Ti Koze ak Afro Alice : NNP – Bezwen Esansyèl Tout Po Figi

Ase souvan gen nan nou ki toujou ap mande kisa m fè pou po m bèl konsa. Jodiya, rete branche pou m pataje ak nou kèk ti sekrè tou senp pou nou kenbe po nou byen bèl.

11009221_10153169447592485_1598489218668527074_n

Nou te deja pale de NNP pou swen cheve.  Men, eske nap sezi sim di nou menm sekrè swen pou cheve a ki se NNP a valab pou swen po tou? Ou ta renmen konn kouman. Vin suiv….

Premye N nan NNP a se pou Netwaye. Koman li aplike nan swen pou figi.

Ou bezwen netwaye figi w le w lave l ak yon savon oswa netwayan ki fèt pou sa (se pa savon santi bon ou benyen avèl la non) de a twa fwa pa jou chak jou. (Mwen m itilize netwayan pou figi Neutrogena. Sa pèmèt figi w pwop epi pare pou l resevwa sa w ap aplike sou li yo.

Neutrogena Deep Clean Scrub

Ou bezwen eksfolye po w tou sa vle di retire tout ekse po ki mouri, pwodui ki te rete, elatriye. Mwen itilize eksfolyan Neutrogena a oswa avwan melanje ak myèl pou m fè sa de fwa pa semèn.

Ou ka fè pwop savon w oswa eksfolyan w pou pow. Nan yon lot diskisyon na ba w reset pouw fe savon natirel ou.

Dezyèm N nan NNP a se Nouri. Men koman li valab nan swen figi tou.

Lèw idrate figi w chak jou, li revitalize po a, li fè li byen dous, epi li nouril. Anvan w aplike makiyaj, li enpotan pou w fe sa. (Etandone po figim sèk m itilize krèm idratan Pond’s ki ble a. M konn itilize luil zanmann ak luil kokoye tou).

371-95835-CremS_300x300

Le w fin eksfolye po a oswa retire makiyaj, itilize yon tonifyan pou ki kalme po a, li repare l epi li diminye iritasyon po a. (M itilize likid tonifyan Neutrogena a oswa dlo flè roz pou sa)

Toujou kenbe nan tèt w, ou ka fè tout pwodui pou w sevi ou menm lakay ou ak engredyan natirèl.

Dènye lèt nan NNP a se P ki se Pwoteje. Koman w ka pwoteje po w?

1- Fè mas ak labou, ak ajil, ak lot engredyan anko pou w nouri l epi pwoteje l kont anviwonman an (soley, dlo lanme, pousye, elatriye). M achte mas ki tou prepare oswa mwen fe pwop mas mwen.

2- Le w ap idratel, itilize yon pwodui pou ki pwoteje l de reyon soley la ( Depi m konnen map ekspoze nan soley san pran souf pou plis ke 15 minit, m konn aplike yon krèm ki gen faktè pwoteksyon SPF 45 osw aplis)

3- Le w demakiye ou pwoteje po w kont vyeyisman two bone, kont bakteri ak kont bouton paske figi w gen ekse pwodui ki rete ladan. M itilize demakiyan St Yves la, swa pa Neutrogena a oswa luil kokoye.

M sot pale nou de tout sa m fè kom swen pa deyo pou ki fe po m bel epi rete bel, men rete de bagay m poko di nou ki lakoz sa:

1- Gen sam manje
2- Gen jenetik

Sam manje:

Le w gad foto a w panse se chiko! LOL. Se kawot. Depi m piti m te toujou gen po ki sansib, kawot se te toujou youn nan pi bon zanmim. E se youn nan sekre pou ki pemet po m ret bel. Mwen manje 5 grenn kawot bebe chak jou (depi m pa bliye). Bonjan vitamin A ki gen ladann ede m kenbe bel po m.

images

Mpa neglije manje ki gen fè(sos pwa nwa, elatriye), ki gen vitamin E ak vitamin D. Gen bagay mwen pa renmen manje, m pran yo sou fom vitamin tankou m pa renmen pwason. Grasa vitamin ki gen luil pwason yo, kom kontinye byen nouri epi po m ret byen bel.

Yon lot bagay anko seke m pa neglije bwe dlo. Dlo netwaye kow, li baw yon ekla. Po w ap plise tankou hotdog ki te fri si w pa renmen bwe dlo! M bwe anpil dlo.

De lot bagay ke map travay sou yo ki pemet po rete bel tou se spo ak domi.

Jenetik

Si w we malgre efo w fe, po w pa egzakteman jan w ta swete l la, asime epi renmen po pa w la ak sa ki fel inik. Tout moun pa gen menm tip po. Jenetik jwe gwo wol nan sa. E nan ka pam, premye bagay ki fem gen po m genyen an se paske m gen menm po ak manmanm. E pesonn pa ka chanje jenetik.

11062066_10153129784502485_6810360127452669091_n

Kelkeswa po w genyen an, pran swen l.

Annie, Afro Alice

Please share your opinion/advice/comment with us

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s