Katran de sa, lè mwen te fenk tounen natirèl, sa te mande m pou m vwayaje oswa veye lè yon moun ap sot lotbo dlo pou m te ka jwenn kèk pwodui enpotan pou m pran swen cheve m. Men, granmesi anpil medam ki ap retounen natirèl e kek lot ki kreye bonjan pwodui pou pran swen cheve ak ko, cheve m kontan 🙂
Men pwodui lokal cheve m vrèman damou:
Chanpou oswa netwayan pou cheve:
1- Digo Chanpou Revitalizan (Conditioner Shampoo) ke Ayacaona fè. Lè m fin lave cheve m ak chanpou sa, mwen pa bezwen itilize peny pou m demele chevem, li gen bon sant toutpandan li pa two santi bon. Li fè cheve yo soup e mwen pa menm bezwen itilize rens apre. Nan mwa k ap vini yo, mwen ap poste yon videyo ki montre jan chanpou sa fe cheve m.
2- Rhassoul Mudwash ke Onaturell fè. Li gen bon odè, li fè cheve a soup epi li boukle l. Se sèl netwayan mwen ka fè stil wash and go avèl.
Benduil:
Tretman luil ak myèl pou repare cheve Akvy Naturelle fè a. Mwen gen cheve ki sèk anpil e mwen renmen mete koulè nan cheve m. Grasa benduil sa, mwen kenbe cheve m yo ansante epi byen klere. Lè m fin fe yon kenz minit ak bone plastik nan tet mwen ak benduil sa, chevem tankou cheve tibebe.
Jèl oswa krèm pou boukle cheve:
Shingu, jèl pou defini cheve Ayacaona fè a. Li vreman bon. Yo pale de peny pou w defini cheve a men mwen pa menm bezwen peny pou sa, depi m pasel, cheve m defini poukont li. Li nouri cheve a e leum metel , mwen pa oblije mete luil pou cheve m klere.
Lèt Kokoye ak Kabrit ke Kreyol Essence fè. Mwen pale plizyè fwa sou blog la deja sou efè pwodui sa nan cheve m. Mwen renmen l anpil paske li revitalize cheve a, li fel klere epi li bouklel. Si w ta renmen we sa m te ekri sou li deja an angle, gade sa. Mwen te fè yon videyo sou li tou
Luil maskreti
Luil maskreti ak chokola Kreyol Essence lan. Se apati de lè mwen dekouvri pwodui sa mwen mete luil maskreti nan tèt mwen paske menmle se yon bon luil, ode a te fe li difisil pou mwen sipotel. Grasa chokola a, li gen bon lode e mwen menm metel sou po m.
TANPRI PA BLIYE
Mwen gen tip cheve ki grenn e ki soup (3c/4a). Pwodui sa yo ka fè cheve pa m byen epoutan li pa fè cheve tout moun byen. Atik sa pale sou pwodui ki ale ak cheve PAM. Se eksperyans pou w fe pou w konnen ki pwodui ki plis ale avew.
Yon lot bagay anko, mwen pa afilye ak youn nan konpayi sa yo ki fe pwodui mwen sot site la yo e yo pa peye m pou mwen ekri atik sou pwodui ke yo fè. Pwodui sa yo se pwodui swa moun fè m kado, swa mwen achte.
Annie
Afro Alice
Facebook: Afro Alice
Instagram / Twitter : afroaliceht
Youtube: Afro Alice
bon travay afro Alice luv u.