Chanjman sou Paj Facebook Afro Alice apati Janvye 2014

Apati de Janvye 2014, men program Afro Alice chak semen:

Lendi: Ribrik Ti koze ak Afro Alice epi Afro Alice Hebdo – kote n ap pale sou yon sije ki gen rapo ak cheve oswa po. (Nou kapab ekri pou nou fe sijesyon sije chak Jedi)

Madi: Pot-Pourri – se jou nou pale de tout bagay ki gen rapo ak mod, cheve, lavi, elatriye

Mekredi: Ti Koze ak Afro Alice – Yon sije sou cheve oswa po (Nou kapab ekri pou nou fe sijesyon sije chak Jedi)

Jedi: AA Courrier – Se jou nou reponn tout imel, mesaj sou bwat resepsyon Afro Alice. Piske nou fe sa selman, nou gen tan pou nou reponn tout moun.

Vandredi: Coin des Soins – Etandone wikenn nan toupre e se le sa anpil moun fe swen, se le sa nap bay konsey ak jan de swen nou kapab fe

Samdi: Idées Coiffures – An jeneral, se jou sa anpil moun penyen pou yo ka fe semen nan. N ap bay ide penyen pou tout kategori moun : sak an tranzisyon, cheve long, cheve kout, krepi oswa pi soup.

Dimanch: Photos en folie – Se jou pou nou mete cheve natirel an vale e se jou sa tou tout foto moun ki manm yo ap pibliye. Tanpri, pa neglije voye foto w. Nou vle fe gwo efo pou nou itilize foto fanm lakay.

KI JOU W WAP PLIS BRANCHE? PA BLIYE PATAJE PWOGRAM SA A POU LOT MOUN K AP VIN PWOFITE TOU.

 

Please share your opinion/advice/comment with us

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s