Si w ann Ayiti, ou gen anpil chans pou w tande pale de Festival du Rhum ki pral fet ann Ayiti nan jou ki pral vini yo. Kote ide sa soti? Kiyes ki deyel? Si w ta renmen la oswa patisipe, ki enfomasyon w ka jwenn? Afro Alice te fè yon ti chita pale ak Djunelle Isidor, yon jèn ki kwè nan biznis, nan pran inisyativ epi nan renmen sa ki natirèl. Men sa li pataje ak ekip la.
1- Pale nou de wou.
Mwen se Djunelle Isidor, mwen se manadjè epi youn nan moun ki kreye konpayi ki rele J’Organise. Mwen te etidye Diplomasi ak Relasyon Intènasyonal nan CÉDI ,Maketing nan Modern School, mwen pran fomasyon nan Peyi Lafrans nan vil Pari nan Relasyon Intènasyonal nan CEDS (grasa lekol mwen CEDI), aktyelman m ap etidye Planifikasyon Evenman ak Maryaj nan vil Nouyok Ozetazini epi Dekorasyon pou anndan kay nan peyi Lafrans ak Nouyok.
2- Ou di nou ou gen yon konpayi ki rele J’Organise. Pale nou de li.
J’organise se yon ajans pou kreye epi planifye evenman epi fe dekorasyon pou anndan kay. Se yon konpayi familyal ki fet ak mwen, sèm nan, Ruth Isidor epi yon bon zanmi nou, Alexandra Edouard. Nou se jèn ki kwè nan fè biznis e J’Organise se fyète nou.
3- Pale nou de Festival du Rhum nan.
Festival du Rhum – Haiti se yon salon pou moun goute ronm ak lot pwodui ki plizoumwen menmjan an, se yon kote tou y ap ekspoze plizyè ronm ki soti nan peyi tankou Itali, Japon, Matinik, Gwadloup, Swis, Repiblik Dominikèn ak Ayiti. Ke se moun ki se amatè ke se moun ki gen kav oswa ki mete ronm nan kav oswa ki pwodui ronm oswa moun ki fe melanj epi ki travay nan ba, tout ap rankontre ansanm nan Festival sa a. Ekip Afro Alice la ap la pou bay konsèy epi fè demonstrasyon sou jan ronm ka itilize nan cheve ak rezilta sa bay. Festival du Rhum – Haiti se inisyativ ekip J’Organise la ke plizyè ministè ak antrepriz prive kore (Nou ka site Ministè Komès ak Endistri, Ministè Touris, Ministè Ekonomi ak Finans, EuropCar, Sunrise Airways, IDS, Affiche-Toi, Techtra Graphics, Redstone Bar and Grill, La Réserve, Rorolight Studio, Fred Michel, Café Selecto epi kèk stasyon radyo).
4- Koman ide pou w oganize yon Festival pou Ronm ann Ayiti te vin nan tèt ou?
Ane pase, Rhum Saint James nan peyi Matinik te envitem pou m al patisipe nan Fête de la Canne ke yo oganize chak ane nan mwa Desanm. M te pran tiz nan istwa ronm, jan yo itilize kann pou yo ka fè likid la. M te komanse fè rechèch sou ronm nan istwa dayiti epi se konsa mwen te vin reyalize ke gen yon pati nan istwa nou ak ronm nou pa fè pwomosyon pou li oswa nou manke fe pwomosyon pou li ni nan peyi a ni bay moun lot peyi yo. Epoutan nou gen yon bel istwa ak ronm. Nou gen ronm nasyonal nou ki se Rhum Barbancourt ki se yon fyète, yon patrimwan, ki resevwa anpil pri nan men anpil gwo potanta nan domèn sa. Nou gen kleren nou an ki kontribiye anpil nan devlopman peyi a – Sen Michèl gen pi gwo konsantrasyon “guildive” oswa tafya nan lemonnantye selon sa Alexandre Vingtier, yon ekspè nan ronm di. Nan epok kolonyal la, nou te pi gwo koloni nan ekspotasyon sik. Kidonk, pandan plizye mwa, mwen fe rechech epi kontakte plizye ekspe nan domen ronm ki twouve projè a bèl epi nou travay sou li. Pou n te ka travay sou proje a, nou te oblije rankontre ekspè nan vil Pari, nan peyi Matinik. Grasa festival sa, n ap ka vann ronm nou yo ak kleren nou yo e nou ap gen opotinite repozisyone nou sou mache ronm nan epi montre nou se youn nan peyi ki gen pi bon ronm nan lemonnantye.
5- Si yon moun ta enterese vini nan Festival la, koman l ka jwenn plis enfomasyon?
Festival la ap fèt 15 ak 16 Novanm depi dizè nan maten pou rive setè nan aswè nan otèl El Rancho. Tikè pou yon moun asiste Festival la se 500 goud ayisyen. Yo kapab suiv nou tou sou Facebook, sou Twitter, sou Instagram oswa sou sit nou an.
6- Ann fè yon ti pale de cheve natirèl ou. Konbyen tan w genyen depi w retounen natirèl?
Lèm fini lekol, mwen te retire pèmanant e mwen te rete ak cheve m konsa pandan dezan. Kom mwen te pe peny anpil e mwen pa t gen twop resous, mwen te remet pemanant. Apre 12 janvye 2010, mwen te retounen natirel, sa fe deja katran e fwa sa, m ap rete natirel.
7- Kisa ki te fe w retounen natirel e ki obstak ou te jwenn?
Mwen te retounen natirel jis paske m te vle sa. Sèl obstak mwen se ke mwen pè peny (aloske cheve m boukle anpil le yo pa penyen yo mare) epi mwen pa two konn penyen. Men mwen kontan pase manmanm ak sem tounen natirel tou, nou fe yon bel ekip.
8- Koman w pran swen cheve w?
M lave cheve m 3 fwa chak semen ak rens. Mwen sote pwent yo chak mwa (yo gen anpil pwent), mwen fè benduil ak benykrèm de fwa chak mwa. Mwen idrate yo anpil. Mwen flite melanj dlo ak luil ladan yo maten ak aswè, mwen pa ekspoze yo twop nan soley. Mwen netwaye yo, mwen nouri yo epi mwen pwoteje yo jan nou konn di l la. Chevem se pitit mwen, mwen ba li lanmou ak atansyon.
9- Yon ti mo pou moun ki natirèl oswa ki gen pwojè natirèl?
Cheve natirèl pa jis yon mouvman pou mwen jan yo vle fè konprann sa. M renmen cheve m anpil e mwen fyè ke m pa eseye chanje sa Bondye ban mwen ak pwodui chimik. Yon fanm ki vle retounen natirèl dwe aprann renmen epi aksepte cheve l jan li ye a, kel grenn, ke l swa, ke l dwat natirelman. Ke se rete ak pemanant nan tet ou, ke se retounen natirel, yo tout se dezisyon pesonel. Sel bagay, chwa nou fe a, asimel!
Mesi Afro Alice pou entevyou a.
Annie
Afro Alice