Ou pran swen cheve pa w yo e w fe yo bel. Pa yo ka bel tou. Fomil la se kenbe cheve yo pwop, kenbe cheve yo idrate epi penyen cheve yo. Koman? ak kisa? chak kile?
Pou w pran swen cheve pitit ou- kenbe cheve l pwop.Ou vreman pa oblije itilize chanpou ki pa natirel pou w kenbe cheve pitit ou pwop. Men chwa a se nan men w li ye. Si w vreman deside itilize chanpou ki pa natirel nan tet pitit ou, mete 3/4 chanpou pou 1/4 dlo melanje pou w lave a. Ou ka lavel ak rens chak ui jou oswa kenz jou. Si l vrèman sal, ou ka itilize vinèg, bikabonat, ajil oswa modwash pou w lavel. Kek rekomandasyon pwodui pou lave cheve timoun nan: Chanpou Ayacaona a oswa modwash Onaturell la oswa chanpou Shea Moisture a oswa chanpou Kinky-Curly a. Tout se pwodui natirel ki san pwodui ki ka nefas pou cheve oswa sante timoun nan. Pwodui Mixed Chicks yo ke nou ka jwenn nan magazen Reviv Petyonvil pa mal nonplis. Siw bezwen enfomasyon sou kote wap jwenn lot pwodui yo, klike direkteman sou lyen ki make non pwodui a.
Pou w pran swen cheve pitit ou – kenbe l idrate epi revitalize.Ou sonje nou te we anpil metod ou ka itilize pou w idrate chevew. Ou ka itilize menm metod yo pou pitit ou tou. Pi bon zanmi TOUT cheve, kel se cheve timoun, kel se cheve granmoun se DLO. Flite yon ti dlo, pase yon ti lalwa oswa raket oswa jel kalalou oswa yon bè natirèl epi pase yon ti luil pou ki kenbe cheve a idrate. Luil kokoye ak luil doliv ap fe cheve a idrate epi klere, luil zanmann ap fel byen soup, luil zaboka ap nouri cheve a.Fok ou sonje tou swa mete bone ki fet an saten oswa swa nan tet li oswa achte dra ak sak zorye ki fet nan twal sa yo pou cheve a ka rete idrate. Jan w idrate cheve w la, ou ka itilize menm metod la pou w idrate cheve pitit ou. Tout pwodui mwen pale de yo pou w idrate cheve timoun yo natirel, sa vle di ou ka fe yo oswa achte yo. Pi bon krem pou cheve mwen twouve ki fe bel efe sou cheve ni granmoun ni timoun se krem shea ak let Kreyol Essence lan ak Curl Style milk SheaMoisture a. W ap jwenn bè yo achte nan Onaturell.
Pou w pran swen cheve pitit ou – Penyenl epi kite cheve l anrepo.Ti cheve yo tou frajil epi tou fen. Penyen yo men pa pede ap rale cheve yo. Si pitit ou nan yon lekol kote yo pa gen pwoblem ak ti kouri, de dwet ak elatriye, ou ka itlize metod manmanm te konn itilize pou mwen lem te piti an. Chak dimanch swa, cheve m penyen pou semen nan, yo detrese le samedi, li lave yo epi idrate yo, le dimanch maten yo fel bel ti penyen pou mwen epi pita menm ti bagay la anko epi idrate cheve a selon bezwen an pandan semen nan. Fel epi wa banm nouvel. Cheve yo pran bon ti repo toutpandan yo byen nouri. Y ap grandi!Pa sere tet yo ak boul gogo, pa penyen yo ak elastik plastik yo, pa trese tet yo telman sere ou fe ti bouton leve, pa redi devan tet yo. Si w bezwen enspirasyon penyen pou pitit ou, vizite albom sa: https://www.facebook.com/media/set/?set=a.631728733520286.1073741828.298525320173964&type=3
Yon denye ti bagay nou tap bliye di w: ba yo manje manje lasante. Fok cheve yo bel anndan kou deyo. Pa neglije ba yo bon luil fwadmori, pistach, nwa, mayezyom, kalsyom, zen, vitamin E, C, A, fwi ak bon jan legim ak salad, fe yo bwe dlo epi fe yo manje kawot. Yap di w mesi le yo gran.
Annie
Afro Alice