Anpil medam ap plenyen cheve yo pa pouse, cheve yo sispann pouse oswa cheve yo pa pouse ase. Nan Ti koze ak Afro Alice jodi a, nou wè twa ti abitid ki tou senp epoutan ki ka gen gwo enpak sou sante nou ak sante cheve nou:
Premye bagay ki fè cheve w ka pa pouse oswa pran tan pou yo pouse se si w pa domi ase. Sa ki fè sa? Se pandan w ap domi, sistèm ou ap renouvle oswa repare, pwoteyin nan ko w fe sentèz, epi ko a pwofite rajeni. Depi w komanse rate oswa manke domi, kow, sante w, cheve w , po w ak sevo w ap peye sa. Si w vle cheve w pouse pi vit oswa pouse, li ta bon pou w revize abitid domi w.
Dezyèm bagay ki ka fè cheve nou pa pouse oswa pran plis tan pou li pouse se jan nou manje. Sa ki fe sa? Si manje w manje pa gen ase fè, zen ak lot vitamin ki bon pou ko nou, sa ap gen gwo repekisyon sou sante nou. Lew manke vitamin, li ka fe cheve w rache, pwent yo tchaktchak epi yo pa pwofite. Se vre gen anpil moun ki manje tchaw oswa ki pa manje manje lasante ki gen bel cheve, sa se ka ki nan eksepsyon an.
Dènye bagay n ap wè jodi a ki ka fe cheve nou pa pouse oswa pran tan anvan l resi pran yon ti longè se lè nou pa bwe ase dlo. Saki fesa? Dlo esansyel pou fe ko nou fonksyone janl dwe fonksyone, pou transpote nitriman nan ko nou, pou retire vye toksin, pou san nou ka byen sikile ak pou yon pil lot bagay anko. Si folikil cheve w pa jwenn nitriman, koman wap fe gen bel cheve? Si w pa bwe ase dlo, koman cheve w ap fe idrate pa anndan? Ou ka bwe dlo, ou ka jwenn dlo tou nan fwi ak legim ki gen dlo.
Konbyen tan w domi an jeneral? Eske w manje manje lasante epi pran ase vitamin nan sa w ap manje? Ki valè dlo ou bwè chak jou?
Pingback: Ti Koze ak Afro Alice – Kèk Pwoblèm Kominote Natirèl la ap Rankontre | Afro Alice