Ti Koze ak Afro Alice – Faktè Ki Detèmine Jan Cheve Pouse

Cheve pouse 15.4 cm chak ane an mwayèn. San konte jenetik, manje ak swen nou ka fè pou nou fè yo vini pi plis toujou. Sa vlè di yon moun ki gen dezan natirèl ta dwe gen 31cm cheve anviwon elatriye…. Epoutan anpil nan nou retounen natirèl men cheve a pa vrèman pouse. Ki sa ki ka lakoz sa? Ki sa n ka fè oswa sispann fè poun ka kenbe longè cheve ki pouse a?

550877_401312659903966_1834341769_n

Men kèk faktè ki enfliyanse epi detèmine longè cheve nou: jenetik, swen nou fè pou cheve nou, jan nou penyen, jan nou manje epi bwe, mod lavi nap mennen, laj nou, kondisyon medikal nou epi jan nou jere cheve a pou l kenbe maksimom longè pou plis tan.

Premye faktè – Jenetik sa vlè di jen nou detèmine ki valè tan cheve nou rete nan faz anajèn nan oswa faz repous la e se sa ki detèmine ki longè cheve n ap genyen. Sa pran kat a sizan pou nou konnen maksimom longè cheve nou ka rive lè nou konstan nan jan nou trete yo, nan swen yo, nan jan nou manje, elatriye. Sa fè nou tou konprann, nou pa dwe ap konpare longè cheve nou oswa vites repous nou ak lot moun. Nou chak inik!

10403514_950906438269179_193358697461374361_n

Dezyem faktè – Swen nou fè pou cheve nou enfliyanse jan cheve nou pouse tou. Chak moun gen pwop cheve pa yo ak bezwen cheve a genyen e jan nou pran swen cheve a selon sa li bezwen ede cheve nou pouse. Pran tan pou w fè rechech, pou w fè eksperyans ak cheve w pou w konn sal bezwen. Yon cheve gra pa gen menm bezwen ak yon cheve ki sek! Cheve yon moun ki fèk sot akouche kap tonbe pa bezwen menm swen ak cheve yon moun ki strese kap tonbe. Si swen wap fè pou cheve w pa reponn ak bezwen chevew genyen, se lave men siye atè.

1381719_950908681602288_1088400073962719661_n

Twazyèm faktè- Jan nou penyen. Gen stil penyen nou fè an, gen frekans nou penyen an epi gen akseswa ak zouti nou itilize pou n penyen an. Penyen ki two sere, penyen chou redi devan tet tout tan, detire alonj devan tet nou ka anpeche cheve nou pouse e rache sak deja pouse a. Penyen chak jou epi pede ap bwose cheve a tout lajounen ap rache cheve a. Blower tout la sent jounen yo! Gen yon seri ti bwos di, ti peny ti dan, baret ti dan, elastik baret oswa bando ki di ki pa pi bon opsyon pou nou itilize nan cheve nou si nou sansib pou yo

10514664_950912538268569_1036395989039140765_n

Katriyem faktè – Jan nou manje ka fè cheve nou pa pouse oswa pran plis tan pou li pouse oswa rache. Sa ki fè sa? Si manje w manje pa gen ase fè, zen ak lot vitamin ki bon pou ko nou, sa ap gen gwo repekisyon sou sante nou. Lèw manke vitamin, li ka fè cheve w rache, pwent yo tchaktchak epi yo pa pwofite. Se vre gen anpil moun ki manje tchaw oswa ki pa manje manje lasante ki gen bel cheve, sa se ka ki nan eksepsyon an. Lègim ak fwi bon pou la sante e yo pa koute chè. Yon lot bagay anko se lè nou pa bwe ase dlo. Sa ki fè sa? Dlo esansyel pou fè ko nou fonksyone janl dwe fonksyone, pou transpote nitriman nan ko nou, pou retire vye toksin, pou san nou ka byen sikilè ak pou yon pil lot bagay anko. Si folikil cheve w pa jwenn nitriman, koman wap fè gen bel cheve? Si w pa bwe ase dlo, koman cheve w ap fè idrate pa anndan? Ou ka bwe dlo, ou ka jwenn dlo tou nan fwi ak lègim ki gen dlo.

10294326_950913814935108_8116603150691139222_n

Senkyem faktè se jan w mennen lavi w- Èske w fè spo? Èske w byen domi? Èske w pran tan pou w amizew? Ko nou se yon chèn ki plèn ti may e cheve nou se youn nan may yo, depi youn ladan yo pa byen, li afèkte tout res yo. Gade domi, an jeneral nou panse se yon bagay konsa konsa! Epoutan, se pandan w ap domi, sistèm ou ap renouvlè oswa repare, pwoteyin nan ko w fè sentèz, epi ko a pwofite rajeni. Depi w komanse rate oswa manke domi, kow, sante w, cheve w , po w ak sevo w ap peye sa. Si w vlè cheve w pouse pi vit oswa pouse, li ta bon pou w revize abitid domi w.

10447834_950915898268233_3201995320542150421_n

Sizyèm faktè se laj. Lè yon moun depase 34tran oswa fè menopoz, sa konn lakoz li pèdi cheve pou rezon fizik ak rezon psikolojik. Rezon psikolojik yo se sousi, stres, fatig ak simenaj. Omon yo ki pa balanse menmjan oswa ki konn pèdi kontwol se koz fizik yo.

10646800_950924741600682_8735543558138797498_n

Setyèm faktè se kondisyon medikal ou. Èske w anemye? Èske w sot fè gwo operasyon pandan si mwa ki sot pase yo? Èske w fèk sot akouche epi cheve w konmanse ap tonbe? Èskew gen yon maladi nan po tet ou? Se selman kèk nan kondisyon medikal ki ka eksplike poukisa chevew yo pa pouse epi yap tonbe.

Nan pwochen ti koze ki apre sa a, nou pral pale de kek bagay pratik ki ka ede nou fe cheve nou pouse.

ITILIZASYON KALALOU OSWA OKRA KOM JEL POU CHEVE AK MAS POU PO

Eske w te konnen ke gen jel natirel ou ka itilize pou w boukle cheve w ?  Ladan yo, genyen lalwa, rakèt epi genyen kalalou tou, sa yo rele gombo oswa okra a.

Kontrèman ak lot yo, se prepare pou w prepare jel kalalou a.  Men de fason w ka prepare jel kalalou a epi efe l sou cheve:

Premye Fason
1 – Rache kalalou a nan yon veso
2- Mete dlo nan yon veso
3- Mete kalalou a fe yon ti bouyi nan dlo a
4- Lel fin redui, lap bay jel la.

Etap 1

Etap 1

Etap 2

Etap 2

Etap 3

Etap 3

Etap 4

Etap 4


Ou ka konseve l pou twa jou oswa yon semen nan refrijeratè.

Dezyem Fason
1- Rache kalalou a
2- Mete dlo nan yon veso
3- Kite l kalalou a tranple nan yon tikras dlo, lap bay jel la

Etap 1

Etap 1

Etap 3

Etap 3


Ou ka konseve l pou de twa jou nan yon refrijerate.

Men efe li sou cheve a:

cropped-img-20120808-10640-001

Pandan map chache plis enfomasyon sou jan w ka itilize kalalou pou po, mwen jwenn sit Lola Zabeth la ki esplike tou koman nou ka fe mas pou po avel.

Lè w fin retire jel la, po ak grenn kalalou a ou ka itilize l pou w fe yon mas kap nouri epi adousi pow. Jis metel nan yon blende ak yon ka vè dlo epi pase l nan figi w, kitel pou yon 15-30 minit epi rensel ak dlo tyed. Po figiw ap swa epi fèm.

ok6

Afro Alice Hebdo – Farah Terviné

Semèn sa, Afro Alice te pran tan pou li entevyouwe youn nan kandida ki te patisipe nan konkou Miss Haiti 2014 la.  Se youn nan medam ki te komanse konkou a ak cheve natirèl li epi apresa, li te vin mete grèf epi texturizer devan tèt li pou fe cheve dwat.  Ann al fe yon ti pale sou kiyes li ye, eksperyans li nan konkou a ak rezon ki eksplike chanjman louk la. Non li se Farah Terviné.

1- Bonswa Farah. Mèsi paske w dako nou entevyouwe w. Piblik la konnen w plis kom yon kandidat ki te patisipe nan konkou Miss Haiti 2014 men ou menm, pale nou de wou.

Mwen se Farah Terviné, mwen te patisipe nan Miss Haiti 2014, mwen se mannken, mwen konn danse epi fè piblisite tou.  Nan lane 2011, mwen te depite Petyonvil nan palman jenès ayisyen.  Mwen ap etidye antreprenarya e m konte etidye dwa tou.

10417691_752255434825753_4786717947050829050_n

2- Pale nou de eksperyans ou nan Miss Haiti 2014.

Konkou sa te plis pase yon eksperyans pou mwen.  Se te yon lekol kote mwen aprann anpil, mwen aprann sou tet mwen, mwen aprann sou fanm ayisyen e m aprann aksepte yo kom poto mitan ak pilye nasyon an epi se grasa yo ekonomi peyi a kenbe.  Anplis, konkou sa a te banm vizibilite mwen bezwen pou m fe chemen m pou m reyalize rèv mwen nan politik

3- Depi kile w te retounen natirel ?

Mwen gen dezan depi m te retounen natirel. M te konn pase twop tan nan stidyo epi manman m ki te gen cheve natirel te yon bon enspirasyon pou mwen. Kidonk, mwen te sispann mete pemanant.

10305616_734829073235056_5763269923428147393_n

4- Koman antouraj ou te reyaji devan chwa w te fe pou w retounen natirel?

Antouraj mwen te renmen chanjman an paske yo te twouve tout jan m ye mwen bel.  Nan club kote mwen te konn al fe spo a, medam yo te twouve cheve m te enspirasyon pou yo.  Anpil ladan yo te anvi retounen natirel le yo te we jan cheve m te bel.

5- Ki swen w fe pou cheve natirel ou an general?

Chak 15 jou, mwen lave yo, mwen  mete chalimo oswa kite yo boukle poukont yo.

10409393_734829089901721_8453547505339522403_n

6- Nan komansman konkou Miss Haiti 2014 la, nou te we w ak cheve natirel ou e ou te bel. Apresa, nou vin we ou chanje look la.  E se pa wou selman, tout medam ki te ak cheve natirel yo chanje louk.  Sa k te fe sa ?

Yo te pwopoze nou chanje louk pou jan de konkou nou tap patisipe a e nou te aksepte.  Se menmjan ak Beyonce oswa Jennifer Lopez ki chanje louk tanzantan, nou te aksepte chanje louk tou.

10632863_10152272673768244_1907438739991250094_n

7- Anpil moun pa t apresye chanjman sa paske pou yo se komsi sa vle di cheve natirel pa prezantab, sa w panse de sa ?

Sam tap di yo mwen menm se ke sa k enpotan an se pa chanjman cheve a, se fason nou te pwojte tet nou, jan nous anti nou, jan nou fe vale nou, jan nou sevi egzanp pou jen kap vini yo.  Pesonalite pi enpotan toujou pase aparans lan.  Chanjman nan cheve m nan te ede m konprann ayisyen pa avew pou kapasite w men pou aparans ou.

8- Miss Haiti se yon konkou pou mete anvale fanm ayisyen nan jan l ye a ak tout kapasitel.  E le nou we fanm ayisyen souvan nou we fi ak po nwa, cheve grenn.  Si w te genyen konkou a, koman w tapral montre lemonn aparans sa a ?

M tapral montre l ak kom, ak fom mwen epi ak pesonalitem ak kapasitem, m t ap montre yo fanm ayisyen inik, brav, fye epi janti.

9- Si w te ka fe bak, eske w tap toujou chanje louk ou nan konkou a ?

Non, mwen patap chanjel.  M tap kitel natirel parapo ak nouvo deteminasyon m epi paske m gen pwoblem nan zyem le m mete pemanant : je m fe dlo epi mwen pa ka gade soley.

10- Ki pwoje w apre konkou Miss Haiti 2014

Mwen renmen timoun anpil.  Youn nan pwoje m se kreye yon sant kiltirèl pou timoun ki defavorize yo kote y ap aprann bagay anplis de sa ke yo montre timoun an jeneral lekol tankou gen konfyans nan tet yo ak lot bagay ki kapab ede yo nan domen pwofesyonel.  M ap travay tou pou m ede yon ofelina ki gen andikape ke m tal vizite e m te vreman touché.

Merci Farah,

Annie

Afro Alice

Ti Koze ak Afro Alice – Kèk Pwoblèm Kominote Natirèl la ap Rankontre

Nou pral fe yon ti pale sou kek pwoblem kominote natirel la ap rankontre epi jan yo ka regle yo:

Pwoblèm # 1- Cheve m mare oswa mele.

Sak fè sa?

 Si cheve w sèk, si pwodui w itilize gen alkol oswa petwoleyom, si cheve w pa byen demele anvan w fè yon penyen, si w kenbe yon penyen two lontan, si w gen pwent cheve ki tchachak, si w domi ak cheve w nenpot jan, pa sezi we ke cheve a mare.

tangled-nylady

Sa w ka fè pou sa?

Gen anpil bagay ou ka fè pou w veye pou cheve w pa mare tankou sa nou pral site la yo:

1- Veye pou cheve w idrate. Yon ti dlo ak yon ti ji lalwa ak yon luil oswa dlo ak yon leave in oswa krem pou penyen ak yon luil epi cheve w yo ap kontan

2- Evite pwodui ki gen silfat, alkol ak petwoleyom. Petwoleyom ap bouche po tet la, atire pousye ak salte ki kontribiye nan fe cheve a mele epi silfat ak alkol fe cheve a sek

3-Pran tan w pou w byen demele cheve w, ak dwet ou anvan epi ansuit ak yon peny gwo dan. PA JANM DEMELE YON CHEVE KI SEK SAN W PA IDRATEL ANVAN.  Le wap detrese cheve w, pran pasyans ave yo.

4- Plis ou kite yon penyen nan tet ou, se plis cheve w gen chans pou yo mele epi mare.  Pa kite yon penyen fe plis ke 4 oswa 6 semen nan tet ou san w pa refe l.

 

Pwoblèm # 2- Cheve m pa grandi.

Sak fe sa?

Nan de ti koze, nou te pale deja de kek bagay ki fe cheve pa pouse. Regade atik sa yo anko:

https://afroalice.wordpress.com/2014/05/05/kek-abitid-ki-ka-lakoz-chevew-pa-pouse-oswa-pran-tan-pou-l-pouse/

https://afroalice.wordpress.com/2014/04/16/kek-pwodui-ki-ka-fe-cheve-w-pa-grandi/

 bc8b790a399b23ef68d9c245d6497d24

Sa w ka fe pou sa?

Mennen yon vi ki favorize lasante. Si w manje jan w dwe manje, ou domi, ou bwe dlo, ou fe egzesis epi w byen netwaye, idrate epi pran swen cheve w epi w gen pasyans cheve w ap grandi

 

 Pwoblem # 3- Mwen pa we koman pou m penyen tet mwen anko

Sak fe sa?

Swa ou pa gen tan pou w fe twop penyen, swa w trouve cheve yo two kout oswa two long pou w penyen yo swa w pa konn penyen.

Meko_New_York3

Sa w ka fe pou sa?

Plen bagay yon moun ka fe pou w jwenn ide penyen.  Entenet pa manke resous anko pou moun ki vle fe stil ak cheve natirel yo.  Kidonk se pa enfomasyon ak resous yo ki pa la. Se nou ki pou chanje atitid nou pou nou ka pwofite de yo.  Mwen pesonelman konn fe yon kalandriye penyen pou yon peryod 3 oswa 6 mwa epi ladan mwen planifye yon penyen an bakop pou sim pa ta fe penyen mwen di a.  Preparasyon se pi gwo kle pou jere penyen.  Le w konnen wap penyen tel jan, ou tou planifye pou sa.  Si w se yon moun ki vesatil e ki pa vle pwograme penyen, fe yon lis tout penyen w we ki egziste e w renmen. CHak tan wap penyen gade lis la epi chwazi sa wap fe nan tet ou. Se sa mwen fe kounya.  Benyen videyo sou youtube ak paj sou facebook, instagram ki ede nou pou nou aprann fe kek penyen senp.  Bay tet ou defi pou w rive venk pwoblem sa.

Pwoblem #4- Mwen pa konn ki pwodui pou m itilize

Sak fe sa? 

Se notrejou, anpil nan nou ap aprann oswa dekouvri cheve pa nou e nou pa fin konnenl net pou n ta konn sa l renmen ak sal pa renmen. Gen nan nou ki pe fe eksperyans pou nou fini pa konnen ki sa cheve a renmen e ki fel byen. Mache pwodui pou cheve natirel la telman vin anpil, nou pa konn sa pou nou pran anko.

white products

Saw ka fe pou sa? 

Aprann konnen cheve w.  Cheve w gen tip li, li gen porozite l, li gen sitiyasyon l, li gen pase e li gen enpefeskyon.  Si w rive gen tout enfomasyon sa yo sou cheve w, wap deja konnen kisa l gen kom bezwen.  Men fo w di tet ou se nan eksperimante wap rive konn sa ki bon pou li.  Yon cheve pa bezwen plis ke yon netwayan, yon idratan, yon bagay kap nouril epi fotifyel, yon bagay pou ki definil epi edew fe stil avel oswa ann dil yon lot jan li bezwen yon chanpou(pou moun ki itilize chanpou), yon rens, yon krem/be oswa let pou penyen, yon beny krem, kek luil, yon bon ti jel oswa losyon pou ki defini teksti w epi fini.  Sa se ESANSYEL la.  Youn nan avantaj ki genyen ak natirel se ke ou ka achte pwodui oswa w ka itilize bagay ki nan kizin ou ak nan jaden w pou w fe pwodui chevew.  Fe rechech epi aprann. Siw  vreman pa gen tan pou w fe tout sa, ekip Afro Alice la ap two kontan edew nan sans sa.  Ekri nou sou afroalice@gmail.com oswa rele nou nan 50936046877 oswa whatsapp nou nan +50942232805

Pwoblem # 5- Mgen pares pou m penyen tet mwen

Sak fe sa? 

Ou menm selman ki ka konnen sa k fe sa.

Lazy-Natural-Wash-Day-650x365

Sa w ka fe pou sa? 

Se wou ki pou pran swen tet ou e pesonn pa ka fe sa pouwou.  Se wou ki pou pran dezisyon pou w pran swen tet ou.

Pwoblem # 6- Mwen anvi remet pemanant.

Sak fe sa? 

Gen moun ki pa sipote fawouch lot moun ap ba yo akoz chwa yo fe.  Gen lot se mari yo oswa travay yo ki pa vle yo kenbe cheve yo natirel.  Gen lot moun ki pa we kisa e koman pou yo jere cheve yo, yo prefere remete pemanant. Gen lot anko ki te retounen natirel paske se sa ki te alamod kidonk yo bouke, yap retounen met pemanant yo.  Gen lot ki di yo renmen chanje look. 

randnatural

Sa n ka fe pou sa?

Desizyon pou yon moun rete natirel oswa remete pemanant se chwa moun nan.  Sel bagay, pa bliye tout efo nou te fe pou nou te retounen natirel e rezon ki te fe nou retounen natirel.  Pa bliye tou ak cheve natirel, ou aprann aksepte sak pouwou, sa Bondye bawou e se sa ki paw. 

 Ki pwoblem w ap rankontre ou menm?

 

Annie

Afro Alice

Stil Pou Mwa Septanm – Kwochè ak Alonj Freetress Water Wave

Gen yon mwa de sa, mwen te anvi mete alonj kwochè sou fom yon koup pou m te pase anvi mwen genyen pou m koupe pwop cheve m nan, mwen te al fe mete l pou mwen men mwen pat renmen cheve yo te itilize a e mwen te retire l.  Yon zanmi m nan travay mwen te vin pote de pakè Freetress Water Wave ki mezire 22″ pou mwen nan koulè 1B apre ke m te di l mwen renmen jan l te penyen avel la.

 Sa te pran  twazèdtan pou tèt mwen fin penyen men m te leve plizye fwa al fè lot bagay.  Tet mwen te pran de pakè cheve a totalman e pou m te ka plis vèsatil ak cheve a, sa vle di gen posibilite pou m fe chou avel si m vle oswa lot penyen, mwen te kite pati kouwon cheve m ni devan, ni deye, ni soukote, m trese yo de dwet epi mwen woule yo pou yo te ka gen menm pli ak alonj ki nan tet mwen an.

10613073_10152676242597485_1604183740163312824_nCheve a:  yon moun ki ap viv Etazini oswa Canada ka jwenn li nan nenpot boutik kote yo vann bagay estetik (beauty supply store) e yo ka jwenn li sou entenet tou sou sit tankou ebonyline, amazon, elatriye.  Yon moun k ap viv Ayiti ka swa komande l sou entenet oswa kontakte Samantha nan 3604-6877 leu genyen li an stok yo ka jwenn li nan menl.  Plen lot cheve ki ka bay menm efe a.  Se eseye pou nou eseye

Egwi kwochè a: Moun ki ap viv laba gen aksè fasilman ak egwi sa e yo ka komande l sou entenet tou (crochet needle).  Moun ayiti ka achte l kay Dupuy nan Delmas 12, li pa koute plis pase 75 goud.  Eksperyans pwouve kwoche nou jwenn Ayiti a pi solid pase sa lotbo a (nan foto a, sa ki roz ak neyon an se sa ki vann laba a) men sa lotbo a pi efikas lè w rive devan tèt la paske li pi piti.

Moun pou w fè penyen an: Kwochè se bagay ki pi fasil yon moun ka fè nan chevel.  Mwen deja mete kwochè ak yon bwa alimèt epi yon lot fwa ak yon grenn epeng cheve, tout lojik la se foure alonj lan anba tikouri a epi marel pou l pa soti (gade foto anba a ak videyo a).  Nenpot moun ka mete kwochè pouko l.

 https://www.youtube.com/watch?v=NjlgSVizK8E

images

Men si w ann Ayiti ou ta renmen yon lot moun mete l pouwou, Afro Alice an kolaborasyon ak de lot moun ofri sèvis sa.  Kontakte yo sou afroalice@gmail.com oswa rele/whatsapp yo nan +509 4223-2805 pou plis enfomasyon.  Si w laba, preske tout estidyo ki okipe cheve natirel oswa penyen afriken bay sevis sa a.

10556386_10152679167312485_1546232795588824962_n

Mwen gen pwojè kenbe yo pou 4 a 6 semèn, retire yo epi refè yon lot stil.  Kwochè efikas paske l pemet ou ka kontinye fe stil ak cheve ou mete a, li pwoteje pwent cheve paw , ou gen posibilite pran swen cheve w ki anba l la fasilman epi cheve w pran lè.  Se li menm ak alonj pyebwa (treebraid) ak alonj ke pwason (fish tail braid) ki bay avantaj sa yo dapre mwen.

E ou menm, ou deja mete alonj kwochè?  Koman w te twouve eksperyans lan?  Sinon, ki penyen pou w proteje cheve w konn fe?

Na pale yon lot let anko

 

Annie

Afro Alice