Semèn pase aprè ke mwen fin poste on foto on demwazèl ki pèdi plis ke 100 liv nan 1 an, m t jwenn anpil moun di’m ke li pa posib. Mwen pat konn ti dam lan pou’l te ka ede’m defann foto a,men gen yon kólèg mwen ki reponn anba foto a e pale d eksperyans pa’l ki pa tró diferan de sa’k nan foto a. Aló sa vin banm ide pou’m fè’l pataje eksperyans li avèk nou e fè’n konprann ke atenn objektif nou nan fitness pa osi enposib ou difisil ke jan anpil nan nou panse a.
Yves Marcelin Borno : Fè yon prezantasyon tou kout pou nou.
Laurent Daniel Mathurin : Mwen se Laurent Daniel Mathurin,32 zan, 240 liv, 1 mèt 82,medsen jeneralis, kowódinatè TB nan Gheskio, papa pitit, antreprenè e on akro a fitness.
YMB : Dpi kilè’w ap fè spó e kisa kite pouse’w kómanse?
LDM: Monchè depi nan adolesans, mwen te toujou fè spó jiskaske a 19 an m vin antre nan fakilte a,mwen kanpe pandan 14 an. Ane dènyè, nan mwa Out,mwen te peze plis ke 300 liv epi nan on reyinion fanmi kouzen’m ak frè’m banm defi poum megri an desanm. M te toujou anvi fè sa e antan ke moun ki renmen leve defi e challenge tèt mwen, sa vin ban’m motivasyon e m vin pran sa trè o serye nan fen mwa desanm 2014. M kómanse fè spó regilyèman, fè rechèch, etidye, aprann e konprann nitrisyon ak diferan jan fitness yo paske pou’m te atenn objektif mwen, fok m te travay di e avek anpil entelijans. Donk se la tout bagay kómanse.
YMB : M wè’w mansyone nitrisyon, kóm nou konnen fitnès pa mache san on bon alimantasyon,èske li te fasil pouw chanje fason’w manje ?Pataje experyans ou sou pwen sa avèk nou.
LDM : Fók m di’w ke antan ke medsen, m trè byen plase pou konprann ke youn nan premye bagay ki te fè’m obèz se te move abitid ak ijyèn alimantè . Pa egzanp,manje nenpót bagay lannuit oubyen fè jounen san manje prèske anyen nan monte desann nan okipasyon’m, pat gen on planifikasyon sou afè manje vrèman ni on kontról. Epi lót aspè a se kalite sa w’ap manje a, si w’ap manje anpil grès ak bagay sikre, tout pral stoke kóm grès nan kó’w. Aló nan ka pa’m nan se te tou 2.
Osito ke’m pran konsyans e konprann sa, m chita reflechi sou jan m’ap viv, pran on desizyon e kómanse óganize m. O kómansman li pat senp paske M vin pa kapab manje nenpót kibó ankó, pa gen afè chen janbe e menm lè m ale nan dine, M’ oblije aprann kontrole’m e fè dè chwa. Men dpi’w konn sa’w vle, w’ap fè tout sakrifis pou’w jwenn sa w’ap chèche a. M vin óganize ak pèsonèl lakay mwen, epi de tanzantan, pi bon abitid ap pran plas ansyen yo jiskaske ‘l vin antre nan woutin mwen e li vin toutafè nómal.
YMB : Apa de abitid manje, ki lót chanjman’w remake nan diferan aspè nan lavi’w depi’w deside fè fitnness ?
LDM :Bon lè’m antre nan program mwen e ke’m ap progrese, m rann mwen kont kijan’m pa t’ap viv menm avan. Li chanje tout aspè nan vi’m. Premye bagay se sante’m, ansuit m pi alèz pou fonksyone, m respire byen, m pi konfótab nan po’m, m reflechi pi byen,m gen lontan plis enèji ak fokis sou travay mwen. San konte m oblije fè nouvo shopping(griyen dan). An plis, disiplin li egzije’m lan parèt nan tout aktivite ke m’ap regle paske’l ban’m abitid planifye sa’m pral fè, analize rezilta’m tout tan aló ‘m vin pi byen jere vi’m(lakay,biznis etc).
YMB : Ok,jan bagay sa chanje lavi’w la, nou ka konprann jan’l enpótan pou ou, ki objektif ou genyen avèk li?
LDM : Premye objektif mwen se te leve defi a e’m rive pèdi 70 liv nan 3 mwa, men lè’m fin fè’l li vin ouvè je’m sou on lót mond ki se estetik. M te trouve pèdi 70 liv la tró fasil, aló mwen vle transfóme nèt e redui kantite grès nan kóm toujou pou’m ka trase plis e nan 8 mwa pou’m pase de fat a well fit(byen kanpe).
Men fók m di tou ke nan fè rechèch pou konn plis sou nitrisyon, e antre pi fon nan diferan tip de egzèsis yo, rezilta mwen yo tèlman rapid ke moun nan anviwonman’m kómanse mande’m kijan’m fè e kijan yo ka fè sa tou. E m vin gen on lót defi otomatikman pou ede anpil moun pou chanje lavi yo menm jan’m’ap fè’l la.
YMB : Pataje on bèl eksperyans ou fè nan fitnès avèk nou ?
LDM : Nan vi fitness la, chak jou m tèlman fè bèl eksperyans ke li difisil pou’m site youn.Men sot nan konpliman mou nap fè’m chak jou oubyen sezisman ak admirasyon moun ki gen lontan yo pa wè’m ki sote sou mwen. M satisfè anpil lè’m ap gade’m nan glas e realize kantite progrè’m fè.
Finalman youn nan pi bèl plezi mwen se lè’m ap fè spó ak lót zanmi’m(gym oubyen lót spó tankou foutból), lè tout moun bouke, mwen apèn ap transpire e’m santi’m tou nèf.
YMB : Yon period difisil?
LDM :M te gen 2 semèn vakans kote ke’m pat gen posibilite suiv rejim mwen a koz d lojistik kote’m t ye a, m te pran 7 liv ki pa’t vrèman fè’m plezi.
YMB: Ok, e ki konsèy ou gen pou moun ki pa pratike okenn spó e ki pa vrèman veye sa y’ap manje ?
LDM: Pou mesye dam ki ap pratike on move ijyèn alimantè m’ap jis raple:
- Ou se sa’w manje.
- Chak jou’w ap manje nenpót jan, se 1è tan ‘w retire sou esperans vi’w.
- Chita reflechi a kisa’w pral sanble e eta sante’w lè’w gen 40 50 an.
Èske w vle on ti manmi ou papi ki sou chèz roulant dpi 65 an yo oubyen yon granmoun chèlbè an sante ki ka jwe foutból ak pitit pitit li a 75 80 an. Chwa sa depann de nou menm sèl e desizyon an se pa ni demen ni nan on mwa pou’n pran’l, se jodi a menm.
YMB : Yon dènye mesaj pou tout lektè nou yo ?
LDM : Mesye dam ki pè gad tèt yo nan miwa, ou ki oblije eseye tout rad nan pandri yo lè y’ap sóti avan yo jwenn youn ki chita sou yo,ou ki pè montre tèt yo an piblik paske yo jennen, oubyen ki jis pa alèz nan po yo, aprann ke jodi a li konsa, men demen ou ka posede on lót kó ki fè’w plezi(grosi, megri etc) depann de objektif ou. Se 2 bagay nou bezwen pou atenn objektif nou,detèminasyon epi konstans. Epi chèche èd on bon nitrisyonis ak yon personal trainer. E li pi konseye pou’w chwazi on moun ki déjà fè sa’w ta renmen fè a.