Nan pale ak Christelle yon bon zanmi’m ki t’ap etidye avèk mwen nan inivèsite, li ap dekri’m jan lavi’l chanje depi lè li kómanse jere jan l’ap manje. Avan li te toujou strese, li pat alèz ak kó’l e sa te toujou fèl santi’l deprime anpil. Depi lè li chanje jan li manje, li vin gen pi bon sante, cheve’l pi bel, li malad mwens e konfyans nan tèt li vrèman ogmante.
Sa konfime pawól ke anpil nan nou konn tande : Ou se sa’w manje.Èske’w ou konnen tout sa ki nan manje ke w’ap mete nan bouch ou? Èske sa’w manje chak jou yo bon pou sante’w? Kilè on moun byen manje? Ki enpótans byen manje ka genyen sou lavi nou ? Kisa ki on rejim alimantè e kiyès ki gen enterè suiv li? Èske nou konn konbyen maladi nou ka evite tèt nou lè n’ap granmoun si nou bay tèt bon abitid nan fason n’ap manje depi nan jenès nou? Èske nou oblije fè egzèsis fizik?
Si’w wè ke’w gen on repons klè sou kesyon sa yo, nou felisite’w e n’ap envite’w suiv nou pou’n k anrichi eksperyans ak konesans nou plis. Si’w pat janm reflechi a sa, n’ap konseye’w rete konekte ak AfroFit pou’w ka pran enfòmasyon sou kijan ou ka viv pi byen nan jan’w ap amelyore manje’w, nan fè egzèsis fizik epi tèt ou lót abitid ki pèmèt li fonksyone pi byen.
Nan menm optik ak cheve natirèl ou bèl la, Afro Alice panse ke pou’w santi’w byen nan po’w fók ou an sante e pou’w asire sa youn nan eleman ki pou byen jere se kijan ak kisa n’ap manje, kijan nou trete kó nou etc. Pandan n’ap swete nou yon bón ane 2015, n’ap di nou byenvini nan AfroFit kote w’ap ka jwenn tout enfómasyon ak konsèy k’ap ede’w viv pi byen, santi’w byen nan po’w e rete natrèlman pi bèl.
Yves Marcelin Borno