Ti koze ak Afro Alice – Tout Enfomasyon Sou Alonj Kwochè (Crochet Braids / Interlocks)

Depi 4 dènye mwa nan ane 2014 la, youn nan penyen moun vin konnen, adopte e renmen ann Ayiti espesyalman nan kominote cheve natirèl la se alonj kwochè (sa yo rele ann anglè crochet braids oswa interlocks la). Kisa l ye? Ki avantaj li? Koman pou w pran swen l? Ki kote w ka fèl? Vin al gade ti enfomasyon sa yo ke map pataje ak nou. Kisa Alonj kwochè ye? Alonj kwochè se yon penyen ki pwoteje cheve lè li fèt jan l dwe fèt la.  Lè w trese cheve w ti kouri de dwèt oswa twa dwèt epi w itilize yon kwochè, yon epeng cheve oswa yon bwa alimèt pou w rantre yon lot cheve anba ti kouri a epi w marel sou ti kouri a yon fason pou cheve pa w nan repo epi cheve w mete a ou ka fè stil avèl.

Kay Afro Alice

Kay Afro Alice

Koman w mete l? Ti kouri a– Selon efè w vle cheve w ap ajoute a fè a, selon mezi cheve w genyen pou w mete a, selon rapidite w bezwen pou w mete cheve a, gen diferan fason w ka trese ti kouri a.  Fok tikouri a pa sere po tèt ou. Si cheve w yon ti jan fen epi mens, w ka ajoute yon ti kal alonj pandan wap trese ti kouri a, yon fason pou cheve a ka gen plis konsistans epi ka dire plis. Kwochè a– Selon tip cheve w pral itilize pou w mete kwochè a, longè alonj ou pral mete kwochè ak li a, selon si se yon cheve swa oswa yon cheve ki gen menm teksti ak cheve natirèl, gen twa fason w ka mare cheve a lè w fin foure l anba kwochè a. Ki avantaj alonj sa genyen? Pri– Pa rapo ak yon seri alonj oswa gref ki koute anpil kob, alonj kwochè pa koute anpil kob.  Cheve pou w mete kwochè a ka nenpot cheve alonj, kek tip cheve grèf e de a kat pakè cheve ap ba w bèl penyen. Pa egzanp, ann di cheve w konn met alonj lan avel la, w vle metel an kwochè. Chak pake koute w 35 goud ayisyen, ou achte 4 pakè fe w 140 goud epi w achte egwi kwochè pou 100 goud. Total pou w fè penyen kwochèw la koute w mwens ke 250 goud! Opsyon pou moun ki an transizyon oswa ki vle bay cheve l repo– Transizyon se yon faz ki mande anpil pasyans epi penyen ki pou fèw manipile cheve a mwens ke posib.  Yon moun ki ap fè tranzisyon ap jwenn bon avantaj pou li penyen konsa. Penyen an ka fèl 6-8 semèn.  Se menm avantaj la tou pou moun ki bezwen kite cheve l orepo pou li grandi oswa paske po tèt li two sansib.

Kay Afro Alice

Kay Afro Alice

Opsyon pou moun ki bezwen fè stil ak koulè – Gen moun ki ta anvi fè yon ti chanjman koulè cheve san yo pa met koulè nan cheve pa yo. Alonj kwochè se yon bon chwa pou moun sa paske li ka chwazi yon koulè ki fèl plezi nan cheve li ap achte yo epi lè sa li fè chanjman koulè san l pa chanje koulè cheve pa l.

Kay Afro Alice

Kay Afro Alice

Opsyon pou moun ki pa gen ase cheve pou li fè yon stil penyen li anvi fè– Gen moun ki ta renmen eseye fè yon stil penyen men cheve pa l two kout pou li fèl, le sa li ka itilize alonj kwochè pou li fè stil sa a.

Kay Afro Alice

Kay Afro Alice

Koman w jere cheve w anba yon alonj kwochè? Lèw fin mete alonj kwochè, ou pa dwe bliye cheve pa w ki anba l la.  W dwe netwaye, nouri epi pwoteje cheve w anba alonj lan.  Sa vle di fok cheve w lave, li idrate e li pran tout lot swen ki nesese pou li pwofite de repo a epi kontinye grandi.  Gen fason pou w lave cheve w anba alonj kwochè a san li pa rache.

Kwochè ak liy envizib - Kay Afro Alice

Kwochè ak liy envizib – Kay Afro Alice

Koman pou w antreteni alonj kwochè a? Selon tip cheve ou itilize pou w fè kwochè a, gen yon fason ki pi bon pou w antreteni l. Men ti konsèy ki valab pou tout tip cheve w itilize pou w fè kwochè: kenbe alonj lan idrate ak yon mous, yon leave-in ki fèt pou sa.  Lè w ap domi ak li, mare tèt ou nan stil anana, itilize yon mouchwa ki pa koton yon fason pou si w itilize cheve sentetik, li pa tounen plim plim nan tèt ou.

Kwochè Afro - Kay Afro Alice

Kwochè Afro – Kay Afro Alice

Eske w dwe natirèl pou w mete alonj kwochè? Non. Menmlè se yon stil penyen moun natirèl plis renmen penyen e se yon penyen etnik, moun ki mete texturizer oswa pèmanant ka mete l tou men jan pou yo pran swen cheve yo anbal diferan de jan moun ak cheve natirel pran swen cheve yo anbal.

Kwochè Twist out- Kay Afro Alice

Kwochè Twist out- Kay Afro Alice

Eske w ka itilize cheve grèf pou w mete alonj kwochè? Wi, si cheve a pa two swa e si li omwen 20 pous nan longè (sa k pral baw kwochè a yon 9 pous).Lè sa w koupe pati grèf la epi w itilize cheve a pou w fè kwochè a. Eske w ka met kwochè nan tèt timoun? Gen moun ki chwazi mete kwochè nan tèt timoun men an jeneral, li pa konseye pou ajoute cheve pou timoun anvan 8, 9 an lè tèt yo ak cheve pa yo fin devlope. Kote w ka achte egwi kwochè a pou w fè stil la? W ap jwenn egwi kwochè achte plizyè kote ann Ayiti tankou Kay Dupuy, Kay Janet PV epi Kay Afro Alice Delmas 19. Sa pou nou veye le nou pral mete kwochè yon kote? Akoz de gaye stil sa gaye sou mache a, anpil estetisyèn ak stidyo di yo ofri sèvis kwochè a men se devwa nou pou nou jije ki kote ki mete kwochè pou nou jan yo dwe fè l la pou cheve nou pwofite: 1- san dan kwochè a pa griyen oswa parèt lè yo rive nan mitan tèt nou 2- san tèt ou pa sere 3- ak tèt nou  lave e nou te fè swen apropriye pou cheve nou anvan 4- ak konsèy sou koman pou nou pran swen ni tip cheve nou mete a ni cheve pa nou anbal.

Alonj Kwochè - Kay Afro Alice

Alonj Kwochè – Kay Afro Alice

Kijan ou ka retire kwochè a? Pou w retire kwochè a, ou jis bezwen detrese cheve a. Amezi w ap detrese cheve a, alonj nan ap soti. Men atansyon, fok ou fe sa ak anpil pasyans pou w pa domaje cheve pa w.  Yon lot fason w ka retire l tou se koupe alonj yo epi detrese cheve a pou w retire ti bout ki rete yo. Ou ta renmen gen plis enfomasyon toujou sou kwochè, vizite Kay Afro Alice oswa rele nan 3315-2731 pou randevou pa w la.

Ki swen w dwe fè pou cheve w lè w fin retire yon alonj kwochè?

Apre w fin retire yon kwochè, ou dwe fè de swen: youn pou ki netwaye cheve a afon epi yon lot pou bal fos li bezwen. Pou plis enfomasyon, ekri nou nan afroalice@gmail.com

Annie Afro Alice

Enpótans manje nan vi nou

Kalite oswa kantite ?

Pou anpil moun, byen manje vle di bon nan bouch yo epi vant yo byen plen. Yon bèl pate kóde ak bon jan ze, hotdog, pikliz ak aransó! Yon bèl plat diri kole ak vyann ! Yon bon ti fritay pou ki kraze yon grangou nan aswè !

Men èske manje dwe selman pou gou ak kantite ? Èske no pa ta dwe fè plis atansyon ak KALITE sa n ap konsome ak konsekans li genyen sou kó nou ?

Rapó ant kó nou ak manje

Machin pa fonksyone san gaz. Kó nou pa fonksyone san manje. Lè yon machin pran nan move gaz li mache mal. Le konsa motè a deranje e n oblije fè anpil depans nan repare machin nan. Akimile move abitid nan jan nou manje ak nan sa nou manje fè lakoz bon jan dega menm jan an tou nan kó nou e menm pi mal paske gen dega ki fet nan sistem nou nou oblije rete viv ak yo.Sak fè sa nap manje enpótan konsa?

Kèk wól manje jwe nan lavi nou ka ede’n pi byen wè enpótans pou nou vrèman veye san’ap konsome.

Sa manje fè pou nou

Kó nou bezwen enèji pou’l fonksyone e se nan manje n’ap manje ke li jwenn li. Reyaksyon chimik nan kó nou pèmèt ke oksijèn nou respire a ak manje n’ap konsome a transfóme an enèji pou nouri selilyo e pèmèt yo fonksyone nòmalman. Byen manje ka pèmèt nou byen grandi, fè zo nou djanm, fè san nou sikile byen, aji sou kapasite aprann nou,fè timoun nou yo jwenn tout sa yo bezwen nan lèt nou (si nou nouris),li ede kó nou konbat mikrób e kwape plizyè maladi.

Change-the-Quality-of-Your-Food-Before-You-Change-the-QuantityKèk move konsekans mal manje

Mal manje fè kó w pa byen, ou pa viv byen, po w pa bel jan w ta vlel la, cheve w pa vini jan w ta renmenl lan, ou respire mal, sistèm ou mal fonksyone. Apre plizyè ane, sa lakoz sistèm kó a kómanse degrade an plis de laj k’ap monte, lè konsa kó a kómanse pa ka goumen menm jan an ak viris, ni dijere menmjan’l te konn fèavan. Nan maladi ki pi kouran nou ka site ki gen relasyon ak sa nou konsome pandan plizyè lane, gen anemi, obezite, kwatchókó, osteyopowoz, pwoblèm nan kè, kansè fwa ak kansè pankrea, problèm tansyon ak sik, elatriye.

Ou ka amelyore sa

Pouvwa pou w amelyore jan w manje, pou w veye kalite sa w ap manje a nan men OU ! Aprann konnen kó w, konnen kisa li bezwen pou l byen fonksyone, kisa ki pa bon pou ou oswa ki ka menase sante w si w konsome l. Sa yon moun ki soufri anemi plis bezwen nan manjel pa fóseman sa yon moun ki gen pwoblem po bezwen. Metabolis tout moun pa menm. Chak moun se yon moun inik, kidonk chak moun dwe veye sou jan l ap manje pa rapó ak sitiyasyon pa li.

Ann Wigmore, yon gran save nan domèn manje ak lasante te di : Manje w ap manje ka medikaman ki pi efikas pou kó w oswa pi gwo pwazon an pou li. Chak tan w pral foure yon bagay nan bouch ou, pa bliye !Desizyon sou KALITE manje wap manje a se nan men w li ye.

Kilè yon manje bon pou kó nou? Koman nou kapab fè pi bon chwa nan sa nap manje ?

Rete branche….

Yves Marcelin Borno

AFRO FIT – Yon nouvo ribrik

Nan pale ak Christelle yon bon zanmi’m ki t’ap etidye avèk mwen nan inivèsite, li ap dekri’m jan lavi’l chanje depi lè li kómanse jere jan l’ap manje. Avan li te toujou strese, li pat alèz ak kó’l e sa te toujou fèl santi’l deprime anpil. Depi lè li chanje jan li manje, li vin gen pi bon sante, cheve’l pi bel, li malad mwens e konfyans nan tèt li vrèman ogmante.

you-are-what-you-eat

Sa konfime pawól ke anpil nan nou konn tande : Ou se sa’w manje.Èske’w ou konnen tout sa ki nan manje ke w’ap mete nan bouch ou? Èske sa’w manje chak jou yo bon pou sante’w? Kilè on moun byen manje? Ki enpótans byen manje ka genyen sou lavi nou ? Kisa ki on rejim alimantè e kiyès ki gen enterè suiv li? Èske nou konn konbyen maladi nou ka evite tèt nou lè n’ap granmoun si nou bay tèt bon abitid nan fason n’ap manje depi nan jenès nou? Èske nou oblije fè egzèsis fizik?

Healthy-Food

Si’w wè ke’w gen on repons klè sou kesyon sa yo, nou felisite’w e n’ap envite’w suiv nou pou’n k anrichi eksperyans ak konesans nou plis. Si’w pat janm reflechi a sa, n’ap konseye’w rete konekte ak AfroFit pou’w ka pran enfòmasyon sou kijan ou ka viv pi byen nan jan’w ap amelyore manje’w, nan fè egzèsis fizik epi tèt ou lót abitid ki pèmèt li fonksyone pi byen.

Nan menm optik ak cheve natirèl ou bèl la, Afro Alice panse ke pou’w santi’w byen nan po’w fók ou an sante e pou’w asire sa youn nan eleman ki pou byen jere se kijan ak kisa n’ap manje, kijan nou trete kó nou etc. Pandan n’ap swete nou yon bón ane 2015, n’ap di nou byenvini nan AfroFit kote w’ap ka jwenn tout enfómasyon ak konsèy k’ap ede’w viv pi byen, santi’w byen nan po’w e rete natrèlman pi bèl.

Yves Marcelin Borno