Afro Alice Hebdo – Altieri Fatima

This week, we interviewed a Haitian starlet with natural hair.  Keep on reading to get to know her more.  Pou semèn sa, Afro Alice te entèvyouwe yon gwo talan ann Ayiti ki gen cheve natirèl.  Li repotaj ki vin apre a pou w ka konn plis sou li.

Tell Us About Yourself . Pale nou de wou.

 I’m Altieri Fatima Genise Durand.   I’m 20 years old.

I’m a model, painter, photographer, and student.

I love art and I sing too.

I have a single “Femme” check it out on YouTube and I love life

 

Mwen se Altieri Fatima Genise Durand. Mwen gen 20 tan. Mwen se yon mannken, yon pent, yon fotograf epi yon etidyan.  Mwen renmen bagay atistik epi mwen konn chante tou.  Mwen gen yon mizik ki rele “Femme” ke w ka tande sou Youtube. Mwen renmen lavi.

unnamed (2)

When did you return Natural?  Depi kile w retounen natirel

 I’m natural since 5 months.

 

Mwen natirèl depi 5 mwa.

 

 How did people surrounding you react to the change?  Koman moun nan antouraj ou te reyaji le w te fe chanjman sa?

 Some liked it some didn’t. Still fighting to keep it, being a model with natural hair it’s not that easy. Because high fashion need long straight hair and everything so all the time I gotta change my look for photoshoot and stuff. Sometimes I use a wig or weave. It’s not easy for me

Genyen ki te renmen l, gen lot ki pat renmenl.  Lè w se yon mannken, rete ak cheve natirèl pa fasil.  Nan domèn nan, yo plis renmen moun ak cheve long ki dwat, lè konsa mwen oblije itilize yon perik oswa mete yon grèf pou m ka fè seyans foto oswa kèk defile.  Li pa fasil pou mwen men m ap kenbe la.

10449736_630459577049162_1148755616_n

 

 What is your hair regimen?  Ki swen ou bay cheve w?

 Lol I would say water and “Hair food”

 

Dlo ak tout bagay ki ka nouri cheve a.

 

What do you like most about being natural ?

 I love the fact that I’m different and I’m feeling comfortable. But also sometimes it’s a war to do my hair lol but I like it

M renmen cheve m ki natirèl la paske sa fèm santi m diferan epi mwen alèz.  Menmlè m poko fin byen metrize koman pou m byen fè cheve m, mwen renmenl.

unnamed (4)

 

A message to the existing, upcoming and potential natural hair community.  Ki mesaj ou ta bay moun ki deja retounen natirel, moun ki gen projet retounen natirel ak moun ki ta ka retounen natirel yo?

Being natural it’s not only the new style. To me it’s the only style,and it’s the best decision a girl can take. It’s shows respect to our God who actually create us like that and confidence to our self. I’m not saying that the other girls are not beautiful or confident but I’m saying that “WE” natural women natural hair we experience freedom and nature connection. And everyone who wanna try it please take the risk it’s worth it!!! And I pray that God can helps us with that fight to show the world that with our big hair we are Proud and powerful! Thank you afro Alice and specially Francisca who contacted me. Keep the good work.

Natirèl pa dwe selman yon stil.  Pou mwen, se sèl stil la.  Se pi bon desizyon yon jenn fi ka pran.  Sa montre respè pou Bondye nou an ki kreye nou ak bèl cheve sa e sa montre tou nou gen konfyans nan tèt nou.  Sa pa vle di lot fi yo pa gen konfyans nan tèt yo oswa yo pa bèl non, men mwen konnnen nou menm, ki gen cheve natirèl nou konn sak rele libète ak bonjan koneksyon ak nati nou.  Si w anvi retounen natirèl, pa pè pran risk la, sa vrèman vo lapenn.  M priye Bondye pou li ede nou nan lit nap mennen pou nou montre tout moun nou kapab epi nou fyè ak cheve pa nou.  Mèsi Afro Alice – Francisca.  Kontinye ak bèl travay n ap fè a.

 

Francisca Rubi Morel

Afro Alice

 

Please share your opinion/advice/comment with us

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s