Afro Alice Hebdo – Alice Ericka Milfort

Kèk mwa de sa, bofrèm nan ki konnen m renmen rankontre ak lot jèn moun ki gen cheve natirèl te prezante m Alice.  Nan kèk minit pale avè l sèlman, mwen te admire ti sa m te dekouvri sou li a. Nou dako avem se pa chak jou ou jwenn yon jen tifi kenzan ki gen anpil kreyativite, anpil bon sans epi ki polivalan.  San konte, tout sa ki tonbe anba men l, li fe lespri l mache pou l fel tounen yon bagay ki ka itil li.  Se vreman yon jen eksepsyonel.  Alice gen cheve natirel e li gen yon biznis li monte tou.  Ann dekouvri plis sou li nan ti entevyou sa a.

1-Pale m de wou.

M rele Alice Ericka Milfort. Mwen gen 16 an e m lekol. Mwen renmen tout sa ki atistik e mwen ta renmen pent ak travay nan lot bagay ki gen rapo ak penti.  Mwen se fondatris Bel Panzou Collection.

Alice Milfort Bel Panzou Collection

Alice Milfort
Bel Panzou Collection

2- Pale m de Bel Panzou Collection

Bel Panzou Collection Se yon antrepriz kif è bijou atistik tankou braslè, zanno.  Nou fe potkle tou e nou fe bijou pou gason tou.

10639205_735161286544331_1512006075_o 10631420_735161396544320_893221122_o 10647262_735161449877648_4232114_o 10631545_735161529877640_847097471_o 10637757_735161633210963_993640774_n (2) 10637757_735161633210963_993640774_n

3-Kisa ki te enspire w komanse ak koleksyon sa epi rele li konsa ?

Mwen fou pou tout sa ki atistik e ki gen rapo ak sa.  Anplis de sa mwen debwouya. Kom mwen te konn gade videyo sou Youtube, m vin gen ide kreye yon biznis kote mwen vann bijou ak akseswa mwen fe ki inik ki pa menm jan ak sa tout moun fe epi ki reflete zèv jèn tankou m.

4- Koman w jere aktivite sa yo parapo ak lekol ou ?

Piske lekol vreman enpotan, m fe efo pou m kenbe yon bon ekilib nan bagay yo.  Sa rive mwen gen komand nan mitan semen, le konsa si m gen lekol, mwen bay sa priyorite. Mwen sonje ke yon le mwen te gen pou m ekspoze nan yon fwa nan peryod egzamen, m te oblije prepare tout bagay davans pou m te gen mwens stres epi pou m te ka reyisi nan egzamen yo.

10650520_735161693210957_77552656_o 

5- Nou konnen ou te toujou gen cheve natirel, eske w pa janm gen lide oswa anvi pou w ta mete pemanant ?

Wi m te gen lide an paske m te renmen we le cheve manman m lage sou do l ,sa te atirem a mete permanant tou.

6- Leu konsa, kisa ki fe w pa mete pemanant?

Sa ki konvenk mwen pa met pemanant se le m vin we tout sam te ka fe ak tet mwen e m pat anvi imite moun.

10589498_735162199877573_1895150962_n

7- Koman w pran swen cheve w yo ?

Fason M pran swen yo:M lave yo ,M fe bain d’huile ,M fe bain de creme avec engredyan Natirel et M demele yo ak dwet mwen anvan m fouye Gwo peny lan Parske chevem fourni anpilll.

8- Sa w panse de anpil moun ki ap retounen natirel kounya ann Ayiti ?

M panse Se yon Bon bagay ,te dwe gen sa depi anvan Sa fe medam yo pi bel (sa depan de jan yo pran swen yo )Men m toujou pense pemanant se yon imitasyon.   Et puis,  avec les cheveux naturels on devient plus classique aussi.

9– Sa lekol ou di sou zafe penyen ti tres, fe ti twis oswa penyen ak alonj ?

Lekol mwen pa bay pwoblem pou penyen sa yo, yo jis pa vle moun mete gref, alonj ak tout lot penyen kif et ak fo cheve amwenske yon dematolog bay yon elev yon preskripsyon ki mande pou l ta fe sa

10- Sa w panse de lekol ki entedi penyen tankou ti tres, de dwet ak ti kouri ?

M panse ti tres, de dwet ak ti kouri ede anpil elev pou yo prepare yo pi rapidman epi pou yo mwens fatige chak jou.  Antouka, se lekol yo ki fe chwa yo vle a e nou pa two ka chanje sa

11-Mesaj ou pou kominote fi natirel ki ann Ayiti a ?

Si ou natirel, rete natirel.  Si w gen pwoje retounen natirel, vini paske lew natirel se di w di w renmen moun ou ye toutbon an, ou aksepte l jan Bondye fel la, jan w ye a ou klas epi w bel !

 

Annie

Afro Alice

Please share your opinion/advice/comment with us

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s