun ki gen yon maladi ki pa ka geri ki rele Vitiligo ki touche moun ras nwa (tankou Michael Jackson) ki tou chanje koulè tout po yo pou yo pa viktim larize ak lot pwoblem yo jwenn paske maladi a defome fizik yo, gen moun ki douko yon fason pou tout ko yo ka menm koule, gen moun tou ki di yo jis vle netwaye po yo, gen moun ki jis panse ke yo pat dwe fet nwa e ke po yo te dwe blan, kidonk yo fe tout sa yo kapab pou yon chanje koulè po yo.

Moun douko tou paske nan sosyete yap viv la, plis ou gen po ki blanch, oswa w grimel, se plis yo we w kom yon moun ki gen lajan, ki gen renome epi ki gen siksè. Anpil piblisite montre koman moun ak po klè ak cheve long se referans le yap pale de bote. Malerezman, ann Ayiti, anpil moun panse konsa tou.

Konsekans douko ka lakoz se tet chaje. Nou ka site kansè po, sik, fwa ki domaje, movèzodè, po ki brile, yon pil plim ki leve nan figi moun nan tankou yon gason oswa yon bèt, po yo vin mens, asm, katarak, yo ka fe timoun ki kokobe, gwo pwoblem ren, elatriye. San konte, moun ki ap douko a, toujou wont sa lap fe sa ki fe li soufri moralman tou.

black-woman-putting-on-skin-care-lotion

ATANSYON

Netwaye po pa douko. Le po w manke ekla, gen pwodui w ka itilize ki netwaye po a san l pa chanje koule w

KEK BAGAY POU N KONNEN SOU DOUKO

Se pa sel ras nwa ki douko. Nan peyi Azi yo, medam ras jon yo pase pwodui pou yo vini blanch

Endistri ki fe pwodui pou moun douko rantre 10 milya dola omwen chak ane nan koze sa a.

Si yon pwodui pa gen HYDROQUINONE, MERCURE oswa CORTISONE, li pap douko po moun nan.

Pou nou fini- se pa djob nou pou nou fe chwa pou moun. Menmjan nou pa di moun pou yo pa met pemanant, nou pa di moun pou yo pa douko! Chwa yo nan men yo! Men se job nou pou nou bay tout enfomasyon sou risk yon moun pran ak jan l sakrifye santel ak moral li leu l deside fe yon bagay konsa. Nou pap fose pesonn pa douko ni retounen natirel men nou la pou nou ankouraje sa ki bon, nou la pou nou pataje sa nou kwe ave nou.

17082_967502613283930_4238946965098985046_n

Aprann renmen moun ou ye jan w ye a, aprann renmen w jan Bondye fe w la, aprann renmen sa ki fe w inik e w san parey la. Pa okipe moun ki di w ke po w oswa cheve w pa bon! Aprann renmen sak pou wou, aprann renmen tet ou. Sakrifye sante w pou cheche yon moun ou PAP JANM ye pa vo lapèn. Eske w pret pou w sakrifye lavi tibebe wap pote a? sakrifye diyite w ak bel ti po w genyen an pou w “SANTI W YON GRIMEL, YON BLAN” sa ke w pap JANM YE VRE. Ak cheve natirel, OU BEL. Ak ti po fen w nan, w BEL!

Annie Christine Emilcar

Afro Alice

1 Comment

Please share your opinion/advice/comment with us

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s