Jodiya nou pral pale de penyen ki pwoteje cheve.
KISA KWAFI PWOTEKTRIS YE?
Nan kominote medam ak cheve natirèl, se yon penyen ki pwoteje cheve a pou l pa domaje. Pwent cheve w tache oswa pa deyo e nan kek ka, cheve pa w pa deyo tou. Medam yo fe penyen sa yo pou yo bay cheve yo repo, pou yo pa manipilel anpil, pou evite cheve yo domaje toutpandan rasin nan kontinye pouse, le konsa yap maksimize longè cheve yo.
Kèk egzanp penyen ki pwoteje cheve gen ladan ti kouri, chou ki gen bouda poul, chiyon, crochet braids, alonj, ti très ki tache ak tout lot penyen kote pwent cheve a ak ko a pwoteje.
KISA YON KWAFI PWOTEKTRIS PA YE?
Yon penyen ki pou pwoteje cheve w pa yon penyen ki fe w pa manipile cheve w. Se de bagay ki diferan. Se sak fe, yon moun ki penyen pwent peny fe yon penyen ki fel pa manipile cheve l anpil men li pa yon penyen ki pwoteje chevel. Gen kek penyen ki ni pwoteje cheve, ni fe w pa manipile cheve w anpil men kwafi pwotektris PA kwafi ki gen ti kras manipilasyon
ESKE STIL W FE POU KI PWOTEJE CHEVE W LA FE SA VRE
Penyen pou pwoteje cheve w ta dwe fe cheve w pi bel, pi ansante epi pouse pi vit. Epoutan, anpil moun ki fe stil sa yo we cheve yo pa pouse, genyen ki vin gen alopesi, cheve yo mare, tchake. Osnon, genyen ki telman fe yon seri move jes ak cheve yo ou mande tet yo eske vreman vre penyen yo fe a se pou yo pwoteje cheve yo? Nou pral pale de kek bagay nou ta dwe konsidere le nou di nou ap fe yon penyen pou pwoteje cheve nou
PREMYE BAGAY – IDRATASYON
Si w pa idrate cheve w anvan w fe kwafi pwotektris la, pandan ou kite l nan kwafi pwotektris la, penyen w nan pap pwoteje cheve w. Yap sèk epi pa etone cheve w pral tonbe. Fè swen pou w netwaye epi idrate chevew anvan w fè penyen an, pandan cheve w nan penyen an, pa neglije itilize ti vaporizatèw ak dlo ladan. Penyen an poukol pap al fe yon mirak pou kenbe cheve w bel epi ansante. Fok cheve w pa sispann manje pandan li nan penyen an.
DEZYEM BAGAY – SELE IDRATASYON AN
Nou tout konnen si nou annik flite dlo nan cheve nou, nan yon moman anko, l’ap retounen sèk. Depi l retounen sek, cheve a pral domaje donk li pap pwofite de repo w ba li a. Le w fin flite dlo nan cheve w, itilize yon luil pou w sele idratasyon an ladan yo. Cheve sek= cheve kase.
TWAZYEM BAGAY – PENYEN SERE
Anpil nan nou kwè nan penyen sere, gen kek ki di se sak montre yo djanm. Gen lot ki pa we tet li bel sil pa penyen sere. Penyen sere se bagay kap irite po tet ou, rache cheve w epi ki gendwa baw alopesi oswa lot pwoblem anko. Pa sere tet paw, pa sere tet lot moun, pa kite moun sere tet ou!
KATRIYEM BAGAY – KONBYEN TAN LI RETE/NETWAYAJ
Gen moun ki panse yon kwafi pwotektris se yon tatwaj! Apre 6-8 semèn, li LE pou w defèt penyen an, fè swen pou chevew, kite l pran yon ti lè ANVAN w rekomanse kwafi pwotektris. Gen lot ki bliye tet yo ki pa lave tet yo pandan yo ak penyen an. Nonselman cheve yo ap soufri le konsa, men figi w tou: paske tet ou sal, pral sou zorye kote figi w ye epi ba w bouton! Le w resi retire penyen an, cheve w ap telman mare, wap retire yon bel pouf le w resi fin demele yo. Gen yon JAN pou w jere kwafi pwotekris.
Nou swete ti konsèy sa yo ap pèmèt w jere penyen pou w pwoteje cheve w yo pi byen.
Annie Christine Emilcar
Merci beaucoup pour les articles 🙂