Afro Alice Hebdo – Yon ti Pale ak Bèl Nègès

Afro Alice te pran ti tan pou fè entèvyou ak Christina Julmé, yon as nan motive moun pou ale pi devan, youn nan figi dèyè mouvman Bèl Nègès la…. Pran ti tan pou nou li sak vin apre a

 1-     Kiyès ki BèlNègès la? Pale nou de wou.

 Belneges se mwen, se ou, se tout ti fi ak jèn fi ki konnen e kwè nan sa yo genyen. Se pou sa slogan mouvman Belneges la se: Bote ANNDAN kou DEYO. Lè yon fi konn valè l, li konn kapasite l e l kwè nan sa ki pa gen pri, sa ap vin natirèl pou l pran swen sa je moun ka wè tankou po l, cheve l, zong li elatriye… Premye reyalizasyon mouvman sa a se blòg www.belneges.com nan. Chak semèn, nou pibliye 3 atik pou piti. Youn sou Bote Anndan, (lendi), youn sou Mizik Lavi (Mèkredi) e youn sou Bote Deyò (Vandredi) pou n ede tout ti fi ak jèn fi an Ayiti bèl toutbon vre.

Bèl Nègès

Bèl Nègès

 2-     Koman epi kilè w te retounen natirèl?

 Cheve natirèl janm te di anlè a, se youn nan ribrik sou www.belneges.com. Se sa ki esplike, olye nou di moun retire pèmanant nan tèt yo paske se cheve natirèl ki pi bon, nou sansibilize yo pito e montre yo ki benefis ki genyen lè w aksepte pran swen sa ki pou ou. E se konsa, nou pataje EKSPERYANS pito, olye nou pran foto cheve moun nou pa menm konnen ak pwodui nou poko menm itilize pou n fè pwomosyon yo nan ribrik sa a.

Se yon metòd k ap pran tan l pou l ateri paske se yon lòt mantalite. Men jiskaprezan fidbak yo trè pozitif.

 3-     Koman moun ki pwoch w te reyaji (fanmi w, zanmi w, koleg w, etc)

 Jiskaprezan, moun ki pa menm ap viv an Ayiti apresye anpil pwojè www.belneges.com nan. Gen anpil moun k ap swiv mouvman sa de prè pou gade ki kote l ap rive.

Mwen garanti yo, yo pap desi. Paske objektif  Belneges, se chanje konsepsyon BOTE a an Ayiti e fè l aksesib ak tout moun. Se pou sa, l ap trè bon pou yon fi swiv sa k ap pase sou sit la ak sou rezo sosyo belneges yo: https://twitter.com/BelNeges (Twitter) https://www.facebook.com/BoteAnndanKouDeyo?fref=ts (Facebook), paske patnè nou yo pral kòmanse bay pwodui k ap bon pou yo ak anpil lòt sipriz ankò.

 

4-     Kiyes ki te sipote w?  Kiyes ki te enspire w? 

 Enspirasyon Belneges la sòti nan lide pou edike e fasilite lavi tifi ki pral tounen fanm responsab nan sosyete a demen a travè BOTE. Paske jan anpil moun ka kwè l, bote pa sèlman makiye, bèl cheve ak bèl rad. Bote nou pale sou Belneges la se yon zouti pou yon fi devlope lavi l ak lavi moun k ap viv bò kote l.

  Pou sipò, jèn ti fi ki pa menm kapab achte yon sachè dlo, yon pate oubyen yon djin bay tèt yo, k ap di nou ki efò y ap fè pou edike tèt yo plis e kapasite y ap reyalize yo te genyen san yo pa t menm konnen, gras ak Belneges se pi gwo sipò nou te ka janm jwenn pou fèmouvman sa a rive sou plis moun chak jou plis.

 5-     Eske w aptravay sou pwojè ki gen rapo ak cheve natirel nan moman an?

 Nou gen yon chèn videyo k ap sòti ak plizyè videyo pou premye anivèsè www.belneges.com . e mwen garanti medam yo, y ap jwenn tout sa yo bezwen pou pran swen cheve yo, zong yo, po yo ak tout kò yo byen fasil. Sèlman ret konekte ak BELNEGES.

 6-     Ki rejim ou pou cheve w?

 Rejim nou pataje ak lektris fidèl www.belneges.com yo, se tout pwodui ki natirèl yo ka achte oubyen yo ka fè lakay yo KI PA VANN CHE. Paske gwoup belneges sible a, lajan k ap rantre nan men yo a pa anpil.

Se pou sa, nou prezante yo pwodui ki disponib an Ayiti, ki de kalite e ki pa koute anpil kòb. E nou sansibilize medam yo tou anpil, sou enpòtans sa genyen pou bote a sòti anndan yo pou l ka parèt sou figi yo. Sa vle di, sa y p manje ak bwè gen plis enpòtans pou nou ke pomad oubyen lwil y ap mete nan cheve yo oubyen sou kò yo a.

 7-     Kisa k fè w pi fyè deske w natirèl? 

 Aksepte sa w genyen e pran swen l se yon fason yon moun ka chwazi viv. E se pwomosyon sa a n ap fè sou www.belneges.com. Jan anpil moun kwè l e ap agimante sou sa, Cheve natirèl pa yon bagay ki alamòd e li pap janm alamòd paske si yon bagay nan kò w depi l fèt, se pa pandan ou nan ventèn ou pou w ta konnen se kounya a li alamòd.

 Se pou sa, n ap travay ak tifi ki pi piti yo pou ede yo aksepte sa yo genyen e kòmanse pran swen l depi piti olye yo rantre nan moul sosyete a deja prepare pou yo a k ap fè yo rejte sa yo genyen pou kouri dèyè sa yo pap janm genyen.

 8-     Ki mesaj ou ta renmen bay medam ki ap ezite anvan yo retounen natirel yo epi sa ki natirel deja yo?

 Konsèy la se aprann konnen poukisa li enpòtan pou pran swen sa ki pou ou e aksepte ou pi bèl ak sa ki pa w paske jan pawòl la di l la, chodyè prete pa bouyi pwa kreve. Retounen viv ak cheve natirèl ou a se youn, men ou ka toujou pran nan pyèj, fòk cheve w long paske se sèl cheve long ki bèl oubyen fòk cheve m menm jan entèl, fòk mwen achte pwodui sa a kanmenm… Tout sekrè a chita nan KONNEN SAW GENYEN YO SE YO KI PA W E SE YO KI FE W BEL.

 L ap pran yon ti tan pou aksepte sa, se pou sa mwen envite w depi kounya fè zanmi ak http://www.belneges.com.

 

 

 

 

 

 

Please share your opinion/advice/comment with us

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s