Ti koze ak Afro Alice – Tretman Klere Ene (Henna Gloss Treatment)

Pandan mwen te sou yon gwoup cheve natirèl, yon pil medam t ap pale de eksperyans yo fè ak tretman klere ene epi koman li fè cheve yo grandi epi bèl.  Sa te vin fè mwen anvi konnen kisa tretman sa ye epi ki sa li fè pou cheve.  Mwen fè rechèch ak eksperyans pa m ak li e mwen vle pataje ak nou.

Sa li ye

Ene an kreyol, henna an anglè, henné an fransè se yon plant ki fèt nan peyi Iran ak Mezopotami. Yo pran fèy la yo retire ladann pou fèl tounen yon poud ki ka gri vèt, wouj oranj oswa nwa(lè yo ajoute endigo ladan) ke yo itilize pou fè tatwaj ak pou swen cheve.

HennaPowder-780x320

Kèk tip ene

Gen ene ki pa bay koulè sa yo rele Henné neutre la aloske ene natirèl la bay cheve koulè (li pa ka fè cheve a gen koulè ki pi klè, li toujou fè l pi fonse).

download

Byenfè li pou cheve

Anplis de koulè ki pa nosif li bay cheve, li pwoteje cheve a epil bal fòs. Epi li goumen kont kap tou. Sa se sèlman kèk nan byenfè ene pou cheve.

???????????????????????????

Atansyon! Si w pa fè aplikasyon ene a jan w dwe fèl la li ka deseche chevew

Kèk fason ou ka aplike l 

Ou ka fè pat pouw aplike sou cheve a, ou ka fè rens avèl, elatriye men jodi a nou pral pale de tretman klere ene a.

images (2)

Rens ak ene

Tretman total ene

Tretman total ene

Tretman klere ene

Tretman klere ene

Tretman Klere Ene a

Tretman klere ene se aplikasyon ene ki melanje ak yon rens oswa yawout san sik epi yon luil: trè souvan luil doliv oswa luil kokoye, ji sitwon oswa te vèt pou fè koulè a sòti. Li fè cheve a gen fòs epi klere, dayè se sak fè ann anglè yo rele tretman sa henna gloss.

Ou ka fè diferans ant pat ene nòmal la epi ene klere a (henna gloss)

10550915_917424261617397_5817593268115697658_n

Men kòman ou ka prepare ene klere a:

1- melanje ene ak ji sitwon oswa te a epi kitel pou yonn oswa plizyè èdtan pou koulè a sòti.

2- apresa melanje rens ou vle a ak melanj ene a epi ajoute luil doliv oswa kokoye

3- aplikel sou cheve ki yon ti jan mouye pou pèmèt li byen penetre kitel nan tèt la pou yonn oswa 8 èdtan.

Cheve m aprè inèdtan kenz minit ak aplikasyon klere ene a

Cheve m aprè inèdtan kenz minit ak aplikasyon klere ene a

4- rensel epi fè yon swen pwofon.

Cheve pi fonse, klere epi soup

Cheve pi fonse, klere epi soup

 

Enfòmasyon nou poste yo pa oblije pèsonn pou yo eseye yo si l pa vle. Nou fè li pou kilti jeneral epi pou moun ka konnen diferan opsyon yo genyen pou yo pran swen cheve yo.

Annie

Afro Alice

2 Comments

Leave a reply to richard amiladad Cancel reply