Depi lontan, nou aprann ke cheve (sak soti kite po tet la)fèt ak yon pil selil ki mouri. Si yo mouri, sa vle di yo pa ka grandi, yo pa ka lonje, yo pa ka fe anyen. Donk, sa ta vle di tou kesyon pran swen cheve oswa nouri yo pa gen sans. Epoutan…..
Lè nou konsidere ak kisa cheve fèt epi kisa sa vle di nouri yo, nap konprann ke cheve nou bezwen bon jan swen pou yo ka bel epi rete ansante.
Ak kisa cheve fèt
Cheve se yon falèn, sa vle di li soti nan epidèm nan kidonk, menmjan ak lot falen tankou li yo tankou zong, kon, pwèl, zong, plim, li fèt ak keratin. Keratin se yon pwoteyin di ki konpoze cheve a. Li bezwen bonjan swen pou li rete djanm epi pou li byen pwoteje. Lè nou nouri cheve yo ak dlo, sa ede l kenbe ekilib epi maleyab yon fason pou li pa feb epi kase.
Sa sa vle di nouri cheve yo
Nouri cheve yo vle di byen antreteni keratin nan yon fason pou cheve yo rete san kase pou plis tan anvan l resi tonbe. Nouri cheve a pa pou kenbel vivan men pou konsevel. Pa egzanp, yon soulye ki fèt an kui pa yon selil vivan, epoutan selon jan w trete soulye a, li ka rete oswa chire pi vit. Ebyen se menm bagay la, selon jan w trete cheve a, li ka pran plis oswa mwens tan pou li kase. Nouri cheve w nan sans ba li manje se pa anndan ou fe sa le w byen manje, bwe dlo, fe spo, byen repozew epi mennen yon vi ekilibre (swen pa anndan), nouri cheve w nan sans kenbe yo bel epi ba yo swen pou yo rete plis posib se lave yo, idrate yo, pwoteje yo (swen pa deyo).
Siw bezwen bel cheve, pran swen yo ni anndan, ni deyo!