Premye Janvye 2015 ap fè ekip Afro Alice la twazan depi li egziste. Nan okazyon sa, nou ap oganize yon fwa/festival pou nou selebre sa nan dat ki ap 26 Desanm 2014 nan lokal Yanvalou Restaurant, Pacot, Haiti.
Nou chwazi AFRORITAJ (Afro Eritaj) kom tèm pou evenman sa paske li enpotan pou yon moun konnen sa ki pou li epi antreteni li, kenbe l epi kwe nan li. Si w pa renmen sa ou ye, sa ki pouwou, sa ki lakay ou, ou pap rive yon moun ki konplè e w pap aksepte epi asime sa ki fe w se wou. Gen anpil bagay nou genyen kom eritaj ke nou swa rejte swa bliye swa neglije. Gen bagay ke nou fet ak li tou ki fe nou moun nou ye a nou pa pran swen yo men ki gen gwo enpotans. Nou pral pale de eritaj tankou cheve nou, moun nou ye, anviwonman nou, talan nou ak rèv nou, sante nou, elatriye.
Evenman sa ap yon fwa ak yon festival kote ap gen
– ekspozisyon pwodui lokal, manje lokal, akseswa ak lot bagay atizana moun fe ann Ayiti, pwodui cheve ayisyen.
– Ap gen plizyè ti chita pale ak ekspè ak atis Ayiti sou diferan tèm ki gen rapo ak eritaj.
– Ap gen bonjan mizik ayisyen ak gwoup Twoubadou, bolewo ak konsè de atis ayisyen (se yon SIPRIZ).
– Ap gen pwojeksyon fim ak anpil lot aktivite kiltirèl ak sipriz pou ki fè tout moun non selman enstwi yo men amize yo tou.
– defile ak dans lokal
– Ap gen lot aktivite ki pemet youn patisipe ak lot. Se ap vreman yon bon ti moman.
Se vre nou se yon sant k ap fè pwomosyon cheve natirèl men ke se yon moun ki gen pèmanant, texturizer, gason, timoun ap ka la tou.
Tikè pou yon moun ka patisipe a koute sèlman 250 goud ayisyen. Plis enfomasyon sou sponso nou yo, ekspozan nou yo, elatriye ap disponib byento.
Annatandan, tou make dat la pou w ka la nan premye edisyon festival AFRORITAJ ak ekip Afro Alice la.
Nou pa ka tann pou nou rankontre epi fete avè ou.
Ekip Afro Alice la.
Pou plis enfomasyon oswa sijesyon, ekri nou sou imel nou.