Sa rive souvan ke moun vin mande’m konsèy sou manje pou yo ka pedi pwa oubyen gen vant plat men m plis remake ke konvèsasyon byen manje plis enterese granmoun lè yo kómanse mache kay doktè ki ap fè yo konprann ke gen anpil nan maladi yo genyen yo( ke ‘ n pale d plizyè deja) se a koz de jan yo manje ki dè fwa trè mal balanse. Swa ou manke proteyin, ou pran tróp grès, ou pa fè chemen legim ditou, ou manje tróp bagay ki pa pot anyen nan kó’w, ou manje tróp sik etc. Èske gen on resèt inivèsèl pou on moun byen manje ? Èske sa depann de si’l vle grosi, megri,fè sik,gen problèm tansyon ? Pandan’m nan travay mwen, Medgine, yon bon zanmi’m ekri’m pou’l di’m li kómanse ak rejim li rèd semèn sa e ke maten an li manje fwi sèlman epi a midi li gen on ti salad leti , tomat ak kreson ki ap tann li. Lè’l fin fè spó vè 7h, l’ap jus manje on bonbon sèl ak on ti ji nan bwat ke’m pa sonje non an. Mwen menm ki realize ke nan tout sa’l di’m yo gen anpil bagay ke kó’l bezwen li pako pran, map tann toujou c lè sa’m realize ke ‘l fini. Aló lè’m fin ba’’l opinyon pam sou sa’l sot di’m yo, mwen kouri vin ekri atik sa o ka ou gen plizyè moun ki ap manje tankou zanmi’m. Kijan ou ka asire’w ke’w pap detrui sante’w nan jan w’ap manje e bwè ?
- Evite manje bagay ki pa natirèl paske anpil ladan yo pase nan laboratwa e pèdi anpil engredyan ki bon pou ków e yo ajoute anpil lót atifisyèl ki k menm baw kansè aprè anpil tan.
- Fè yon jan pou’w gon meni pou chak jou e gen engredyan sa yo lakay ou paske lè ‘w pa konn sa’w pral manje ni’w pa prepare yo a lavans,w’ap toujou pran nenpot sa’w jwenn e trè souvan sa’n jwenn pi fasil yo se pa yo ki pi bon pou sante nou.
- Manje legim o mwen 3 a 4 fwa pa jou paske se ladan yo wap jwenn vitamin ak mineral ki ap konplete saw ap manje a e ede’w byen dijere.
- Toujou sonje bwè dlo pandan jounen an e’w pa oblije tann ou santi swaf pou’w bwè dlo paske depann de klima a, ou ka swaf pi vit or pa janm santi’w bezwen dlo men kó’w fèt a 60% dlo plizoumwen e li elimine dlo sa nan swe ak pipi aló li enpótan pouw ranplase l.
- Fon jan pou’w manje 1 a 3 fwi pa jou, sa ap ogmante kantite enèji sistèm ou nan aktivite w’ap mennen nan jounen an.
- Toujou sonje pran on bon kantite protein (vyann,ze,pwason etc) nan jounen an sitou si’w se on moun ki trè aktif nan sa l’ap regle oubyen ki ap fè spó.
- Limite kantite kleren ‘w bwè pa jou ou pa semèn paske aprè anpil tan ap byen tuip nan tafya, ou ka fini ak problèm fwa, maladi nan tèt, li ka bese sou kapasite’w pou konsantre sou sa w’ap fe, randman’w nan spó, kansè nan bouch, gój etc.
- PA FIMEN, mwen met dènye konsèy sa an gro paske menm si se pa pou manje l ye dirèkteman, fimen tèlman bay problèm sante(kansè poumon, problèm nan bronch, problèm nan kè, ou fatige vit) ke’m pat ka pa mete’l nan lis sa.
Gen anpil lót konsèy ke’w ka jwenn sou jan pou’w manje men gen ti varyasyon ki pral depann de objektif ou ak eta sante’w pa egzanp on moun ki vle megri ak on moun ki vle pran pwa pap gen menm rejim. Oubyen on moun ki gen istorik sik ou tansyon nan fanmi’l dwe fe anpil atansyon ak sa l’ap manje men mwen panse ke manje natirèl, bwè on kantite dlo ak fè on minimóm de aktivite fizik(menm si’w pa gen tan ou bidjè pou gym) ka ede’w viv pi byen et jwi de on sante ki djanm. Pa bliye trè souvan problèm fwa, poumon , kè touye anpil gro zotobre paske gon eta sistèm ou gentan ye, lajan pa ka fè anyen pou ou, pa gen tretman ki ka sove’w, evite miyó pase mande padon.
Yves Marcelin Borno