PIKNIK AK AFRO ALICE – JEDI 17 OKTOB – PWOGRAM ECHANJ PWODUI

KISA L YE- Echanj pwodui yo rele an anglè: product swap la se chanje w chanje pwodui ak yon moun.  Li ba w yon pwodui x pou w ka bal yon pwodui y.

POUKISA NOU FEL – Anpil nan nou renmen eseye oswa itilize nouvo pwodui. Pwodui ki fe zot byen pa foseman pwodui ki fe w byen, gen yon bagay ki mache pou chak moun. Nou konn fin achte yon pil pwodui nou pa janm itilize ki rete la ap gade nou san yo pap regle anyen. Nou pap jete yo, pa vre! Epat kob ki te achte yo? Men nou gen yon lot bagay nou ka fè avè yo! ECHANJE YO AK LOT MOUN KI VLE YO, KE YO FE BYEN. Lè konsa, nou pa pèdi!

Kidonk, pou ede nou nan sans sa a, n ap oganize yon ECHANJ PWODUI nan piknik Afro Alice la k ap fèt Jedi 17 Oktob 2013 jan sa paret sou www.afroalicepiknikht.eventbrite.fr

KEK ENFOMASYON SOU KOMAN NAP FEL

1- Moun ki vle patisipe nan pwogram echanj pwodui a dwe anrejistre nan peryod 10 Oktob 2013 apati midi pou rive 16 Oktob 2013, midi.  Nou pap aksepte lot moun apre delè sa a. 

2- Moun ki vle patisipe nan pwogram echanj pwodui a anrejistre le yo voye non yo, nimewo telefon yo, lis pwodui yo vle bay yo, lis pwodui yo ta renmen jwenn , valè ki rete nan pwodui yo vle bay yo an pousantaj, deskripsyon pwodui yo(nonl, kisal ye, sak fe l bon, etc) epi yon foto pwodui yo ba nou swa nan bwat resepsyon paj Afro Alice sou Facebook oswa sou email nou afroalice@gmail.com

3- Afro Alice ap kreye yon albom sou paj Facebook la ak tout foto epi enfomasyon yo resevwa sou pwodui a. Moun ki enterese e ki anrejistre pral gade foto yo nan albom sou paj Facebook Afro Alice la epi kominike anba foto yo ak moun kap fe echanj lan.  Afro Alice pa responsab kominikasyon ant de moun k ap fe echanj yo. Nou pap pibliye nimewo telefon moun k ap patisipe yo. 

4- Jou piknik lan, ap gen yon espas ki rezève pou moun ki te pwomet depi sou Facebook yap bay yon pwodui pou yon lot yo rive echanje pwodui yo.

Si nou gen kesyon, tanpri rele nan 4223-2805 oswa ekri nou sou paj nou sou Facebook oswa ekri nou sou afroalice@gmail.com

 

 

Please share your opinion/advice/comment with us

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s